DOUS MAKÔS😍😍😍 lè pwezi makonnen ak lanmou li plonje w nan yon pwofon reyalite ,lè kô m kontre ak pa w nou tankou fil ki elektrifye, lanati tounen rega l sou nou, lyon yo vin repoze sou nou pou yo ka kabicha, legzistans jwenn vi nan chak rega n ou s on danmijan n ki pa gen bouchon cheri myèl pa pi dous pase w, se pou sa m rele w Dous Makôs mwen m swete n kontinye benyen nan oseyan pwezi a Dous makôs pa senpman yon rekèy pwezi men li se yon temwayay vivan de yon lanmou reyèl, m swete w li l chapit aprè chapit san manke youn