ajoupa m

27 1 0
                                    

M vle w
ajoupa m

Paske w se lonbraj
Ki ka pwoteje m lè
Solèy la ta vle pike po m,

Ou reprezante chak ti pay
Ki ka kouvri m lè lapli
Ta vle mouye m,

Se nan ou mwen ka jwenn
Refij ak abri lè gwo van
Tanpèt ta vle pote m ale

         Elvenson ARRIVANT
              Powèt lib

Echantiyon mOù les histoires vivent. Découvrez maintenant