Part 1

202 17 0
                                    

     Tacha: allo...kouz kibòw ye la?

Nadia: mwen kanpe bò kote yon machann pòm wi kouz.

Tacha: ok...banm gade poum wè.

    Nadia pantan lè li wè yon machinn kanpe bo kotel lan epi li klaksonnen. Li wè Tacha desann machinn nan, li salyel epi li pran valiz li yo met nan machinn nan. Aprè yo monte e Tacha derape.

Nadia: kouz...ou bèl!

Tacha: mèsi bb.

Nadia: pou ou machinn sa?

Tacha: wi. Mennaj mwen ki ban mwenl.

Nadia: Oh...ok

Tacha: kòm se lundi lekòl ap ouvri, demen wap tou al enskri. Saw panse? mgentan aranjem ak direktè a pou li resevwaw.

Nadia: Ooh merci kouz. Ebyen mpa gen pwoblèm non.

Tacha: kote ou pwal rete a rele ruelle Chrétien, sou lalue.

Nadia: ok...wap viv poukont ou?

Tacha: wi...depi lè manmi mouri an. Patrick pati li pa janm tounen ni mpa gen nouvèl li.

Nadia: janm te anvi wè kouz mwen sa a. Hummm.. li te toujou gen yon ti jwèt pou lap fè avèm.

    Lè Tacha rive lakay li, li montre Nadia kay la epil tou bal chanm li. Li montrel sèvant lan.

Tacha: kouz...sa se chanm ou. Ou mèt alèz, e kèlkeswa saw bezwen an wap jwenn li ak rezèv. Mpwal rele matant mwen poum dil ou rive.

Nadia: ok kouz.

   Nadia kanpe lap admire chanm yo ba li an, bèl kabann 2 plas la. Epi aprè li kòmanse ranje rad li. Aprè, dòmi vinn pranl. Tacha vinn level li fèl al benyen e aprè yo al manje.
Pandan yo chitw nan salon an, yon zanmi Tacha pase wèl. Nadia leve li al nan chanm li.

Sandra: Tacha ma chérie, komanw ye?

Tacha: mwen byen kkt. Ou byen tonbe...

Sandra: esa map gad la wi...kibò ti bagay ki te chita la a soti?

Tacha: kouzinn mwen wi. Li sot okay. Yo pa vlel gwòs l, yo voyel ban mwen.

Sandra: matant ou pa byen nan tèt. Li ta bezwen ranje pitit fil, se anba je bwasèz tankou nou li voyel.

Tacha ri

Tacha: antouka...mte gentan bay direktè lekòl la de flanbe la poul pranl pou mwen ak yon rediksyon sou frè pou ane a jikaskel fini ak radòt lekòl li a.

Sandra: bon ou pa fini lekòl epi li pwal fini li menm... poul vinn pran nèg ou yo nan menw?

Tacha: kisa? non, pa gen sa. Epi se yon bon timoun li ye. Tout sam dil fè lap fè.

Sandra: se sa...Marc ap mennenm nan lanmè demen wi, ou pa prale?

Tacha: non...map soti avel.

Sandra: an ok...yo voye pitit baw okipe.

Tacha: Se kouzinn mwen, kisaw vlem fè?

Sandra: antouka...degajew avèk li janw kapab.

Tacha: map tann li gen 18ans poum fl komanse travay ban mwen. Fanm vyèj pa ret nan kay isi a.

Tacha ak Sandra ri epi yo bay lamen.
    Pandan se tan, Nadia li menm, lap panse ak tout ti zanmil yo ke li kite dèyè a. Se te bèl plezi lè yo pwal nan rivyè a ansanm pou yo al lave, benyen e bay blag.
Men kounya, li twouvel yon lòt kote san manmanl, san ti zanmil yo. Sèl sa li genyen kòm bon ti zanmil, se ti yoyokana yo te achte ba li avanl vini an. Menm sil poko konn kòman li fonksyone byen, men kanmèm li jwenn ti jwèt sou
li poul jwe.

NADIAWhere stories live. Discover now