5. Twa jou

49 6 2
                                    

~Marèl Mo~
Enejii

22 me 2021

Twa jou
Mwen konte yo
Sa fè twa jou

Twa jou depi m pa ka tande vwa w
Twa jou depi sole mwen fonn nan lannwit
Twa jou depi mab remò ap takle nanm mwen

Rèv mwen opoze l ak je m ki pa fouti wè w
Tande m, wè m, tout swaf esans ou
Absans ou kite yon vid ke m pa fouti konble

Nan yon ti tan tou kout tout linivè m te chavire

Twa jou
Depi m vle fou
S on chay ki twò lou

M ap gade tan an ki pa sispann jwe lago
Pwezi m k ap niche pwent plim li
Lespwa m k ap seche sou pye

Epoutan je m poko jan m wè w nan lento a

Nanm mwen menase kite kò m
Ou t antre n on wonn ak kè m san tranzisyon
N on kous san fen, san fren... m atenn Makaya foli

Depi lè sa a, lavi m se twa jou

Se twa jou nan sann
Twa jou ap tann
Pandan tristès ap ban m gagann

Tout balèn fin etenn
Nanpwen fòs pou priyè
Nan pye w dlo je m ap neye m

Men m ap tann
M ap kontinye
Twa jou epi tout bagay ap reprann

Pase pran m, m a pase chèche w
Paske se sèl ak ou m sele tèt sous plezi...

Marèl MoWhere stories live. Discover now