Yon souri solèy

94 14 1
                                    

Yon ti van fre
Solèy la fon kache
Je w nan je m
Men w nan men m

Ak je m menmsi w tou vèt
Map prese keyi w
M pap pase pa rakèt
Chou se mwen k ap jwi w

M pa te vle van bwote w
Van jènjan mal pyese
Nan de pla men l kè m t ap pote w
Tankou kap ki mal kole

Ou fè m yon je dou
Toudenkou m dous kon rapadou
Nanpwen bèl moman pase sa
Sou lèv nou yon souri solèy t ap taye banda

M renmen jan w gade m
Tankou se vitray Sentrinite
Pa pale! Gade m
Tan an pral kite n anvan nou bat je

Lè w gade m
Andedan mwen dife pran
Chalè dezi m fè karès ou tounen bra balan
Ma bay tout sa m genyen pou w pa sispann gade m

Nan vwayajan m
M ap fè plizyè eskal
Byen fon nan malan m
Yon mwatye je w, yon souri solèy

S.L.M.C aka Enejii
D'Eau et d'Encre

Marèl MoWhere stories live. Discover now