mwen songew

1K 21 8
                                    

Mwen songe gou bouch ou sou po m, k ap karese l tanku se yon ti van k ap pase nan mitan pli m sou po m.
Mwen songe le m t konn rele w manmi, chak fwa w di m mwen anvi bo w papi ou fè chè de poul leve sou po m.

Mwen songe vwa w k ap karese zòrey mwen chak fwa men m kole ak po w.
Mwen p ap sèmante men toniskrizet mwen, se te pi bèl melodi.
Sitou lè lang mwen ap chechè lang u pandan map bo w.
Mwen pap bay tête mwen manti avè w mwen te santi m an amoni.

Mwen songe tou ou te meyè zanmi m.
Sa m t konn renmen se lè w t konn di m, ann kite mennaj mwen envi pale ak meyè zanmi m.
Tout sa yo fè pati de méyè souvni m.
Jiskaprezan tout sa m swete se pou w retounen nan vi m.

lanmou an kreyòlWhere stories live. Discover now