yèreswa

1K 7 0
                                    

Yèreswa, pandan lapli ap karese zòrèy nwaj yo pu bal pasaj.
San lizaj li rantre nan lakou lakay mwen.

Non li pat pou kò l, san pèmisyon m, ak van l t vini an bwote chak grenn vye fèy tòl ki t mal klouwe nan yon vye bwa depakat l al lage yo douvan pòt vwazinaj la.

Sa ki fè ladedan kay la inonde, watadi c lè lavalas pase desann ranmase tout ti rès tè ki t rete anwo mòn lan.

Lè l fin pran pil tan pu l vini, lè w resi wè je l ebyen plichon gentan fini ak jaden men l pap ale konsa, non fout! li pap pase l pa pran anyen.

Anba yon kout tanbou byen woule, loraj la chante yon senfoni, fè kò m fremi, fè mi reflechi.

Chak kout bagèt li vide sou do tòl la te sifi pou fè m leve danse, men bò kote m, pat gen plas pou dans, tan m te fin pase nan plase vèso anba goutyè.

Men li bon, paske la lave san, ak malpwòpte ki detèn su blan ki nan dwapo n.

Ak espwa, lè l fini la limen solèy la ki tenyen nan peyi nou, li a kouri dèyè lanjelis ki blayi andedan nou ki fè nou bliye mounite nou.

LIVREM 😊

lanmou an kreyòlWhere stories live. Discover now