ATANSYON

179 12 0
                                    

Yo te dim atansyon menm tap kouri san fren.
Yo te dim lanmou sonw machin men m tap kouril an tren.
Donk pyem rate, m tonbe.
M konfonn vitès ak presipitasyon.
Donk m'ale vit menm pat rive a destinasyon.
Sa vle di lanmou tire sou mwen em sonbre.
Ou dim fè atansyon poum pat renmenw menm tonbe damou.
Mwen diw fè atansyon pou dlo jew pa benyenm menm tonbe nan labou.
Manmanm dim atansyon fanm se kajou lè poul repare.
Menl tounen pine lè poul opere.
E ou prouvem vre ke on moun dwe renmen menl dwe tou pare.
Li dwe gentan bay tèt li anestezi pou lè nan kèl lanmou ap opere.
Lanmou te dim atansyon paskel pa jwe.
Paskel ka lagem nan tou sanzatann.
Mwen m te ril em te dil m wè kotem ap met pyem san li paskel pa je.
E pou sa li koupe souf mwen ak tout zapatann.
Tout ex mwen tap dim fè atansyon paskew alèz a de pyew kou Dembele.
E mwen m tap jwe an real se aprè 5 goal map di danm!! M mele.
Ou fèm kriye kou larivyè men malgre sa m tap veye pouw pa neye.
Ki fèm konstwi on lach nan kèm kou pa Noye.
Patnèm yo te dim atansyon paskew fè loray gwonde anba solèy cho.
Ew fè lavalas poze menm lè anba solèy cho.
Men mwen m te pran m pou aristid m te panse se mwen kap fè la lwa.
Men rapid vit ou fèm konprann ke grenn diri ki pi cho nan chodyè an se nan graten l'al wa.

L.A.N.M.O.UWhere stories live. Discover now