ONÈT

145 12 1
                                    

Tan an ka kanpe lè ou nan de bra an mwen.
La nati kontinye egziste men an ralanti lèm tande vwaw.
Ou menm ki sèl monitè nan deba an mwen.
Mwen m se destinasyonw avan depaw.
Bouch mwen renmen bouch ou,kòm renmen kòw e men m renmen pwent tetew.
Banm on plas nan kèw e mwen sou kabann mwen map jwenn yon pwen m metew.
Si fredi lavi anvayiw pa ezite sou pwatrin mwen vin blotiw.
Men cherie rann mwen yon sèvis pa mandem plis ke sam ka ofriw.
Alòs pa mandem tanm, pa mandem pwojè, pa pale de maryaj.
Paske m pa kwèm renmenw men manviw,ann met tout bagay aklè dèle demaraj.
Manvi bay lang mwen viza poul vwayaje sou tout kòw.
Manvi met gouyad mwen sou batow poul akoste nan tout pòw.
M renmen lèw ap site nonm nan 4 lang.
M renmen lèm pral vide baw e wap tann.
Manvi fè tout varyasyon nòt miziksal yo sou ak renm.
Manvi trase kat jewografik, 5 kontinan sou pow ak menm.
Manvi poum ap baw fil, pouw ap banm chèn e poum pèdi nan may ou.
Manvi tatouwe chak backchat,pan kabann, chak ti bo, chak alsiyis nan may ou.
Map la poum fofile anba draw.
Menm pap la poun mache men nan men ou bram nan braw.
M pa vle fèw kwè sak pa sa,metew nan ilizyon pou aprew pa di kem fèw mal.
Mais crois moi ma beauté j'ai envie de te faire du saaaaalllleee.

L.A.N.M.O.UWo Geschichten leben. Entdecke jetzt