NOU 2

160 10 0
                                    

Se mwen avew kont lavi.
Se nou ki pral detounen lanmò.
Wi se ap nou 2 menm nan maladi.
Se pral maryaj lespri nou ak kò.

Se nou 2 kont le mond.
Kont sa zòt ap di.
Nou 2 kont sa yo panse.
Nou 2 plis lanmou, miltipliye pa nanm.

Se pral mwen avew kont betiz mwen.
Mwen avew kont foli jènnjanm'.
Mwen avew kont fèblès ak eskiz mwen.
Poum ka vanse se mwen avew kap pousem nenpòt jan.

Se nou 2 anfèt se ap nou 2 siw ta banm chans flannen nan jadenw.
Se tap nou siw ta banm plas nan machin lanmouw.
Se tap nou 2 siw ta deside bay le mond do pouw fèmenm nan kretyenw.
Se ap nou 2 siw kitem fonn avèw poum vin pati entegrant nan ou.

Se ap nou 2 le jou ou konprann ke lanmou pa rete sèlman sou estati whatsapp.
Men kel donnen nan kè gras a ti jès e tandrès,atansyon ap la poul estat.
M pa vlew kwè ke se pral nou 2 sèlman paskem vlew pote nonm e pote kontinite ras mwen.
Paskem konnenw ap renmen bontem, kalitem, wap aksepte defom e sou pow,nan nanm ou wap pote tras mwen.

Ke yo boude.
Banm sekrè kèw.
Se nou 2.
Wi Se mwen avèw.

L.A.N.M.O.UOnde histórias criam vida. Descubra agora