yon senp pawòl

14 2 2
                                    

Yon senp pawòl

Yon senp pawòl ka blese
Konsa tou li ka panse
Yon senp pawòl ka detwi
Konsa tou li ka edew konstwi
Yon senp pawòl ka fèw kokobe
Konsa tou li ka edew devlope
Yon senp pawòl ka pote divizyon
Konsa tou li ka mete linyon
Yon senp pawòl ka dekourajew
Konsa tou li ka ankourajew
Yon senp pawòl ka gache avniw
Konsa tou li ka anbeli fitiw
Yon senp pawòl ka fèw kriye
Konsa sa tou li ka seche dlo nan je
Yon senp pawòl ka anpire
Konsa tou li ka simplifye
Yon senp pawòl ka kondanew
Konsa tou li ka kontribye a libètew
Yon senp pawòl ka fèw jwenn zanmi
Konsa tou li ka fèw gen lenmi
Fòk ou Veye lang ou
Veye sa k'ap soti nan bouch ou
Paske yon senp pawòl ka gache yon vi
Yon senp pawòl pa yon bagay piti

Otè: Shekinah Charles

une Goutte de mes penséesΌπου ζουν οι ιστορίες. Ανακάλυψε τώρα