pouki se mw

10 2 2
                                    

Pouki se mwen

Pouki se mwen lavi a deside bay do
Pouki se mwen k'ap pran kout kouto
Kè m ap dechire
Souf mwen ap koupe
Dlo ap glise sou machwè m
Li ateri sou zòrye soufrans kè m
Mwen anvi rele mwen paka rele
E menm sim rele pa gen moun k'ap konn kotem ye
Mwen limen balèn mwen pa wè chimen m
Mwen ouvè kèm mwen pa jwenn moun ki Renmen m
De jou an jou tristès mwen ap anpire
Pi plis chak jou dlo nan jem ap koule
Silans mwen ap toufe m
E sim pale w'ap etrangle m
M'ap viv pami yon bann ipokrit
Yo vle valem sanm Poko kwit
Yo toujou prè pou yo chouchoute m pou yo bo m
E le mwen pa la yo pran pale sou do m
Menm si lajwa m ta vinn jodi
M konnen soufrans mw dèyè
Menm si yo ta souri ave m jodi
Mwen konnen dan di a dèyè
Depi gen sòsye ap toujou gen sò
Se kouraj pouw pran paske demen pap miyò
Depi gen diksyonè kontrè ap toujou egziste
E Depi gen mal ou pap janm viv ere vre

Otè : Shekinah Charles

une Goutte de mes penséesWhere stories live. Discover now