lanmou se tankou

9 1 2
                                    

Lanmou se tankou

Lanmou se tankou
Kouran an Ayiti ou pa janm finn abitye ak sa

Lanmou se tankou
matematik ou ka kòmanse byen yon senp ti erè fèw pèdi tout sa ou te gentan gen avant

Lanmou se tankou
Yon jwèt kat Li difisil pou pa jwenn koken

Lanmou se tankou
Manje yon joul ka gou, yon joul ka pa gou sa depan de tanw ba Li, janw fèl Jan w jerel

Lanmou se tankou
Jwèt aza ou ka pèdi ou ka genyn sa depan de janw jwel

Lanmou se tankou
Te asowosi ou ka Poko janm goutel men jan yo pale de li ou gentan konnen Li bon men konsa tou Li anmè

Lanmou se tankou
Radyo Zénith Li ka fè tout tan l Li cho yon sèl kou Li frèt

Lanmou se tankou
Machinn siw pa verifyel pou repare ti erè ki gen ladann yo Li ka rete Li kraze nan menw

Shekinah Charles

une Goutte de mes penséesOù les histoires vivent. Découvrez maintenant