20

9 2 0
                                    

📚MA SOEUR UNE RIVALE📚

✏️Écrit par: Stanylla Beaubrun(StanyLova)

📖Episode 20

📚💕💕💕💕💕💕💕

🏆Le seul endroit où le succès vient avant le travail est "dans le dictionnaire".✨✨✨✨

Page facebook: https://www.facebook.com/StanyLova-Feyton-1056134827909477
💗💗💗

〽️〽️〽️〽️〽️〽️〽️〽️〽️〽️〽️〽️
✨Jerry soti ak Sherlie, li mennenl nan yon restoran ki trè klasik, yo antre yo chita. Youn ap gade lòt.

Jerry: ou vrèman bèl wi!!!

Sherlie: merci. Ou resi envitem soti, mpata ka pa bèl. O kontrè mtwouvem on ti jan two senp.

Jerry: pa agrave bagay yo Sherlie. Hum...kisa wap kòmande la?

Sherlie: chwazi pou mwen, map wè siw gen menm gou avèm.

Jerry: euhhh...saw panse si nou pran pwason gro sèl lan ak yon ti bannann?

Sherlie: très bonne idée.

Jerry: et jus an?

Sherlie: cerise!

Jerry rele sèvez lan, li kòmande de pla ak de vè ji.

Jerry: bon...èskew konn rezon kifèm envitew la???

Sherlie: non, em santi ke se pa pou yon bagay san enpòtans. Mwen prè poum tandew.

Jerry: ouais, se sa. Mwen te anvi nou chita pou pale yon kote ke moun pap deranje nou.

Sherlie: pale de kisa?

Jerry: konpòtmanw vizavi de mwen menm!

Sherlie: ou sûr ke se de sa sèlman ou anvi pale?

Jerry gade tout sal lan epil panche poul pale avèl

Jerry: tout bagay ladan. E pou kòmanse, map fèw konnen ke mwen pa renmen atitid ou ditou, se sa ki koz mwen pa janm baw yon repons ki pozitif konsènan sa ou vle an.

Sherlie: ki atitid?

Jerry: ou ap pran nèg adwat, agoch. Ou konn saw ap fè yo trè byen e malgre sa wap fè kòmsiw pa konprann de kisam vle pale.

Sherlie: mdiw sa deja...depiw aksepte avèm map chanje tout bagay.

Jerry: kisa bagay sa vle di? Se yon deal nap fè?mpa renmen tande lèw ap di sa non. Drive ak tout nèg ou kwaze, se pa sa kap fè yon gason renmenw. Ou ap plede pran gason anba jem, ou menm soti ak kouzenm epiw ap fè yon pakèt bagay pou atirem, kisaw vle alafen? Ou sèlman vle itilizem oubyen ou vle rive lwen?

Sherlie vinn nève

Sherlie: èskew anvi di ke mwen se yon bouzen??

Sèvez lan pote pla yo, sa koz Jerry pa kouri reponn li.

Jerry: merci!

Sèvez: De rien! Bonne Dégustation!

Lè sèvez lan ale, Jerry gade Sherlie

Jerry: bon... tu te comportes comme une traînée Sherlie!

Sherlie: ou okouran ke gen bagay ou pa ta dwe dim? Hein?

Jerry: menm si se la verite?

Sherlie bese tèt li.

Jerry: ann kòmanse manje pito.

Sherlie pa di anyen.

Jerry: lanmou pa konplike non chère, se nou ki ap konplike bagay yo ak tout kalite pwojè san sans nap mete devan. Msanti ou genlè poko janm pran sans saw anvi fè an. Sim te yon vagabon mtap fèw soufri, mtap jis fè sam ap fè a epim lagew, mtap kite kay la sim paka viv bò kotew. Men mwen pa nan nivo poum nan jwe ankò.

Ma Soeur, une RivaleWhere stories live. Discover now