14

6 1 0
                                    

🌼🌼MA SOEUR UNE RIVALE🌼🌼

🌴Écrit par: Stanylla Beaubrun(StanyLova)

🌼🌼Episode 14

🌴❤️🌳🌳🌳🌳🌳❤️🌴

🏆Le seul endroit où le succès vient avant le travail est "dans le dictionnaire".✨✨✨✨

🔰
   Twa jou aprè, Cassy ak Kimy rankontre pandan yap sot travay. Yo fon chita bò lari a.

Cassy: kòmanw ye la?

Kimy: anfòm e ou?

Cassy: mla wi! Nap gade san pran. Kòman yap jerew nan studio a la?

Kimy: seum...hum...Fi mtande ki mèt studio a son fanm ki tèlman frekant, otoritè. Mpaka wèl non. El bouzen!

Cassy: sam wè a ki frekan an?

Kimy: wap konn jòj! Epi...pouw ta wè bèl maril...yon ti diri san pay pitit. Nèg la tèlman cute e byen kanpe, men li genlè renmen fanm ki senp. Yon bèl black bouch woz...bouch li bèl... Map pran nèg sa nan men manzè kanmèm baz!

Cassy: oh ou serye? Ou pa pè mouri ou menm?

Kimy: ooh pa enkyetew! Dayè mkòmanse chèche atirel, lèl pase nan studio a, si madanm li pa la e mwen ki al dèyè manje nan resto tou pre an pou li, li konn vinn fè zong li, se mwen ki fè yo.
Epi manman tenten an genlè gen lòt nèg wi, e se nèg sa ki bal jere studio a. Sil te ka fwenk kitel epil pran studio a mtap kontan epim tou antre anbal, le jou mta wè fi sa ak yon nèg...mwen menm kap fè misye kenbel.

Cassy: lolll esam konnen...lestomak glise🤣🤣

Kimy: li plus ke glise. Lèm wè yon fanm gen yon nèg ki pa pè depanse, epi lap kale kòl sou li, sa fèm plezi. Paskem wè se rele lap relem vinn pranl.

Cassy: hummm...ann kite koze sa pitit!jew pa tonbe sou Maliah? Ou pa pale avèl?

Kimy: kotem wè moun konsa. Mwen wèl ap fè makak pou yon moun ki pa menm bezwenl. Maliah ap sal kòl!

Cassy: mezanmi pitit. Bon... kanmèm kitel tante chans li.

Kimy: sam wè a la ka jere nèg? Te kwè se kòl lap pouse! Ou janm wèl ret ak yon nèg pou de semenn? Li san cham!

Medam yo kale kont pwa yo jiskaske Cassy resi leve li ale, lap mache lap pale poukont li.

Cassy: si Maliah paka pran nèg sa map pranl wi mwen menm, Kimy pap souse yon mant. Mpa konn afè zanmi devan dosye sa yo. Kimy an li menm, mpa bal madichon men se nan mari moun lap mouri.

🔰 Carla ak Stephania ap sot travay, yo pase manje nan restoran avan paske yo te grangou.
Yo finn kòmande, epi yap manje...yap dyaloge, gen kèk tan yo pa chita pou fè sa akoz Carla pa gen tan, li gen mari nan kay. Donk li paka fè twòp tan deyò.

Carla: kòman sa ye ak Wendy la menm seum?

Steph: Nou la...ou konnen mdil wi...kounya nap eseye gade kibò bagay yo ap mennen nou. Mbyen renmenl!

Carla: hum antouka mkontan. Sèlman, kale jew wi. Wendy gen anpil fanm dèyèl daprè sa Eric dim, pa kite okenn epav vinn pranl nan menw.

Steph: pa enkyetew, fwa sa mprè poum goumen!

Carla: kòm se dezyèm mennaj ou. Ou dwe konnen fòk ou soti avèl pafwa, toujou bal ti surprise, ti kado, fè kèl kontan. En résumé, gatel. Pou lòt fanm pa jwenn pasaj pou antre. Epi rete cool, ou wè yon lòt fanm ap vire sou li, fè kòmsiw egare epi tann moman fò a pouw atake.

Steph: apre sa Sherlie te finn fèm nan, mpèl wi. Poul pa al eseye brize relasyonm ankò. Wendy vinn lakay la, tifi sa al kouri anbrasel tankou yon moun li konnen jis poul ka fèm fè jalouzi.

Ma Soeur, une RivaleWhere stories live. Discover now