9

5 1 0
                                    

🌸🌺MA SOEUR UNE RIVALE🌺🌸

🌺Ep.9🌺

⭕⭕Écrit par: Stanylla Beaubrun(StanyLova)

            

🌸💮🌺Episode 9🌺🌸💮

     Nan demen maten, Jerry pantan nan dòmi,  li gen yon tèt fè mal.
Li santi yon bagay lou sou li, li panse se mennaj li an ki dwe la. Li pran pase msnl nan cheve moun nan, epil monte vizaj li...Lèl pran sanl li gade figi moun nan li wè se Sherlie e yo tou de ni kò.
Li kouri leve kanpe el pouse Sherlie.

Jerry: kètttt man! Sherlie kisaw ap fè la?

Sherlie: ooh saw gen la? Granm maten sa ou annit leve wap fè bri nan tèt mwen...pousem oh! Konsa yo montrew reveye moun?

Steph tap pase nan koulwa a, li tande pale a, li tou rete ap tande.

Jerry: kisaw ap fè nan chanm nan la m mandew? Kòman fè nou toutouni? Sou menm kabann ankò!

Sherlie: ooh bby kote saw pa konprann nan la? Tu es un idiot, alors?

Jerry: sa vle di ou pwofite pandanm sou an pouw kouche avèm?

Sherlie: menw te dakò...se ouk te ralem vinn jwenn ou.

Jerry met menl nan tèt li

Jerry: ki tenten wap dim la? Kisaw te pèdi nan chanm mwen alòske mwen sou...mpa konsyan de anyen? Yon antrav ou ye wi, genlè se kay la map kite pou ou. Kounya si Terry aprann sa kisal pral panse de mwen? E siw ansent?

Sherlie: map pran pillule wi.

Jerry: ou pa seryez non.

Sherlie: ou pa sonjem te diw menm si se par la force map pranw? Map fèl,  sa se tokèt la...chay la dèyè cheri. Alewè fanm ou avè a pa menm fidèl epiw refize kitel.

Jerry: wouch sa pa regadew, ok...Sherlie banm chanm nan svp. Ou banm pwoblèm!

Sherlie: Jerry...msèlman renmenw. Pa gen yon mal nan sa,  mpa wè poukisa wap bay tèt ou tout pwoblèm sa. Siw renmenm...jis kite moun ki avèw lan epi vinn jwenn mwen.

Jerry: ou panse sa fasil konsa? Hein! Relasyon pa vle di anyen pou ou? Redesann sou tè tande!

Sherlie: sa vle di ou gen santiman pou mwen tou??

Jerry: Sherlie...nou se dezyèm fanmim...mte konsiderew tankou sèm. Sèlman nou pa gen menm sang. Mpap janm ka pranw pou fanm!

Sherlie: retire sa nan tèt ou paske nou pa frè ak sè ok. Sispann fè tèt ou soufri e vinn jwenn mwen. Sa moun ka panse oubyen di pa enteresem. Epi li twò ta pouw panse ak sa tande paske nou kouche ansanm. Msensè avèw wi. Em renmenw depi lontan mjis potko vle admèt li.

Jerry: ou menm sa ou konn sensè ak moun?

Jerry chita sou kabann nan

Sherlie: oui, ak moun ki meritel. Èskew sonje lèm te gen dizwitan, mte ale nan yon pwogram kay yon zanmim alòske papam te entèdim soti? Yon demwazèl te manke nwayem nan yon pisinn, li te dim kem pran mennaj li. E se ou mte rele vinn chèchem paske tout moun te konnen mwen nan chanm mwen map etidye poutan mpat nan kay la. Ou te al chèchem, ou te defann mwen ew te potem ou ale avèm nan machinn nan. Se depi jou sa mkòmanse devlope santiman pou ou.

Jerry: mka mandew yon bagay?

Sherlie met ajenou nan pyel

Sherlie: tout saw vle bb...

Jerry: siw pa vlem kite kay sa...kitem trankil...fè kòmsiw pa wèm...bliye sim tap viv la paske ou deranjem. Deja ou pa konn saw vle epiw ap pèsekitem met sou li ankò.

Ma Soeur, une RivaleWhere stories live. Discover now