11

13 1 0
                                    

🌸🌺MA SOEUR UNE RIVALE🌺🌸

🌺Ep.11🌺

⭕⭕Écrit par: Stanylla Beaubrun(StanyLova)

🌸💮🌺Episode 11🌺🌸💮

   Sherlie: poukisaw pa bay sam di yo enpòtans? Owww!

Jerry: ou konn kilè ma bay saw ap di yo enpotans? Lèm a wèw vinn sage, sérieuse e lèw a sispann pran gason, manje lajan yo, ba yo poto epi fè kòmsi ou miyò pase yo. Lèw ap mache pran gason konsa, se ou kap perdu diyitew, nou menm gason nou pa gen anyen poun perdu. O kontrè yap rele nou jennjan paske nou gen anpil fanm. Sim te vagabon mtap gentan pase sou ou lontan, se pa mawozo mwen mawozo...se pa koze mpa konn koze ak fanm. Mjis fè respèm.

Sherlie: chak jou map toujou diw mwen renmenw.

Jerry: chak jou lèw dim sa map toujou raplew ke toutotan ou pa chanje mpap baw yon chans ew pa bezwen panse mpwal chita ap tann ou chanje.

Terry parèt tou dousman, Sherlie pantan.

Terry: ebyen sam te panse an se te sa!

Jerry met de menl nan pòch li.

Sherlie: Terry...banm diw...

Terry entewonp li

Terry: silans ou menm. Mdakò ou granmoun e ke vie privew pa dwe enteresem men pou nap kouche sou dom la mpat imajine sa a vre. Menm si yo ta dim sa mpatap kwèl. Bien que map swiv nou kèk jou nan kay la, mpa enbesil!

Jerry chita

Jerry: saw panse a se pa sa Terry. Ou konprann bagay yo mal. Poze sanw pou nou pale.

Terry: mtrès calme Jerry. Mkonprann bagay yo mal dans le sens que ou menm avèl,nou youn renmen lòt e nou refize admèt li? Pavre? Nou kouche ansanm epi nap fè tèt nou konprann ke se yon erreur ki pase? Kisa moun pwal di de nou? Mkare bon zanmim ak pwòp sèm anndan kay la? Pavre? Bon kom nou granmoun, na jere koze nou.

Sherlie: mon frère, sa moun ap di de mwen pa entèresem. Mwen renmen Jerry e mwen vle genyenl pou mwen.

Terry: ou leve ak Jerry wi Sherlie. Ou seryez? Ou fòme devanl wi.

Sherlie: ou konn depi kilèm renmenl??? Pa foure kòw nan saw pa konnen.

Terry: ah bon! Pardon. Mswete tout bagay mache byen pou nou. Sèlman pingam tande way...

Jerry: pa gen anyen ki pwal mache byen ok. Mwen ak Sherlie pap janm ka ansanm paske nou diferan.

Sherlie: ou janm wè yo mare de pol pozitif ansanm? Jerry...banm yon chans o mwen.

Terry: wap supliyel poul antre nan view? Talè! Se yon film?

Sherlie vire li ale

Terry: èskem ka konprann ke ou kouche avèl?

Jerry: se te yon erreur,mwen te sou...li antre nan chanm mwen en pleine nuit,mpat konn anyen.

Terry: paskel abitye antre! Pa gen yon lè mte jwenn li nan chanm ou deja? Sak pou dim sil pa antre yon valè fwa deja?

Jerry: mte gentan konnen bagay sa ka fèw perdu konfyans nan mwen e menm gate amitye a esak fèm pat janm metew okouran. Antouka...se plas mwen ki pa la, map kite nou viv byen an famiy...
mpwal kòmanse chèche yn apart. Map kite kay la!

Jerry soti li monte machinn nan li chita.

      Nan demen,Stephania al travay, pandan gen yon pause  li rete ap pale ak Clara.
Yo chita yap manje epi yap pale

Ma Soeur, une RivaleWhere stories live. Discover now