26

8 3 0
                                    

📚MA SOEUR UNE RIVALE📚

✏️Écrit par: Stanylla Beaubrun(StanyLova)

📖Episode 26

📚💕💕💕💕💕💕💕

🏆Le seul endroit où le succès vient avant le travail est "dans le dictionnaire".✨✨✨✨

Page facebook: https://www.facebook.com/StanyLova-Feyton-1056134827909477
💗💗💗

🔹
Pandan Stephania ap antre, lal tonbe fas pou fas ak Sherlie ki kanpe, de men sou anch li.

Sherlie: mbyen kwaze avèk ou jodia wi. Kòm ou toujou ap kouri pou mwen.

Steph: mdwew?

Sherlie: pitow te dwem! Ki tenten ou fèm la? Ou soumoun anpil wi!

Steph: de kisaw ap palem la?

Sherlie: epi jew chèch met sou li ankò!
Ou al sou telefòn mwen, ou voye mesaj bay Jerry...fè tinèg la rayim e al fè yon mwa deyò. Li pa pran appel mwen, li fache avèm sanm pa konn poukisa.. Poukisaw te fèm sa menm?

Steph: valè fwa wap annuyem, rann mwen lavi enposib, ti kal bagay sa fèw mal?

Sherlie: wi, li fèm mal! Em ta byen renmen konn poukisa ou fè sa...mpata kwè ou ta vinn renmen Jerry sou mwen la!

Steph: epi? Mtap remèt yon kou pou kou!

Sherlie: zo pwason sa tap koke nan gòj ou. Mpap kite nèg sa pou pèsonn.

Steph: e lik pou dil wi, e pa ou menm. Ou gen twòp espwa.

Stephania ale poul antre, Sherlie kenbel

Steph: machè, jan kèm kontan la mpa sou fè diskisyon tande. Banm pase stp. Nou tankou de timoun piti.

Sherlie wè bag la nan dwèt li

Sherlie: ah bon! Nan dwèt kiyès ou sot vòlè bag sa?

Steph: nèg mwen ki ban mwenl!

Sherlie: nèg ou???

Steph: oui oui! Papa pitit mwen.

Sherlie: se byen, mwen ak papa pitit mwen tou wi.

Stephania gadel

Steph: de kisaw ap pale la?

Sherlie: e sèl ou ki ka ansent? Mwen ansent epi mwen ansanm ak Jerry! Tout bagay kòrèk kounya!

Steph: talè...tout sam fè fòk ou fèl tou? Epi kote Julio?

Sherlie: mpat prevwa poum te ansent, Jerry patko avèm. Epi de ki Julio wap vinn palem la? Dat nèg ou an al Sen Domeng...

Steph: ah bon! Li pat nèg mwen ankò depi lèw te pranl nan menm nan!

Sherlie: podyab! Ou paka kenbe yon nèg...kòmanw pwal jere yon fwaye? Nèg sa ak tout Bb sa a mele!

Steph: kòm se mwen wap swiv, fè Jerry mandew maryaj tou. Anbisyez.

Sherlie: sa ap vini nan pa lontan.

Steph: manmanm ak papam ap vinn la nan semaine nan, si yo pa vinn demen, yap vinn aprèdemen, yo poko relem pou konfime. Pingaw pa di yo ou gwòs.

Sherlie: se byen. Mkonseyew pa foure danw nan kozem!

Sherlie vire li antre

Stephania ale nan chanm li epil

🔹Louis te pase chèche Maliah, e kounya yap viv ansanm. Pandan Louis ap fè yon ti dòmi, gen yon fanm ki pase kotel. Maliah li menm, li te nan kizinn nan.
Fanm nan tèlman abitye nan kay la, li louvri pòt e li rive jis nan kizinn nan paskel ap chèche Louis. Fanm sa pa lòt moun ke Vania.
Lèl wè Maliah li sezi.

Ma Soeur, une RivaleWhere stories live. Discover now