23

8 3 0
                                    

📚MA SOEUR UNE RIVALE📚

✏️Écrit par: Stanylla Beaubrun(StanyLova)

📖Episode 23

📚💕💕💕💕💕💕💕

🏆Le seul endroit où le succès vient avant le travail est "dans le dictionnaire".✨✨✨✨

Page facebook: https://www.facebook.com/StanyLova-Feyton-1056134827909477
💗💗💗

💠Stephania santil enève, li pa kontan ditou ak sa Carla ak Eric fè an.

Wendy vinn chita sou kanape an.

Wendy: mvrèman dezole e mwen pa wè kòman poum ta kòmanse. Puisque ou se yon moun ki formée, mrete kwè ke ou pap koute emosyon, wao ret chita pouw tande tout sam gen poum di ki konsène nou yo

Steph pa reponn ni li pa gadel, souf li wo.

Wen: mwen te gen yon mennaj, mte renmenl anpil, nou te ap byen vire e anpil moun te jaloux. Mpaka di mte fidèl pase sa, men mte fè ti efò poum pa pran moun kel konn wè. Mte vinn rankontre ak yon demwazèl, nan pale anpil bagay rive fèt, se jis aprè kèk mwa mpwal aprann ke li se youn nan bon zanmi mennaj mwen e li te menasem sim pa kontinye relasyon an avèl lap efase mennaj mwen sou wout nou. Mte pamse se yon blag mpa okipel, mkite avèl, dayè mkonnen se bon zanmil, li pap ka fèl anyen de vre. Sof ke demwazèl lan te serye, li te rive pwanyade mennaj mwen e avwel tout verite. Erezman li pa mouri, yo te kouri lopital avèl a tan. E li te tou kitem li kite peyi an.

Stephania plenn

Wendy: mwen fè de zan ap kriye pou bagay sa, jiskaske Eric konseyem poum chanje bagay yo, mwen al eseye pale ak yon demwazèl sou katye mwen rete an, lap fè stil sou mwen, li pa okipem, mpat konn kite moun konn afèm, mte très simple.
Epi mvinn rankontrew, ou se pi bèl mèvèy mte ka rankontre, mwen vinn atache avèw e gen santiman pou ou. Se la demwazèl la vinn aprann kem gen ti mwayen epil kòmanse ap ranje kòl poul antre sou mwen, mpa janm okipel, mte jis konn bal lajan lèl gen pwoblèm kòb sqn montrel kem bal twòp enpòtans. Lè nou vinn ansanm, mwen avèw...li vinn kotem li dim li renmenm e kel vle nou ansanm, mpale avèl e fèl konnen kel pap posib paskem gen yon moun nan vie'm. Li te montrem li poze sou sa. Ebyen, mpata janm imajine kel te ka rive nan faz poul kidnapew, epim pa konn kòmanl fè konnenw. Sa biza. Lotrejou li vinn lakay mwen, malgrem rale zam mwen li fèm konnen kel pa pèm el dim ke se swa avèk nou de an oubyen li efasew sou wout mwen. Mpat vle pou menm bagay lan pase, nim paka tirel vre poum al nan prizon.
Mwen oblije aksepte, e kounya msantim koupab. Menm te sèlman vle pwotejew.

Stephania kriye

Steph: ou pa panse ke siw te dim sa avan, li tap mye?

Wendy: mvrèman dezole...mkonnen wap pran tan pou padonem.

Steph leve kanpe

Steph: map gade yon fanm lakay ou...mpaka imajine kew monte sou vant li non Wendy. Aprè tout sam viv, mwen merite tout sa yo mezanmi? Ebyen map folle! Map folle wi, map folle!

Wendy: pa sakaje kòw twòp cheri...

Stephania gadel

Steph: an...mte konte pou ou? Epiw tap kachem tout secret sa yo! Franchman mpaka konprann gason, chak fwaw pansew jwenn youn ki miyò epoutan se menm yo.

Wendy: maprann ke ou ansent!

Steph: kiyès ki ansent lan? Mwen menm???? Kiyès ki diw sa? Di moun sa al enfòme pi byen!

Wendy: Steph stp...

Steph: ansent mwen pa regadew.
Ou konn sak pase, mpa bezwen konn anyen ankò de ou, dayè pitit mpwal pote an pa pou ou, se pou ex mwen. Kitem trankil, pa relem, bliye wout kay mwen, en résumé...bliye siw te kwaze avèm nan vie'w.

Ma Soeur, une RivaleWhere stories live. Discover now