27

10 3 0
                                    

📚MA SOEUR UNE RIVALE📚

✏️Écrit par: Stanylla Beaubrun(StanyLova)

📖Episode 27

📚💕💕💕💕💕💕💕

🏆Le seul endroit où le succès vient avant le travail est "dans le dictionnaire".✨✨✨✨

Page facebook: https://www.facebook.com/StanyLova-Feyton-1056134827909477
💗💗💗

🔺Dayou al nan market, lèl finn achte, li jwenn James kanpe devan machinn nan ap tann li.
Li kanpe poul gadel...

James: ou pansem te bliyew cheri?

Dayou: kisaw vle James? Wap swiv mwen?

James: bon se kwaze mwen kwaze avèw la epiw ap mandem sim ap swiv ou, tèt ou pa dwat? Epi, menm sim tap swiv ou, sak tap genyen nan sa?

Dayou: mpap ka ret pale avèw twòp non, si marim ap pase la...

James bat bravo

James: li tap tou konnen ke ou pa pou li sèl. Epa map tann ou pouw vinn lakay la ou pa vini? Mpa konn jwe non Dayana...sitou devan fanm mwen renmen!

Dayou: Jason pa jwe devan madanm li tou non. Kitem trankil tande James.

James: lèm te sou vant ou an ou pat dim kitew non. Ou genlè pansew ka kitem si fasil konsa? Annit bat jew epiw ale! E mwenk te diw vinn gatem?

Dayou: kòman gatew lan?

James: wap fè shopping pou mwen, fè pwovizyon pou mwen...ak lajan mariw. E mwen kap baw plezi pandan li menm li gen de fanm deyò lap jere, mdiw ann tuye kk a poun pran byen yo wap fè grimas.

Dayou: talè...saw di la? De kisa li genyen???

James: ooh! Ou soud? De fanm deyò! Ou pat konn sa?

Dayou: mpap okipew tande, ou prè pouw di nenpòt tenten poum ka al jwenn ou.

James: ebyen lèw rive lakay ou, al mandel. Gen youn li bay yon kay ak tout yon studio...lòt la li gwo vant.

Dayou sezi

Dayou: male!

James: pa al kondi pouw al fè aksidan anba tèt sezisman sa non girl. Mkonnenm pat dwe lagel konsa men ou nèvem, fòk ou ka konprann mwen. Se ouk te chwazi vinn jwenn mwen e fè tout sa pou mwen, kounya ou paka sevrem.

Dayou: saw dim yo se vre?

James: wi. E siw bezwen plis enfòmasyon, tounen vinn kotem nap pale plus. E nan lari a mwen ye, mkonn tout bagay.

🔺Jay pase wè Kimy, pandanl nan studio an, li chita lap gade yon magazine apre ke li finn di bonjou.

Kimy finn penyen yon dam, li al kotel.

Kimy: cheri...ça va?

Jay: oui et toi?

Kimy: oui. Mtwouvew sombre, ou gen yon pwoblèm?

Jay: ça va Kimy! Mjis on ti jan fatige!

Kimy: an ok...ou vle yon ti masaj? Ann antre!

Jay: mpap rete non, mpwal regle yon bagay enpòtan. Mjis gen kèk sousi, pa enkyetew...sa ap ranje rapidman.

Kimy chèche je Cassy poul fèl siy

Kimy: ou manje?

Jay: yeah mte pase nan resto!

Kimy: map fè manje kite pou ou pita wi!

Jay leve li bol sou fronl

Jay: mpap tounen jodia ankò. Janm diw lan b, mpwal regle yon bagay.

Ma Soeur, une RivaleWhere stories live. Discover now