13

11 1 0
                                    

🌸🌺MA SOEUR UNE RIVALE🌺🌸

🌺Ep.13🌺

⭕⭕Écrit par: Stanylla Beaubrun(StanyLova)

🌸💮🌺Episode 13🌺🌸💮

🌺🌺🌺🏵️❤️❤️❤️

    Julio rele Sherlie nan telefòn. Li tap met rad sou li poul soti lèl wè phone nan ap sone.

Sherlie: ahh sa Julio genyen!

Li pran telefòn nan

Sherlie: allo bb!

Julio: kòmanw ye?

Sherlie: manfòm e ou menm?

Julio: depim tandew mwen byen. Kotew ye la?

Sherlie: lakay la poukisa??

Julio: ou okipe?

Sherlie: non...ou tap pwopozem yon bagay?

Julio: menm deyò a nan machinn nan wi. Ann al pran yon ti detant.

Sherlie: monte machinn ou? Mwen menm?

Julio: ah bb! Fè vit map tann ou.

Sherlie rakwoche, li pran bous li epil regadel nan glas ankò, apresa li soti.
Li monte machinn Julio a e misye demare.

Julio: ou anfòm wi bb!

Sherlie: merci Julio!

Julio: kòm mwen wèw pa relem mwen oblije fèl paskem wè ou lagem, ou genlè pa renmenm ankò!

Sherlie: mwen pa tèlman gen tan.

Julio: sèl pou mwen ou pa gen tan. Mkonnen kèlkeswa sa yon moun ap fè, li ap toujou kreye yon ti tan poul ofri moun ki enpòtan pou li yo.

Sherlie: pandan jou sa yo se lajan map chèche pou reyalize kèk pwojè...sa koz mpa tèlman kole sou moun.

Julio: an palan de lajan...Ou pa janm dim kotew te jwenn kòb pouw met perruque sa non.

Sherlie: ooh! Ebyen travay map fè a se gratis li ye?

Julio: dezole bae. Li fèw byen!

Sherlie: merci!

Julio: apa lòtrejou mvinn kotew, nap pale...ou vire kitem deyò a!

Sherlie souri

Sherlie: yon moun te vinn frape baryè lakay mwen em te byen bezwenl, mte oblije ale.

Julio: mwen wèw lagem Em byen anvi marye avèw...wap dekourajem!

Sherlie gadel epil ri

Sherlie: ou serye?

Julio: oui...manviw vinn madanm mwen!

Sherlie: depi kilè nou ansanm poum ta marye avèw lan?

Julio: sa pa yon kesyon de depi kilè nou ansanm cheri...depi youn renmen lòt, tout bagay posib.

Sherlie: ah bon! Bèl pwojè!

Li gade Julio sou kote

Sherlie: kibò wap mennenm la?

Julio: nan yon bar...

Sherlie: ow...siw te dim sa avan mtap diw non mpap soti...mpa abiye pou sa.

Julio: ah pa fè sa...janw bèl lan la...sandal ki nan pyew lan ala mòd epi se nan machinn ou ye...pa gen pwoblèm manmi.

Sherlie: ah mon cher... Kisam pwal fè nan bar lan?

Julio: ou vle nou al nan hôtel pito?

Sherlie: mgen règ mwen.

Ma Soeur, une RivaleWhere stories live. Discover now