12

77 3 0
                                    

🌸🌺MA SOEUR UNE RIVALE🌺🌸

🌺Ep.12🌺

⭕⭕Écrit par: Stanylla Beaubrun(StanyLova)

🌸💮🌺Episode 12🌺🌸💮

🌺🌺🌺🏵️❤️❤️❤️

Jerry: salut!

Tina: oh bonsoir chéri! Ça va? Désolé d'être venu ainsi, ce n'était pas bien planifié, j'ai eu un inconvénient.

Jerry: et???

Tina: map dòmi avèw!

Sherlie pase lal nan kizinn nan epil tounen li gade Jerry epi lal nan chanm li.

Jerry: kòmanw fè jwenn Adresse mwen Tina?

Tina: ooh chose facile! Ou konnenm se yon fi ki toujou jwenn tout sam vle. Li pat two difisil poum te jwenn nimewow an pasan pa youn nan konfrè ou yo.

Jerry: mkonn sa, ou trè detèmine. Ki enkonvenyan ou gen la?

Tina: mpaka rantre lakay mwen akoz lapli a. Mka domi la svp?

Jerry gade Tina byen

Jerry: pa dim bagay non men...kòmanw fè rive la anba lapli a sanw pa mouye? Ou te la depi avan lapli a kòmanse tonbe?

Tina: wi... Mte gentan rive. Map ka ret dòmi?

Jerry: ben...oui...map fèw domi ak medam yo.

Tina: ki medam sa? Mrekonèt yo? Mka domi nan chanm ou an!

Jerry: an wi...ok! Siw vle wap domi nan chanm mwen an. Men mwen mpap la mpa renmen dòmi ak fi, ou konn sa trè byen.

Tina: aah ou konsa depi lontan...aswè a wap resi dòmi avèm. Fòk ou chanje wi, mpa kwè wap fèm wont.

    Tina kontan li pwal domi ak Jerry.
Yo al nan chanm nan, Jerry tou aranje kèk afèl paskel pa konn fè moun konfyans pou rete nan chanm li apre Terry. Li rete ap enjoy li sou whatsapp, li bay Tina distans.

Sherlie nan chanm li lap vire an won, li pa konn kisa Jerry ap regle nan chanm nan ak fanm sa. Li pran laptop li, li soti nan chanm nan.

Vers dix heures, Jerry pran yon zorye epil ap soti.

Tina: kotew pral la Jerry?

Jerry: mpwal domi nan chanm Terry a. Poukisa?

Tina: e mwen menm?

Jerry: bahhh wap domi nan chanm mwen an, Se sa nou te konkli.

Tina: non...nou te konkli ke wap dòmi avèm nan chanm ou an...nap dòmi ansanm o mwen pou yon fwa nan vie nou.

Jerry: ou ka pat konprann lèm te pale avèw la...banm reprann pou ou MPA KONN DÒMI AK FANM KONSA KONSA.

Tina: ok lèw dim konsa konsa, sa vle di ou konn fèl. Please pa kitem poukòm, map pè lannwit. Se premye fwa map dòmi nan yon chanm poukont mwen.

Jerry: Bay vag...bonne nuit!

Tina: poukisaw ap fè sa??? E pè ou pèm?

Jerry te gentan deyò byen lontan avanl finn di sa lap di a.

Tina: sa mawozo sa gen la, mpata kwè li ta lage nan ma66! Janm livrem ba li byen bèl la pou lap repousem...atò pou yon bèl gason ta vinn dòmi lakay mwen poum pa dòmi avèl...

   Jerry pase nan sal a manje a li wè Sherlie ki chita kap tape yon bagay sou laptop li, misye pran sanl pou lap gadel. Yon belle jeune fille bien cultivée men kap eseye gate pèsonalitel.

Ma Soeur, une RivaleWhere stories live. Discover now