29

9 3 0
                                    

📚MA SOEUR UNE RIVALE📚

✏️Écrit par: Stanylla Beaubrun(StanyLova)

📖Episode 29

📚💕💕💕💕💕💕💕

🏆Le seul endroit où le succès vient avant le travail est "dans le dictionnaire".✨✨✨✨

Page facebook: https://www.facebook.com/StanyLova-Feyton-1056134827909477
💗💗💗

"Dayana kenbe vant li

Dayou: fòk ou edem wi Christelle.

Christ: mpa gen okenn support mpwal ka baw la. Dayè mpat okouran de afèw. Ou pat janm dim siw kite lakay ou, niw pat metem okouran de saw pwal fè. Se pa kou bwa a mare an pouw ap vinn nan pyem pouw jwenn support. Lakay mwen te twò raz pouw te vinn ladann.

Dayou: pa di sa!

Christ: fok mwen dil menm...kounya, Jason pa mouri, ou vinn kache la, sa vle di si lapolis vinn pranw, ya marem ansanm avèw????

Menm moman an, medam yo tande pòt la frape. Yo kòmanse tranble e Christelle pè al ouvri."

Christ: ou mèt al ouvri wi, se pa fouti epa pou ou yap frape a paskem pat gen randevou ak moun.

Dayou: bon se lakay ou!

Christ: se lakay mwen men gen yon kriminèl ki vinn kache anndanl, mpap kouvril.

Dayou: yon bon zanmi, se poul la nan bon tankou move moman wi.

Christ: ooh ebyen se mwen ki te al pase bag nan dwèt ou devan pastè a poum te pwomèt ou fidelite a?

Christelle al ouvri, li wè se Jay ki byen move.

Christ: oh Mr Jason...ou...ou anfòm?

Jay: jan kew ka wèl lan. Kote Dayana?

Christ: li...pa...pa la non!

Jay: epa lòt kote poul ye ke la...e ouk sitirèz parèy li!

Christ: non...li pa la non...sa...sak pase? Gen...gen yon pwoblèm?

Jay: depi kilèw te bege?

Jay pousel li antre, jel al tonbe sou Dayana ki akokiye nan yon kwen. Misye kwaze bral epil apiye nan mi an.

Jay: Dayana!

Dayou: Jay...

Jay: ou fyè de tèt ou kounya??

Dayou: mpa konn kisa poum diw Cheri...mwont!

Jay: ak rezon! Sèl siw pata gen nen nan figiw. Byen ke malgre sa ou engra e san santiman.

Dayana kriye, li leve li al chita

Dayou: epa fòt mwen non. Sim pat mennenl li tap bat mwen.

Jay: ah bon! E konsa lèm finn mouri, ou ta pwal ranje kòw pouw al tonbe kriz nan antèmanm apresa pouw al dòmi anba nèg ou an???

Dayou: mdezole...

Jay: sa pa tèlman regadem. Tire ou mennen nonm ou vinn tire wi Dayana. Ou malonèt, ou son rès moun. Mpa janm konn fè moun repwòch pou sa mwen fè pou yo, men ou menm, ou merite poum ta fè yon rappel pou ou paskew anraje twòp. Ou sonje kotem te pranw? Kay matant ou ki te prèske fèw kite saw tap aprann nan paskel pat gen mwayen poul peyel ankò, mwen fèw fini ak saw tap aprann nan, mwen renmenw e tolerew, mwen baw biznis pouw pa al travay ak moun pou patron betize avèw, mwen fèw otonòm, lavèy maryaj nou ou kouche ak parenn nan. Se retem rete mwen wè misye wont mwen aprè maryaj la li pa janm pale avèm. Ou bouke pran nèg sou mwen, mpa janm di anyen. Ou bouke fè move jès avèm mpa janm di anyen...la vie continue! Ou plus fèm bagay ki mal kem fèw mwen menm. Menm yon pitit ou pat vle ban mwen pouw ka kenbe kò mannken ou an. Epi jodia se saw remèt menm!

Ma Soeur, une RivaleWhere stories live. Discover now