28

8 1 0
                                    

📚MA SOEUR UNE RIVALE📚

✏️Écrit par: Stanylla Beaubrun(StanyLova)

📖Episode 28

📚💕💕💕💕💕💕💕

🏆Le seul endroit où le succès vient avant le travail est "dans le dictionnaire".✨✨✨✨

Page facebook: https://www.facebook.com/StanyLova-Feyton-1056134827909477
💗💗💗

🔷Dayou paka dòmi, lap reflechi ak sa ki pase yo. James remake sa, li sekwel.

James: sak pase ti bb? Epaw pa dòmi??

Dayou: map reflechi ak sa ki pase yo, mpat sipoze aji konsa avèk Jason. Li te toujou bon avèm el te banm tout tanl, li te pasyone de mwen. Si tout sa yo rive se akoz de mwen. Mse yon move fanm.

James: yooo girl! Se pa avèk bon zanmiw wap pale la non...kisaw ap vinn rakontem la?

Dayou: epa ouk te mandem sam genyen?

James: tonnèboulem pitow te banm yon manti olyew te dim saw sot di a la. Ki melem si sa fèw mal? Se la nati kap aji, fòk ou te twonpe misye poum te jwenn ou poum ap viv janm ap viv lan. Siw te yon fanm fidèl kotem tap jwenn ou? E ou pran kont ti pleziw avèm tou, ou paka diw pat renmen sa!

Dayou: wi..mte renmen sa men se kounya mwen wè ke mwen fè twòp mal. Mwen pase kont tanm ap twonpe yon moun ki te vle byen pou mwen.

James: sak pase? Ou tuye moun? Tchuippssss! Bay sa vag tande manmi. A prezan, se madan James ou ye...ou libere ak nèg sa. Sèlman ou pwal degajew pouw mennenm lakay li poum tiyel pouw ka jwenn byen li yo avanl mandew divòs.

Dayou: hummm...esi tout fwa mta gentan siyen papye divòs lan?

James: mtap kraze tout dan nan bouch ou Dayana pouw kite enbesil. Paske nou te pale de sa deja. Metem klè, ou siyen papye?

Dayana pè bay James verite

Dayou: non, mte remake li ap regle bagay pou papye divòs lan men... li potko ban mwenl.

James: pale mwa d sa. Demen pouw mennenm lakay li nan yon lè ou konnen li ka ap rantre e soti.

Dayou: hum...ok!

James: ou pa dim anyen non...pou medam yo mte palew de yo an...

Dayou: mte swiv li, lot la se pa pou li kel ansent...men Kimy...fòk mwen vanje ak manzè wi. Poul gen odas li renmen ak nèg mwen...li gen kran...map vanje avèl kanmèm.

James: ou mèt bay sa vag...dayè nap touye Nèg lan, lap pèdi sak lap foure men pra poul kale kòl la. Nap fè manzè tounen nan mizè li te ye an.

Dayou: msantim ta pranl mfrapel nan tout poto kem te jwenn jiskaskel rann dènye souf li tèlmanl nèvem.

James: mpa vlew pale konsa non! Ebyenw genlè byen anvi tounen ak nèg la?

James rete ap tann sal pwal bay kòm repons

Dayou: mtoujou renmenl!

James pasel yon kalòt pou sal di an.

Dayou: oh James!

James: mdiw pa pale de li konsa devanm deja!

🔷Nan demen maten, Maliah leve li prepare peti dejene,li sèvi Louis nan kabann. Aprè li ale nan mache, li met pwa nan dife epi lap netwaye kay la.

Louis ap pran jòf paskel ak yon ti bout rad sou li, li pa janm wè sa. Dayè li panse misye nan biznis li a lè sa.

Pandanl bese, li santi yon moun manyen dèyèl, li pantan.

Ma Soeur, une RivaleWhere stories live. Discover now