6

4 2 0
                                    

🌸🌺MA SOEUR UNE RIVALE🌺🌸

🌺Ep.6🌺

⭕⭕Écrit par: Stanylla Beaubrun(StanyLova)

🌸💮🌺Episode 6🌺🌸💮

🌼Pandan Jerry ap achte, li santi yon moun ap obsèvel. On lòt moman, yon moun frapel, li wè se Julio.

Julio: anfòm?

Jerry: yeah! Mka edew?

Julio: mte sèlman vinn diw ke fanm sa mpa negosyel ak moun, veye kòw avèl.

Jerry gade Julio, li vale repons lan pou li.
Julio deplase.

Jerry: gadon tenten mesye. Kote pou sa mawozo sa ap vinn banm presyon la...pèlen sa. Li genlè konn se menm espès mwen ye avèl, mta pwal goumen avèl. Hum.

Jerry finn achte epil soti, li al depoze bagay li yo nan machinn nan epil monte.

Jerry: kiyès nèg sa?

Sherlie: yon zanmim.

Jerry: epi lap vinn banm presyon la...

Sherlie: ah pa okipel. Se zanmim wi!

Jerry pa di anyen ankò, li demare li ale. Li pa janm dil way pou jis yo rive nan kay la.
Sherlie desann machinn nan epil kanpe.

Sherlie: kote pomme mwen yo?

Jerry: malerezman sam gen la yo se poum manje.

Jerry antre li kitel deyò a.

🌼Wendy eseye rele Stephanie, li pa janm pran appel lan. Lè Steph wè li relel twòp, li reziyenl li pranl.

Steph: allo!

Wen: enfin...bonsoir Stephanie.

Steph: bonsoir Wendy. Mka edew?

Wen: kòmanw ye?

Steph: anfom par la grâce de Dieu.

Wen: oh mon Dieu. Poukisaw inyorem Steph? Kisam fèw?

Steph: mpanse nou gentan di anpil bagay la wi...mpa vle madanm ou fache.

Wen: madanm? Mpa gen madanm non Steph!

Steph: nou menm jènn gason nou pa janm gen madanm non. Nou toujou seul.

Wen: mwen serye wi Steph. Pou sak te pase lòtrejou se yon moun ki fèm sa, mte fache kont li.

Steph: et?

Wen: kilè nap ka wè a stp? Mpaka tann ankò. E nou te dwe wè jodia.

Stephania ap reflechi

Steph: mpa nan rankontre ak moun, sitou ou menm.

Wen: aaah chère, please...pa fè sa. Mvrèman kòmanse paka tann. Siw vle mka vinn lakay ou kounya poum vinn wèw.

Steph: oh ou konn kay mwen?

Wen: ou tap dim kibòl ye.

Steph: hum se sa. Wendy, sim aprann ke ou banm manti lap difisil anpil wi poum padonew.

Wen: fais-moi confiance. Je te laisse ma belle. Passe une excellente nuit.

Steph: toi aussi.

Wen: si seulement tu étais là!

Steph: je t'appellerai demain.

Stephanie rakwoche epil pran souri.

Steph: ou kwèl ta banm verite, Gason twò bagay pou mwen, mpako ka konn si se vre ou pa.

Ma Soeur, une RivaleDove le storie prendono vita. Scoprilo ora