chapit 27.

52 12 5
                                    

Nan po Daniela

M santi jodi a pral on bèl ti tèt jounen,mwen ak Richard pral pran on ti beny rivyè. Li telman fè cho hmmm anfen. M ranje kabann mwen,m kouri al fè twalèt mwen apre pou m ka al lave veso yo,pou m ka gentan pase bale. Nou gen randevou 10 zè men l gentan 8 tè su mwen la.

Sote m sote 2 grenn veso yo,m pase bale an apre m al benyen,pa on gwo benyen,non donk,jis pou m retire dòmi an sou mwen e nan dlo m prale de tout fason. M met on ti bout pantalon jeans,on kosaj manch raz,epi on ti sandal fant zòtèy. M met lòt bagay map bezwen yo nan on ti valiz epi m ekri Richard pou m di l m pare. Detan sa m al manje.

Mwen:  Manman m pa la non,map vini.

Manmanm : Kotew pral la granm maten an?

Mwen: M pap fè lwen.

M rayi defwa lè m di map soti pou yo toutan ap mande m kote m prale. Epa m santi m two granmoun non,men defwa sa on ti jan jenan,donk pou evite bay manti ou verite,m reponn san presizyon. On mesaj monte sou telefòn mwen,Richard di m li deyò a. M pran valiz mwen,m ale m salye l epi m moute moto a.

Sou wout la m ret la map pale ak tèt mwen detan map gad Richard,m twouve sitiyasyon n on ti jan iwonik,map mande eske kounya li pou mwen vrèman? Eske map ka jere koze sa byen? Lè m gade l e ke m gade m,epa nou pa sanble non men,m doute ke avèk mank eksperyans mwen,pou m ta arive kenbe l jiskobou,menm lè li ta arive  renmen m anpil,l ap toujou ret on gason,e fòm gen fyèl pou m goumen kont sa...

Richard : Dannie..apaw pa di anyen? M twouve w on ti jan lwen.

Mwen : ah wi! Men se pa anyen ki grav,m t jis pèdi nan panse m.

Richard : Hmmm!

Mwen : Kisa?

Richard : Anyen non.

Nou rive epi nou desann moto a,li retire mayo l,li ret a chòt sèlman. Te gen sèlman 4 grenn moun ki tap benyen pi ba. Donk m al nan on kwen pou m ka chanje soutyen ki sou mwen an.

Richard : Ou pat ka mete l depi lakay ou menm?

Mwen: Sa moun te bezwen konnen m ta pral on kote ki an rapò ak dlo? Ou byen konnen m trè diskrèt.

Richard : A pye m te dwe fèw vin la wi,ou pa menm swe menm.

Mwen: Lollll ebyen ann retounen non.

Richard : Domaj li two ta,vin chofe non.

Li trennen m pou m kouri deyè l.Konpè sa lè l rete l fou.

Mwen: Woooy lage m! Ki mòd vye jwèt sa yo? M pa sou kouri konpè.

Richard : Règle #1 - pa rele m konpè.
Règle #2 - Je suis en position de force parce que je suis un homme,donc c'est moi qui commande.

Mwen : Et règle #3..( m pouse l nan dlo a) petèt gason pa gen menm fòs ak fanm men n chaje a taktik.

Apre m desann nan dlo a al jwenn li. Dlo a on ti jan frèt,men l bon. M fè on ti plonje,m pa mouye tèt mwen twòp non,l vin parèt nan do m nan epi l koke m.

Richard : Di pito fanm renmen kache pou fè ti kou ba,men o final pa gen pi lach pase n.

Mwen : E se sak fè gason paka viv san nou an wi.

Richard : Ebyen wi,disons que, nou se yon mal nesesè.

Mwen: Ebyen m wè ke sa valab pou 2 kategori yo.

Li vire m epi m vin tonbe anfas li,epi li kenbe 2 menm.

Richard : Mwen m panse ke non,paske yon gason,nan okenn ka li paka viv san on fanm,m pap pale pou dezòd,men yo ka gendwa pa vle admèt li men se verite. Pa kont on fi,li ka viv san on gason,wap jwenn ke gen de fi ki pa bezwen okenn gason pou l ere,men on nèg ou t mèt po tòti kou po tòti,w ap jwenn on fanm retire karapas ou a kanmèm.

Mwen : Petèt,men sa pa anpeche ke youn konplemante lòt non.

Richard : Sa pa anpeche tou ke gen de moun e siplemantè yo fè wi lolll, gen de moun ki ansanm ki pa gen anyen a wè youn ak lòt.

Mwen: E nou 2?

Richard : kisa?

Mwen: Konplemantè? Siplemantè? Oubyen nou pa gen anyen a wè ansanm?

Richard : Bon à ce stade,m te ka di Konplemantè,men m twouve ke nou ale au-delà. Menm avan relasyon nou te chanje,pat gen mwen san ou,pat gen ou san mwen. E zafè ke n pa gn anyen a wè a lòt la,konnen ke le plus souvent relasyon ki komanse ak on amitye solid yo,yo plis ka dire ke lòt yo,paske gen on sètèn koneksyon.

Yon sèl kou m pa konnen,m anvi poze l tout kesyon ki pase nan tèt mwen,men m pè repons li.

Richard : Ou mèt pale wi,m santi ou anvi di m on bagay.

E sak fè ke konn on moun two byen gen avantaj li ak enkonvenyan l lan wi. Tout ti kou ou ta vle fè,yap kenbe w.

Mwen : Eske ou renmen m? Bon m konn ou renmen m men m pap pale de sa. M vle pale de santiman w gen pou mwen kòm mennaj.

Richard : De l'amitié à l'amour,il n'y a qu'un pas,on sèl ti baryè pou franchi. E jan oumenm ou te franchi l la,m konte franchi l tou. Men on sèl bagay,m paka fè vyolans nan bagay yo,em paka rive poukont mwen tou. Nan pati fraz ki di "je suis tombé amoureux" a,m ka diw mwen nan "je suis tombé",donk "amoureux" a sou kont ou.

Mwen: E an rezime,sa se on wi oubyen on non?

Richard : Ni youn li lòt totalman,men m vle di ke m kòmanse gen santiman pou ou,men pa egzakteman jan m vle l la e jan kew merite l la. M konn ou vle konn plis,donk m pap prive m,ou konn m dirèk. M konnen ou renmen m,pa gen dout nan sa. Men m pa konn si se pa fot eksperyans,dèfwa ou on ti jan goch.

Mwen : Kòman sa?

Richard : Dannie ou timid. E menm lè ou abitye avè m,dèfwa se kòmsi ou pè m. Ou pre men ou on ti jan lwen,m pap fòse w fè saw pa vle ou konn sa. Men gade byen pou wè,nou pap touche si se pa mwen ki manyen w,nan mesaj m jwenn tout afeksyon ki genyen,lè n ap bay blag se sa nèt men depi nou sèl,ou diferan.

Mwen : Se pa sa,se jis ke ou konn ke m pa abitye. Epi m pa ditou timid.

Richard : Men ou pè.

Mwen: Non plus.

Richard : Ah ouais! Ebyen bo m.

Si talè a m pat jennen,men la m kòmanse,anplis gen moun la. Men kanmèm,m pa konnen yo,e m pa kwè yo konnen m tou e sa pa gade yo. M anvanse epi m bo l sou bouch, l gade m li tonbe ri apre l rale m epi l banm on bo mouye.

Mil eskiz pou atant la,se jis ke m pral nan egzamen em pa gen twòp tan,e lè m gen tan,enspirasyon an pa la lolll. Donk m espere ke nou te enjoy chapit la,e wi m konte fini liv la. De tanzantan map gad si m ka mete on ti bagay. Mèsi pou pasyans nou!!!

                A byento!!!

Renmen moun ki renmen wWhere stories live. Discover now