Chapit 17

85 16 16
                                    

Nan po Richard

Mwen: Manman m ap vini tande,m pral  kot tonton m anwo a.

Manmanm: Ok.

Apèn m nèk rive anba galri a,m wè Flore ap parèt. Sa tifi sa gen nan kò moun la Tchuuiipps.

Flore: Bonswa Richard,ou te pral soti?

Mwen: Non pa vrèman! Antre non.

M fèl rantre anba galri a épi m al dèyè chèz pou n chita. Gad kote manzè vin deranje m la! Dat m tap koze,l Pat sou sa,lè m pa sou bò l ankò a,kounya l'AP vin nwi moun.

Flore: Bon m pap two rete non,m te jis pase wè w,kò m wè m pa tande w.

Mwen: Oh bon chak lè map pale avè w ou di m ou pa sou sa,m ret nan wòl mwen.M pa nwi w ankò.

Flore: An e pou sa ki fè ou pa janm ekri m ankò a?

Mwen: Ou wè mwen menm chéri,m pa konn fòse okenn bourik bwè dlo,si w pa vle,m paka fòse non. Desizyon an e nan men w li ye.

Flore: Men kanmèm fò w toujou goumen pou w jwenn sa bezwen,ou abandone twò rapid.

Mwen: M pa abandone non,m jis baw espas pou w reflechi,e konsa m fonksyone wi.

Kibò l vle vini menm? Si e wi a ou vin dim ke w di m li ou fini,wap pase pa 4 chemin an.

Flore: Men Richard,m kwè ou konnen ke m gen mennaj.

Mwen: M konnen wi,jiskaprezan m pa di w pou kraze relasyon w lan,jis pou fè on ti plas pou mwen paske m pap ka ret san ou mwen menm.

Flore: Bon,m paka di w ke m renmen w,men kanmèm ou atire m nan on fason men m pa gen kè pou m twonpe Jhon bb.

Mwen: Sèl nou de a k la,si nou youn pa pale,kòman l'AP fè konnen ou twonpe l?

Flore: Li ka gendwa pa janm konnen,men mwen M pè,konsyans mwen pap an pè. Épi oumenm,ou sur ke ou pa gen lòt mennaj?

Mwen: M libre comme l'air. Pa gade m konsa,m pap baw manti.

Wouy m genlè ap bon! M tap byen enjoy mwen avèl. M pa nan bagay renmen moun ankò mwen menm,m jis ap pran plezi m. San pou otan tou,m évite brize kè mun koz m konn doulè a mwen menm,m konnen l pa dous. M te vle evite kòmsi al nan fi men le swa lè m ap dòmi son w kalvè. M konn ap plede reve Vanessa,map reve kò l,tout bon moman n te konn pase ansanm yo. M konn ap pantan épi lè m leve m jwenn m sal kò m,m jis fatige a sa. M ret a lòt fi jis pou omwen m te ka eseye bliye tout bagay sa yo oubyen sispann reve l.

Flore: Richard Ou tande sa m di w la?

Mwen: Padon Flo,m te  on ti Jan lwen m pat tande,reprann pou mwen.

Flore: Ah m te mandé w Poukisa ou vle avè m alòs ke ou konn m gen mennaj e ke m pap kite l pou ou? Eske si sa pap deranje w pou m avè w épi pou m avè l tou?

Mwen: Se pa premye fwa yon ka konsa prezante épi pa konn gen two gwo pwoblèm lè konsa,m pwomèt ou map ret nan wòl mwen,m pap fè anyen kont mennaj ou a.

Flore: Voilà qui est rassurant! Kounya wap fè m fè menaj a 3 Richard.

Mwen: Ou gen mennaj se vre,men nou youn atire pa lòt,m pa wè Poukisa nou paka ansanm l'an non,m pap fè tèt mwen soufri non mwen menm m pa konn pou ou. Flore silteplè!

L ale pou l al ouvri bouch li,m kouri vòlè on bo an apre m wè l remèt mwen l. Ah fanm nan pou mwen,epi dat sa l tap ekri m,rele m,m Pat janm Okipe l,oh!

Flore: Fò m ale wi,m gen on lòt kote m pral pase.

Mwen: Ebyen Ok,banm mete w devan. Kilè nap wè ankò bb?

Flore: M poko konnen,ma ekri w,au revoir cheri!

Mwen: M pa vle mòd au revoir sa bb,di m li kòrèkteman.

M wè l gad anwo,l gad anba,kou chat ki pral vòlè mantèg,epi l bò m su buch. M tonbe ri,l ri tu épi l ale. Detan m ap tounen pou m antre,m jwenn ak Daniela.

Mwen: Oh Dani kote w pase?

Daniela: M la on bon ti tan,men ou pa te ka wè m non,ou te super okipe. Men franchman Richard Ou serye? Ou sot bo ak Flore,mennaj Jhon nan!

Mwen: Ki mennaj Jhon sa? Mennaj mwen l ye kounya.

Daniela: Depi kilè ou te gentan konsa? Sa kap pase w konsa?

Mwen: Menm mwen tou m ta renmen konnen,m konsyan ke map deraye men m pa anvi kanpe tren an pou otan.

Li avanse sou mwen,li mete de men l bò machwè m,li fòse m gade l nan je.

Daniela: Richard Ou blese,ou jis ap chache rekonfò nan men lòt m'en se pa konsa pou w fè l,se anpire wap fè bagay yo anpire. Richard silteplè reprann ou! Pa kite sa pote w ale pou al nan fè move bagay,panse a avni w,a fanmi w,a mwen,ki ap tann le meyè de ou.

Mwen: M konnen Dani,men fò w pa met twòp bagay nan tèt ou tou,m pap fè anyen ki mal.

Daniela: Pou ou li pa mal,men gen lòt kap soufri akoz de sa.

Mwen: Pa enkyetew pou sa,pesonn moun pa viktim de sa,m pa ale two lwen,m konn sa map fè.

Daniela: Sa se saw panse Richard! Ebyen gen on viktim ke ou pa konnen.

Mwen: Kòman sa? Kiyès sa menm?

Gade m gade m wè l franchi ti kras distans ki te separe n nan épi l bo m sou bouch. M pantan,m sezi, lè m resi revini a mwen menm pou m pale avè l,li gentan kouri,m rele l,m kouri dèyè l,men li te gentan janbe lari a. Kisa sa vle di menm? Poukisa l fè sa? M rive lakay la,m chita atè anba galri a,m kou on moun ki egare,tout nanm mwen ale. M paka di ke se pa sa l te anvi fè e ke se yon kout aza,m byen wè ke se sa l te vle fè,men Poukisa menm? Poukisa?

Renmen moun ki renmen wWhere stories live. Discover now