Chapit 1

222 50 15
                                    

Nan po Daniela

Jodia m chita nan klas la,a vrè di kou a pa telman enterese m,m voye je m gad Richard,m wè l'AP domi. M soupire épi m fikse tablo  a. Kèk minit apre yo sone rekreyasyon.

Bon m mèt di m pa gn zanmi fi,paske gen zanmi,gen pale a moun,gen fè konesans a moun.Donk lè rekreyasyon m konn mache ak Nadine oubyen Sendie.Nou fin manje,nou desann anba.Pandan n'ap pase konsa,Richard rele m.

Richard: Ey Dani! Vini m pale w.

M kite medam yo m al kote l. Li t anba yon pye zanmann ak ti mesye l yo an palan de frè l la Peterson Casséus,Casimir ak Jeff.

Richard; Dani m pale w pou w pa mache a medam sa yo! Sitou pou Nadine nan,nanpwen ti fanm zenyèz konsa. Pito lè konsa ou vin chita la avèk nou.

Casimir: Sa misye ap di tifi a konsa? Gen de lè m rete m paka konprann misye.

Richard: Daniela se de je nan tèt mwen,se nòmal pou  m pwoteje l,m pa ta renmen l gen annwi.

Tan m renmen lè ap di ti pawol sa yo.

Mwen: Pa gen pwoblèm,m'ap ret la avèk nou.

Jeff: Bon ann kite kantik ann pran priyè. Mesye nou pa remake ke depi m maten Richard ap dòmi?

Casimir: Depi w wè sa, yèswa l t al la chas.

Peterson: Se kòmsi w te konnen!

Jeff: Pa dim se ak Vanessa ou te ye non?

Richard: Ak kiyès pou m te ye ankò? Apre tout rechèch sa yo, yèswa Christophe Colomb a découvert Haïti.

Men sa m paka tande a yo,malgre l di l on lòt jan,m gentan konprann. M chita kote yo a men lespri m pa la,m byen lwen nan panse m.Yo kontinye ap pale men m pap tande. Se vwa sansè à ki vin fèm pantan.

Sansè a: Vous n'avez pas entendu le son de la cloche?

Mesye yo sispann pale,nou tout leve épi nou monte nan sal nou.M eseye konsantre m tan byen ke mal sou pwochen kou a. M pa neglije etid mwen,paske se travay la ki ede m bliye kèk pwoblèm dè fwa.

Lè lekòl tèmine,m rantre lakay mwen,m salye manmanm, Smeralda pa la li nan kou inivèsite.

Manmanm: Gade! Lè w fin manje, desann kay madan Bonèl la,la p baw yon komisyon pou mwen.

Mwen: wi manman.

M fin manje,m fè sa manman m t dim nan épi m pran liv mwen.

Nan demen m tunen al chita kot ti mesye yo toujou,se pa pou sanwont mwen non m'en se paske depi lè yo sone à Richard pran menm li tou desann avèm.

Jeff: Mesye detan m tap sot tape devwa fransè a nan BTI la,m jwenn à on ti Lady,touswit nou echanje nimewo,bagay,pale,kounya li dim nan week-end nan li pral kanperen pou m ale avè l.

Casimir: Kote n pral la dirèk?

Jeff: So matirin li dim.

Peterson: Apre sa ou mèt bo pye l wi, li fèw al konn sit touristik.

Jeff: Pa ranse w avè m tande papa!

Nou tout tonbe ri,ak ti mesye sa yo dan w paka pa deyò.Sitou pou Casimir ak Jeff,2 radòtè,2 moun fou.

Mwen: E oumenm Casimir,kote w'ap voye kò w pou week-end nan la?

Casimir: Aaah pa gen aran sò! M pa gon w goud épi Malaïka ap fè tenten...

Richard: Ou konn m paka tande w ak Malaïka w la man,tout lasent jounen on sèl bagay.

Casimir: Ebyen bouche zorèy ou.

Peterson: Mesye ooh! M manke bliye. Avanyè si n konn sa Angeline fè m mesye. Kareman manzè di m ann soti,m di Ok,m mennen l bolye.Nou rive,m fè tab,nou vin bwè n al chita anba on pyebwa,li met tèt li sou jenou m,mwen ki panse m fin bon,m pral byen pase,e gade m gade m wè manzè e chan desperans li l rale.

Mesye yo rele anmwey,atè m chita pou m ri.

Richard: Gad on kout pik!

Peterson: Sa son w kout rach menm! Lè m diw m telman nève a,m pa di l anyen,m ret nan mwen menm,m tann li fin chante apre m mennenl lakay li. M tou fè kwa sou li tou.

Casimir: Misye pran nan pwotestan tèt mare!! Jan w frekan!

Richard: Men ou ta ede l chante bro.

Peterson: Tchuuiipps sal te ye la?  E lè l avè m nan pou l sonje ke se li ki pral chante nan sèvis pita a?

Mwen: Anmwey! Épi ou pap kite non.

Peterson: Yon sòlda k tonbe paka  kraze on lame chéri.

M rayi lè nou nan yon bon ti moman konsa épi pou yo ap sone a,m monte anlè a ak dezolasyon.

Tout sèmèn nan se te konsa,samdi  swa detan m chita lakay la konsa,Richard parèt.M te ak yon godé nan menm,gode à sot tonbe.Lè m di n ti gason an bò,li fre a,epa jwèt non, li met yn mayo manch raz à tèt blan,yon képi blan mitan vid épi devan dèyè,yon bout pantalon jòn,yon Nike blan ak yon chèn an lò.Sant pafen l ap pete nen m. Ku m fin detaye l m kouri ranmase godé a.

Mwen: Oh ou fèm pantan wi! Kote w pral la ou fre konsa?

Richard: M pral nan yon klèb pi ba la,m te pase pote devwa pa m nan pou ou,wa pran sa wap pran ladan.

Mwen: Ok! Ou gentan fin revize?

Richard: Non m poko non, M'ap fini demen. Ma vin revize matematik la ansanm avè w.

Mwen: Ebyen Ok,map tann ou!

Richard:Dakò,m ale wi,m pa ka ret anpil. Na wè demen.

Mwen: Demen.

M swiv li jis anba galri a,lè m rive deyò a,m wè on ti dam kanpe bò moto l la.

Ti dam nan: Dat sa ou antre anndan?

Richard: Saw gen la? Vini banm prezantew. Chéri m prezantew Dani,zanmi m,ti sèm ke m renmen anpil.Dani m prezantew Vanessa,mennaj mwen.

Sa pi rèd kon w kout kouto,sa sonw kout manchèt dirèk.Ti dam nan ap gade m l'AP souri,li lonje men ban mwen,m kouri pranl malgre menm ap tranble.M souri ba li tou épi m di l m kontan konnen l.Apre yo monte moto à épi yo ale.M tou bese m chita atè a paske m santi pye m paka kenbe m ankò épi dlo sot nan je m.

Nou kapab etone paske nou wè m soti yon liv an kreyòl.M fè sa jis paske m vle ke kreyòl la gen yon ti plas tou pami tout lòt lang yo.Tou kòm blan an ka vin sou Wattpad li jwenn yon liv an fransè,anglè,oubyen espanyòl pou l li, Poukisa tou nou menm Ayisyen nou paka jwenn youn an kreyòl tou ki se lang manman nou,pou nou li? Wi nou pale fransè,men si vrèman nou tap chwazi yon lang ofisyèl pou Ayiti se tap kreyòl la paske soti sou ti bebe à rive sou granmoun nan,yo tout pale kreyol ,nou pa al nan okenn lekòl pou sa.
Se vre ke nonb Ayisyen sou Wattpad la piti men c pa konbyen nonb de vi m pral genyen ki enterese m,men pito ba lang kreyòl la on ti plas.

Kontinye li istwa sa,ladan ap gn tout reyalite lakay,jan jèn yo ye kounya,map pale de vil okay ki se vil mwen ak anpil lòt bagay.Ou mèt kwè m ou pap regrèt.Pataje liv la otan ke ou kapab.

#Vote
#Kòmante
#Pataje
 

Renmen moun ki renmen wWhere stories live. Discover now