Chapit 24

86 18 13
                                    

Nan po Richard

Detan m nan bra frè m nan map kriye konsa,m santi on men ki separe nou avèk vyolans,epi san zatann,yon kalòt ateri nan machwè m.

Smeralda: Tout sa se ou ki lakoz! Eske ou rann ou kont ke akoz de ou,Daniela manke touye tèt li?

Peter: Smeralda kalme w! Ou kouri twòp ak bagay yo.

Smeralda: Pa mande m pou m kalme m épi oumenm retiré kò w nan sa! Si....

Dam ki sou kontwa: Mezanmi souple,la son w lopital,gen moun malad anlè a bezwen trankilite,si n bezwen fè bri,plas dam nan tou pre a,mèsi!

Smeralda: Eskize Madam!

Li gade m li twaze m épi l tounen nan pye manman l lan,ki sanble pa nan moun isi. M merite kalòt li banm nan e ankò plis,sèlman li rann mwen sèvis koz m Pat gen ase fòs pou m bay tèt mwen l.

Peter: Ou vle al lòt Kote bro?

Mwen: Non,map ret la.

M avanse,m chita sou on chèz,epi Peter chita kote m nan. Figi m te plis sanble a on moun ki sot nan antèman ke on moun ki vin wè on moun lopital. M mande dam nan kote twalèt yo ye,li montre m épi m al lave figi m.

Lè m tounen,m jwenn doktè a k'ap pale a manman Daniela. M vin aprann ke li pa an danje ankò koz yo te kouri ba l lèt. Apre manman l kouri al wè l.

Nan po Daniela

M ouvri je m tou dousman,m santi m fèb,lestomak mwen ap fè m mal.

Manmanm: Daniela chéri,mèsi Bondye,pitit mwen An leve. Poukisa ou fè m sa? Kisa w te genyen? Bon Daniela,kisa m te pral di papa w mezanmi?

Mwen: De..dezo..le manman.

Manmanm: Daniela wap di m ou dezole,kisa m te pral fè mezanmi? Ki dans m te pral danse? Daniela Se 2 grenn pitit la m genyen,m pa gen 3 non. Kisa yo fè w kifè ou te vle touye tèt ou a? Di m. Eske se fòt mwen? Daniela M pa okipe w ase?

Kè m fè m mal,lap pale,lap kriye,dlo sot nan je m. M fè sa sou yon kout tèt san panse a li,si m te mouri kisa l te pral fè? Kounya kisa m pral di l? Sa m pral di papa m? Wooy lestomak mwen ap kraze m.

Mwen: Manman m grangou.

Manmanm: Doktè a di ou poko ka manje.

Mwen: Lestomak mwen ap fè m mal anpil wi,m santi anndan m vid,pale ak doktè a,m grangou anpil.

Manmanm: Fò w te panse a sa avan ou te deside kwit trip ou,kounya wap tann yo an bon eta pou w ka manje,epi se ti bagay fen sèlman ou ka pran.

On moun ap frape nan pòt la,manman m di l antre,epi ete Smeralda. O Jezi,sa m ta pral fè la menm? Li kouri vin koke m.

Mwen: Wooy wap retire bagay la!

Smeralda: Vrèman Daniela,ou stipid,ou Pat panse a nou menm? Kisa n te pral fè? Anplis ou genlè konnen e nan fi m ou ye la? Ou manke mouri wi,vrèman,e m sur ke si w te mouri,menm oumenm tap regrèt tèt ou. M pa felisitew menm!

Mwen: Eske gen yon moun kap vin la ki pap jije m? Wi m te fè sa san reflechi e vrèman m mande n eskiz,m pa konn sa k te pran m,se jis ke m Pat santi m byen. M vrèman dezole pou sa,m konnen m te aji san panse a konsekans,se sak fè map mande w padon manman,Smeralda m dezole. Tanpri sispann jije m,ede m pito souple.

Manmanm: Ou gen chans m Pat gentan rele papa w,paske m pa te konn sa m ta pral di l,ak ki kè? Eeeeeeeyyy!

Apre kèk ti pale ankò,yo kite chanm nan,yo desann.. Apre pòt la frape épi Richard antre,li fin fèmen pòt la,li kanpe l'ap gade m,li pa janm di anyen Aprè li souke tèt li,li avanse,li met ajenou bò kabann nan épi l met tèt li sou vant mwen l tonbe kriye.

Richard: Padon Dani,silteplè padone m!

M leve tèt li épi m fè l gade m.

Mwen: Ou se tout vi m Richard,san ou mwen Pa anyen. Sa k sot pase la pa on jwèt,m Pat fè espre. M renmen w a yon pwen ke m paka detèmine,san ou m pa egziste. E si m manke met fen a vi m,se jis paske ou Pat ladan ankò.

Richard: M Dezole Dani,m pap fè sa ankò,m Pat janm panse sa tap rive la. M pwomèt ou ke m pa janm abandone w ankò,ke map toujou la pou ou menm Jan ak avan. Ou enpòtan pou mwen anpil e m pa vle pèdi w,m pa vle wè w ap soufri Sitou si Se akoz de mwen. M pwomèt ke m pap met dlo nan je w ankò.

Mwen: M konn ke w pa konn fè fo pwomès m'en konprann ke apre kew fin konn verite sa,nou pap ka repati sou menm baz la ankò kòmsi tout sa k fenk sot pase yo Pat la.

Richard: M konprann e se poutèt sa ke m vle rekomanse a zewo avè w,ou demoutre m pi gwo prèv lanmou ke pesonn Pat janm oze,e se pa pou sa ke m pran desizyon sa men se paske m vle l vrèman. Daniela,eske ou vle mennaj mwen?

M pantan,m etone,m friz,m pa konn sa pou m di. Sa fè si lontan ke map tann li pwononse fraz sa oubyen ke l konsidere m kòm tèl épi lè l resi di l la,m ret kou on gwo egare.

Mwen: Men .....

Richard: Non Daniela,ou pa fòse m,se mwen k vle sa e pa di ke m pa renmen w Jan ou renmen m lan,m vle pou w ret bò kote m e map aprann renmen w plis chak jou. Alò,kisa ou di?

Mwen: Wiii.

M kontan,m kouri koke l,enfin rèv mwen An reyalize. Oh mèsi Jezi! Si m te mouri gad tout sa m tap pèdi mesye. Wouy priyè a monté,gras la desann.

Lè w wèl pi fènwa,se lè sa li pral jou! Aprann pasyan,tann jou paw la,tout ve ou yo gen pou yo egzose.

Renmen moun ki renmen wOù les histoires vivent. Découvrez maintenant