Chapit 6

98 17 1
                                    

Nan po Richard

Manmanm: Richard, Richard,se 7h20 wi l ye la,ou pa pral lekòl maten an?

Mwen: Mhmm...

Manmanm: Richard leve kò w sou kabann nan! Ma vide dlo anwo w wi.

Mwen: Aaah kò m ap fèm mal manman.

Manmanm: kò w pa te ka pa fè w mal vre! Antouka leve vin al benyen pou w al lekòl,m pa pran gason parese lakay mwen mwen menm.

Li deplase épi apre on minit yo konsa m leve,m detire kò m,m al benyen épi m met inifòm sou mwen,apre m fè nan kizin nan pou m'al chache bagay pou m manje.

Peterson: Konpè manyen kò w non, e 40 li pral fè la wi.

Mwen: O O tann mwen! Saw gn la ou cho nan kò m nan?

Peterson: Ou malad man? Ou kou moun mò pete sou li an.

Mwen: Tèt mwen ak kò m kap fè m mal sèlman, bon m fini,ann ale.

M pran valiz mwen,m pran moto a dèyè a,nou monte épi m derape. M tap kondi byen pwòp,detan m nan wout la,gen yon dam ak on timoun ki t'ap travèse,yo genlè Pat byen gade,paske m rive sou yo épi se lè sa yo pral travèse.

Lè m wè m rive sou yo vre épi yo pa sousye de sa,m fè yon sèl kout fwennen pou m pa frape yo,m en malerezman te gen yon moto dèyè m nan ki genlè Pat atann a sa e ki rantre sou nou. Mwen ak Peter nou chaviré ak moto a,m pa konn si dam nan gentan frape,menm konn ke m tonbe e ke tèt mwen frape atè a,apre m pa knn anyn ankò.

Nan po Daniela

Detan m nan klas la jodia,yap fè apèl,lè yo site non Richard,pesonn pa reponn,lè m gad nan plas li a m wè l vid. M gad Casimir ak Jeff,men yo tap pale antre yo.

Mwen: Ey mesye yo! Kot Richard?

Casimir: Esa map mandé la wi.

Jeff: Richard pa on moun ki konn  fasil pa vin lekòl non sof si l malad oubyen l gen on lòt bagay.

Casimir: Lè rekreyasyon n'a mande Peter.

M vire tèt mwen devan,se vre sa etonan,m gad nan telefòn mwen,m pa wèl kite okenn mesaj di l pap vini. M siveye pwofesè à épi m voye yon sms an kachèt ba li,jis pou d'il apa l pa vin lekòl.

Lè rekreyasyon,m desann,m te chita ak Nadine nou tap pale épi Jeff rele m,m al kote l.

Jeff: Peter pa vin lekòl tou non.

Mwen: O O sa kap pase konsa?

Casimir: Madam Merline genlè fè grèv! L pa voye youn nan mesye yo lekòl,kèk bagay yo fèl maten an wi,janm konn madanm sa renmen lè tout bagay nan lòd!

Mwen: Mhmm,m ta swete esa vre!

M pa konn Poukisa menm santi kèm ap kase,m pa santi m nòmal. M te kanpe m tou chita.

Casimir: Ou anfom Daniela?

Mwen: M pa santi m byen men m pa konn sa m genyen dirèk non.

Jeff: Mhmm Fanm toujou plen maladie yap envante!

Mwen: M pap envante non,m jis pa santi m byen,m konn Jan m ye lè m byen men la m pa santi m byen.

Casimir: Marasa l Richard ki pa la kifè l pa santi l byen an wi.

Mwen: M kontan wèw ke w pa janm kite radote wi,sinon m tap kòmanse prepare rad antèman m wi.

Casimir: M gen pou m kite? Jou m ta kite radote,nou mèt fè vèy mwen! Sak te pase a te fè m mal se vre,men m pa pral chanje ni atitid mwen ni sa m renmen pou sa,pandan ke l'AP byen vire épi mwen menm m pral chita nan fennen figi m chak jou pou m rale mizè sou mwen, jamè machè! O manzè t'ap ri m anpil!

Jeff: Depi lè m konnen w ou resi reflechi ak tèt u frè!

Casimir: Ou soumoun wi! Ak kisa m te konn reflechi?

Jeff: Sa e kesyon pou m ta poze w! E ou k tal pèdi je crois en Dieu w,ou tal foure kò w anba manman Dyab sa.

Casimir: M regrèt a mò baz! Sa pap rive m 2 fwa.

Mwen: Ou k konn afè w!

[.......]

Lekòl la tèmine épi m pran chemen lakay mwen,m gon w grangou k'ap bat mwen la,m mandé pye m sa m manje m pa ba l,tèlman m mache rapid. Lè m rive,m jwenn manman m ak Smeralda nan salon an.

Mwen: Bonswa tout moun!

Manmanm ak Smeralda: Bonswa.

Manmanm: Fè rapid al retire rad sou ou non,m konn wap vle al lopital la.

Mwen: Kòman sa? Lopital Poukisa?

Manmanm: Ti mesye Merline yo fè aksidan maten an,yo lopital jeneral la pou kounya.

Wooy! M tèlman sezi valiz la sot tonbe nan menm. M rete bouch ouvè,m paka di anyen.

Manmanm: M te konn sa tap choke w wi,bwè ti dlo pitit mwen.

Manmanm banm dlo a,m bwè l,m retiré inifòm nan,m pa benyen non,m met lòt rad, m pa menm manje menm épi m pran on taksi m fè l mennenm lopital la. M rive devan lopital la m kanpe,se kòmsi pye m pa vle swiv mwen ankò,m kanpe m'ap gade,m pa konn si pou m moute,si pou m desann.

Tout panse m se,eske l grav? Eske map ka gade l nan je? Tout kò m kòmanse fè chè de poul. M deside enfin pou m rantre nan sal ijans lan. Lè m preske rive,m jwenn Madam Merline ki chita atè a k'ap kriye,kè m sere,dlo m gentan prèt pou koule.

Mwen: Bonswa Madam Merline!

Madam Merline: Daniela pitit mwen! Men pitit mwen yo manke mouri la wi,2 a sèlman m genyen m pa gen 3,men yo manke ale kite m wi! Richard Pat menm sou al lekòl maten an,mwen k'al leve l lan kabann wi,men kounya m manke pèdi pitit mwen An woooy,mezanmi!

L'ap pale l'ap kriye,m tonbe kriye tou. Apre papa mesye yo vin parèt,m mandé l pou mesye yo li di m yo anndan,yo pa two grav, Richard Pat konsyan se talè a l leve,m ka al wè yo. Men bagay serye,m anvi antre,m pa anvi antre.

Wouy ti chapit sa fè kè m fè m mal,men fò ti Richard M nan te pase pa la. Ni tou kò m gen yon bagay ki di ke se lè ou nan malè pou w konn si ou gen bon zanmi,nap swiv!
     Pa bliye!
#Vote
#Kòmante
#Pataje

Renmen moun ki renmen wWhere stories live. Discover now