Chapit 16

89 18 13
                                    

Nan po Daniela

M paka fin kwè sa mwen menm! M te a 2 dwa pou m di l sa épi ti soumoun nan vin kraze bagay la. Sa k pi rèd la li antre nan konvèsasyon moun voup voup,san l pa menm di eskize menm tchuuiipps. Épi l'AP vin pwopoze moun ann al nan ice cream,e konnen l pa konnen ke se vole m ta vole nan kòlèt li la wi. Kòm m deside fè Richard plezi omwen,m te wè l sou sa,m aksepte.

Misye pran fanm li li ale épi Richard avè m swiv li. Sa k pi bèl la ankò lè n rive,pou valè kote k vid pou moun chita,yo pran yon tab a 4. Wouy pito m kalme m!

Casimir: Oh m potko prezante nou non, mesyedam,Gaëlle, chéri,Richard ak Daniela.

Gaëlle: M kontan rekonèt nou.

Mwen Ak Richard: Ni nou tou.

Gaëlle: Nou fè yon bèl koup wi,m ta swete nou kenbe la.

Richard: Non nou pa an koup non,se zanmi m.

Gaëlle: Oh padon! Jan nou al ansanm la,m te panse ke nou te an koup wi. Se vrèman domaj!

Richard: Non nou jis zanmi épi nou youn pa gen entansyon sa,n ou zanmi twò lontan,nou tankou frè ak sè kidonk nou paka fè ras kabrit.

Donk se sa,si m te oze di l sa,se repons sa m tap jwenn. Nou tankou frè ak sè,nou paka fè ras kabrit. Alò se konsa l pran l,frè ak sè kanmèm men li pa pitit ni manman m ni papa m.

Mwen: Eskize m on moman,map vini.

M deplase épi m al nan twalèt la,m lave figi m paske m pa gen bòn min ditou,men kanmèm se yon eprèv ke m te dwe pase,m pap kriye,m bouke. M siye figi m ak on ray épi m soti,sa pap anpeche m viv vi m.

Richard: Dani ou vle cornet oubyen lòt?

Mwen: .........

Richard: Dani eske ou vle cornet oubyen lòt?

Mwen: Anh..Banm..Sa k ti bòl la épi vanille silteplè.

Mesye yo al fè kòmand épi m ret chita bò tab la ak ti dam nan. Ki desideman,foure bouch li nan tout bagay.

Gaëlle: Ki kote w lekòl?

Mwen: La providence e ou?

Gaëlle: Externat,ou genlè pa trè bavarde?

Mwen: Pa vrèman!

Gaëlle: M swiv sa wi.

Casimir: Pour toi ma belle!

Gaëlle: Merci chéri!

Richard: Vanille,jan w te mandé l la b,ak on ti frèz pou akonpanye l.

Mwen: Waw merci!

Nap bwè crèm épi nap pale,a prè m vin rilaks,m detann mwen épi m mete m nan anbyans lan. Tout stress ale,m ri kont mwen,anfèt ti moman te majik,sa fè lontan m Pat santi m byen konsa. Kou l kòmanse fè nwa nèt,nou youn salye lòt épi nou ale. Richard mennen m lakay mwen,men m santi m ta ret avè l nèt.

Richard: Bonne nuit Dani,à demain!

Mwen: Bonne nuit épi mèsi anpil pou ti moman sa,sa te vrèman fè m plezi.

Richard: Pa gen pwoblèm.

Li ale épi m antre,lè m rive m jwenn sè m nan ki chita nan salon an ap gad fim,kòmsi e mwen l tap tann,li kouri leve.

Smeralda: Alors,alors?

Mwen: Alors kisa?

Smeralda: Kòman sa te ye? Egare!

Mwen: Anh,li te vrèman supers,bèl bagay nèt. Nou t al nan Le Rozier,nou manje pizza Aprè nou te al nan ice cream nan.

Smeralda: Oh Waw! Épi ou di l sa? Kisa l di?

Mwen: Ah m pa gentan di l sa,anfèt m te kòmanse men Casimir vin enteronp nou épi m tou bay vag.

Smeralda: Sa yo rele Casimir vin enteronp nou an? Li enteronp nou,li te met dwat sou bouch ou menm? Kisa sa tap kite w pu w t di Casimir fon w ti tann wap pale de on bagay serye,oubyen ou te jis di sa,kite mele w si l te tande? Di pito ke ou jis pa gen kran,ou fèb.

Mwen: Ok ça suffit! Menm lè nou te vin chanje lye apre,m te toujou sou di l sa jiskaske l vin arive pwononse de pawòl ke m paka tande.

Smeralda: Sa l ye la?

Mwen: Casimir te ak on ti dam,li te pran nou pou on koup,men Richard di l ke nou tankou frè ak sè donk nou paka fè ras kabrit.

Smeralda: Sa ou paka tande a? Tchuuiipps u nèvan ma chère. Franchman ou pa pran kote m,ki vle di,ti sa l di a la gentan dekouraje w? Ou renmen l men ou pa sou ret avè l oubyen?

Mwen: Wi men se pap posib.

Smeralda: Ou k pa sou sa! Sak pap posib la? Bon kounya si l te gen on lòt fanm ou patap prè pou goumen pou li?

Mwen: Wi.

Smeralda: Ebyen kisa wap di konsa? Sa e bagay timoun wap banm la wi machè. Gade met fanm nan fanm ou tande! Fò w manyen fè je w chèch dèfwa pou w gen saw vle.

Mwen: Ok.

Smeralda: Se pa Ok,se aji,sispann kriye. Map met bon bèt sou ou,wap kònpòte w tankou w ti bebe. Dani,di l sa,si w pa kapab ou ka toujou banm fè travay la pou ou wi.

Mwen: Non,map fèl.

Smeralda: Apre sa pou w di Oh entèl te enteronp ou! Gade tifi a ap jwe ak kè l mesye. Ok,ou ka fè pi senp,si jamè ou pata gen kouraj pou kanpe anfas li pou w di l sa,jis ekri l on lèt,oubyen voye l pa mesaj. Ou wè ou te ka di sa byen lontan,e mechanste wap fè tèt ou wi.

Mwen: M kwè ke map chwazi opsyon ekri lèt la pito,tèt mwen ap pi poze,map konn sa pou m di.

Smeralda: Mhmmm bagay timoun! Banm al fin gad vye fi m nan tande,sa pi enteresan,ti bebe.

Seryezman m fatige,m bouke,tèt mwen plen. Si sèlman m te ka nèk fèmen je m épi tout bagay sa yo disparèt. Se pa aji map aji kou bebe se jis ke sa pi fò ke mwen.

Nou paka di m pa jere nou non,gen vakans fòse kounya,map travay pou nou. An pasan tou,nou konn ke istwa an kreyòl yo pa janm two long,donk pa etone n si nou wè l rive nan on 20 ou 25 chapit yo konsa.

Renmen moun ki renmen wWhere stories live. Discover now