Chapit 3

130 31 8
                                    

Nan po Richard

Nan yon Aprè midi konsa,m chita anba galri lakay la m'ap ekri sou watsap ak Vanessa.Manman m ap Peterson te la,men yo te anndan. Detan m konsantre nan telefòn nan, konsa gen yon bri moto ki vin fèm pantan.

Lè m gade m wè Casimir k'ap desann moto a tankou yon moun fou,li sanble à kèk moun ki pa byen.Li kouri vin sou mwen,li koke m épi l tonbe kriye.Oh m sezi! M potko janm wè misye konsa,lap kriye kou ti bebe. M kenbe l,m pase men nan do l,kou l komanse kalm,m pale avèl.

Mwen: kisa w genyen Casimir?

Casimir: Malaïka touye m,li fin avè m.

Mwen: Sa l fè w la man?

Casimir: Richard.....manzè...

Richard: Kalme w bro,pran san w,pa presipite.

Manmanm: Sa k gen nan kay la la? Oh Casimir apa wap kriye? Saw genyen gason m?

Casimir: Malaïka kite m.

Woy pou sa l'ap kriye à,tchuuiipps m konn e kèk bagay serye misye genyen an wi.Yon epav konsa kite w,bon débarras!

Casimir: Se pa paske l kite m nan ki fè m'ap kriye a non, se Jan bagay yo pase a. Yon fanm m te sitèlman renmen, menm lè l Pat pafè,m te fè tout sa m konnen pou l chanje. M te toujou fè on fason pou m depase tout lòt avan yo, paske m te renmen l e m te vle montre l ke tout gason pa menm.....men...

L'ap pale l'ap kriye,kè m te fè m mal pou li koz tout sa l tap di yo evre,defwa m konn temwen.

Casimir: Li rele m nan telefòn,li dim nou kite,m di l non bagay yo paka fèt konsa. M di l fò n pale,m envite l soti....li vin ak tout nèg li....li di m....

Manmanm: Oh konsa menm? Oh adye pitit mwen,vin jwenn mwen!

L'al jwenn manmanm épi manmanm konsole. M renmen manmanm pou sa nèt,li konsidere patnè m yo kòm pitit gason l. Nou mèt rakonte l tou sak pase nou,li pa stil de manman k'ap pale anpil pou tout bagay,li koul,se sak fè m renmen l anpil,li toujou la pou konseye n.

Peterson: Sa k gen la,sa k gen la? M tand kriye.

Mwen: Malaïka kite Casimir man.

Peterson: Poutèt sa lap kriye a? Gad de radòt mesye! Casimir M konnen an wi k'ap kriye pou fanm nn. Bagay serye,detan m dèyè a m tande lap kriye,m konn se granmoun nan ki resi mouri wi. Bon m pito ri koze sa!

Manmanm: Se pwoblèm sa ke m gen avèk nou an wi,nou pran tout bagay pou jwèt. Si bagay la fèl mal e ke li santi ke se kriye li la kriye,kite l kriye. Dayè kriye pa vle di kew fèb,gason gen dwa pou yo kriye tou,dlo nan jew fèt pou l koule,siw ret konsantre ou k malad.Anpil fwa nou pito di moun ke nou byen pandan ke anndan kè n ap dechire. Nou plis kwè nan fè wè ke nou fò,ke nou gen kouraj pou nou sipòte tout bagay alòs nou tou fèb. Lèw kriye se delivrans ou pote pou nanm ou ki ap soufri a.

Bon manmanm fèmen bouch Peter,menm mw menm tou nan moman m Pat knn sa pou m te di.

Manmanm: Moun k'ap diw " O mwen menm,nan ki kriye m te ye!" Nou twouve moun sa fò,li kapab,poutan Mhmm sak nan kè yanm se kouto ki konnen l. Se vre ke se pa kriye a ki pral rezoud pwoblèm nan ni tou ou pa sipoze lese w ale twòp lèw ap kriye.Se sak fèm di toutotan ke n ka kriye,kriye.

Casimir te komanse kriye apre sa l pe.Nan yon lòt sikonstans,m tap tèlman ri misye,men manmanm te toujou dim pou pa ri nan malè moun koz ou pa konn sa kap tann ou pi devan.

Manmanm: Ni tou Casimir,si depi davans ou te wè ti dam nan Pat renmen w,ou Pat sipoze ret avèl. Sa fè m paka kwè nan bagay moun ap diw ke lanmou an ap vin Aprè a wi paske mwen menm mwen pa janm wè kote yo mete soulye avan chosèt. Siw te sou serye se byen,paske gason serye yo ra nan moman sa,men ou te dwe sur de santiman moun nan kanmèm,omwen fòw te konn si l t apresye w avan kew te livre kèw ba li konsa. Se pou w renmen moun ki renmen w pitit gason m,san sa wap fè kòve.

Casimir: Madam Merline ou gen rezon,men lanmou ke m te gen pou li an t rann mwen avèg,m te bliye tèt mwen pou m te satisfè l.

Peterson:  Yo gen rezon di depi w damou ou kaka vre mesye!

Manmanm: Non pitit mwen,sa se bagay moun ki pa knn renmen ,repete. Jan sa bèl lè de moun renmen épi yo toujou rete soude! Epitou si m pat al nan damou,oumenm ak Richard patap la non. Lanmou bèl lè de moun ki konn renmen,renmen.

Pyè à tonbe nan jaden m kanmèm wi,m poko gn anpil tan ak Vanessa e m poko janm ka di si m fè on bon chwa. Bon m pa damou men m renmen l kanmèm.

Demen maten nan lekòl la,

M chita nan sal la m'ap ekri nòt,nòt yo telman anpil,men m fè m mal,m pran on ti poz. M vire gad Casimir,plim nan kenbe nan men l,je l sou tablo a men se pa tablo à lap gad vre. Podyab ti malere a! Yè se mwen ki te mennen l lakay li koz manman m Pat vle l kondi.

Nan rekreyasyon an,m'ap manje ak mesye yo,Casimir ap gad manje a,manje a ap gade l.

Jeff: Casimir ou malad man? Depi m maten m pa konprann ou.

Casimir:  Pito m t malad vre wi.

Jeff: O o! M genlè rate on bagay,kòman figi w ye la menm,sanble moun ki pa dòmi an?

Casimir: . .....

Mwen: Kite nèg la anrepo non man!

Peterson: Ou pa wè Malaïka fè l tounen on mò an vakans!

Daniela: Jeff men mèt Ariste ap relew,nou eskize m wi.

Jeff: M'ap vini mesye!

Daniela: Casimir ou malad?

Casimir:.......

Mwen: Li pa two santi l byen.

Lè yo sone,nou reprann kou yo. Lè lekòl tèmine,m pran Casimir m mennenl lakay la,m pote l ba manmanm,paske m Pat renmen Jan l ye a ditou.

Siw jwenn yon moun kap fèw kriye,se kite l ale. Chak moun gen yon grenn zanno andedan kay òfèv,pran pasyans.
#Vote
#kòmante
#Pataje

Renmen moun ki renmen wDonde viven las historias. Descúbrelo ahora