chapit 29

40 10 9
                                    

Nan po Daniela

Jou a rive,oooh lesyèl m resi gen 18 tan sa. Maten an m resi fè on ti domi tèlman Richard nan fè m ret tann minwi.

Sméralda: Joyeux anniversaire,joyeux anniversaire,joyeux anniversaire,joyeux anniversaire!

Mwen: Merci,ou fin kònnen zòrèy mwen kounya banm kado a non.

Sméralda: Apa m fè yon gwo bizou pou ou. Saw te vle de plis?

Mwen: Oumenm sa! Kot manman m?

Sméralda: Apa l dèyè a,m te wè l tap limen dife. Antouka m pran medsin.

Mwen: Si wè sa pentad la maron,soti map fè.

Sméralda: Encore mieux! Make up ou sou kont mwen.

Mwen: Pa vin maske figi m la non,on ti bagay tou senp m vle. Vini banm moutre w rad mwen an.

M te achte yon konplè,jip plake ki gn kòd sou kote ak top koulè mov epi m pral mete l ak air force one nwa m lan.

Sméralda: Li bèl wi. E ki kote nou pral la?

Mwen: M ezite ant Okay Délice ak Le Rosier.

Sméralda: Pran Okay Délice,Map vin ak Jackson.

M tou prevni mesye yo ke map tann yo Okay Délice bò 5h epi m soti pm Al benyen. M jwenn a manmanm,li bo m ,li swete m bòn fèt epi l dim fè vit pou m vin manje. M benyen,m manje epi m al chita sou kabann nan pou m ka al fin reponn mesaj mwen yo.

Lè lè a preske rive,m pare m epi m fè kèk bèl ti foto voye ba papa m,li tou banm apèl video,nou fè on ti pale apre m tann Sméralda epi n al pran taksi pou n al lotbò a. Te gen kèk nan ti mesye yo ki te gentan,m al salye yo epi nou pran on tab,apre Richard ak Peter vin vini,m te jwenn Jeff ak mennaj li.

Casimir: Epa sa ase moun? M pa bezwen moun ankò non,vin anpeche m manje la!

Jeff: Visye! Kite defo non.

Mwen: Rete sèl Jackson.

Mesye yo kòmande byè detan epi m bay fè yon pla fritay pou nou epi Richard tou bay fè yon mwayèn pizza,quel amour!

Peter: Men n pa moun non,nou vin fè chacun à chacune nou la epi mwen m kou yon bègwè la,m ta gentan tyeke on ti lady.

Jeff: Bon men Casimir ap gaspiye la,pran l.

Casimir: Si epa tidam lan ki avè w la,m foure pwen m nan dan w wi.

Jou baz sa al on kote,gon w silans total konn bwa mare. Ah! Li te lè l te tan pou yo te met on bon ti mizik. Menm kote a Richard pran men m,li fè m leve swiv li nou al bò baryè antre a.

Richard : M potko di w ou bèl non.

Mwen: Ah merci! Èske m bezwen retounen w konpliman?

Richard: Bon kanmèm se pa two nesesè,fèmen je w kounya.

Mwen: Hmmm ok!

Pa la pèn pou m mande poukisa,m gentan konprann,m santi li mete yon bagay nan kou m,men li di m pko ouvri je m. Apre l pran men goch mwen li tache yon bagay,m sipoze ke se yon braslè.

Richard: Ou mèt ouvè l kounya.

Se yon braslè ajan ki fèt an kè selman ak yon chèn ajan ki make Dani ladan,waw m tèlman kontan m bo l epi m koke l epi e lè sa m santi kout flash sou nou. Lèn gade nou wè ti mesye yo kap fè foto n,soumoun sa yo.

Casimir: M pran bo a,m pa konn pou nou.

Peter: E video m fè mwen,nou mèt kontinye wi,fè kòmsi n pa wè n.

Richard: E pou sa m leve lotbò a eu,nou vin swiv moun jis la.

Peter: Aaah ou pa bezwen pale bro,map voye vidéo a ba ou.

Nou tounen al chita,epi sèvez yo kòmanse vin mèt kèk bagay sou tab lan pou nou. Lè tab lan fin pare byen bèl,m fè foto l epi an apre m wè yap vin avèk yon gato epi yo kòmanse chante pou mwen. Waw,ke m gen 18 tan chak  jou,m timid yo fè ti kè m kontan.

Mwen: Oooh merci! N'ap fè m plere timoun.

Jeff: Gato an se patisipasyon nou tout ki la sof Richard bien sûr ki te gentan gen plan pa l deja,men sa pat anpeche ke vòlè a te okouran.

Mwen: Oooh m renmen l,merci! Nou klere jounen an nan menm. So ann kòmanse kounya,nap fon w ti priyè tou kout avan.

Casimir: Jezi,ou konn tout bagay,amèn!

Tout moun tonbe ri,tyanpan sa sonw moun ou paka al nenpòt kote avèl men lè l pa la,ou sonje l. O final nou jis fè on ti tan silans epi nou atake fritay la avan. Nou tou pwofite fè ti vidéo n,bay ti blag nou,n fè ti danse. Ah bèl ti sware kanmèm!
Nou rantre zòn 9 vè pral nan 10 zè,men m te kanpe ap pale ak Richard devan lakay la.

Richard : Alors ,ou kontan? Kòman w te twouve ti moman?

Mwen: Ooh sa vrèman fèm plezi,epa kontan m kontan ase. Se pat grandyoz men kanmèm se te sensè e se sa ki te fè bote moman,pou mwen.

Richard : Kounya la ou granmoun la,ou pral frekan nèt.

Mwen: Talè m pral fè kat mwen la,menm 8 jou m pap tann.

Richard : Epi pam nan pa menm itil mwen anyen. Antouka,m pap anpeche w.

Nou te chita atè m wè l leve,m sipoze ke li fè lè pou l ale. Li lonje men ban mwen,m pranl epi m leve,m vin tonbe anfas li a.

Richard: M tap veye w lontan,e m pa bezwen konn ki moun ki pral gade n kounya,sa pa gade m!

Li kenbe m epi l bo m,se te si long si pasyone,kòmsi l pat vle lage m e ni mwen tou. E kòm an bon thug,l tonbe peze mouda m. Men domaj on limyè vin limen epi n oblije separe,yo te vin bay kouran.

Richard : Ebyen,map oblije kite w la oui,ma ekri w lè m rive cheri.

Mwen: Ok bby.

Richard : Ebyen rantre non pou m ka ale.

M ri m bo l epi m rantre,apre ma l gad nan fenèt la si l alè. Lè m vire mal pantan sou manman m kap gade m.

Manman m: Kòman sa te ye menm?

Mwen: Très bien,sware m te klere.

Manman m: Hmmm depi w di m.

M kouri pase akote,m rantre nan chanm mwen byen rapid pou m pa jwenn plis kòmantè paske kè m deja ap bat fò la.

Renmen moun ki renmen wWhere stories live. Discover now