chapit 11

89 20 3
                                    

Nan po Richard

Manmanm: Richard men ti soup m fè pou ou,leve pou bwè l.

Mwen: M pa vle manman!

Manmanm: Sa k fè sa? Saw genyen pitit gason m? Depi yè ou antre la ou pal,wap kriye,saw genyen pitit mwen? Pale a manman w,m pa renmen lè w konsa non.

Kòm defwa lèw gen yon pwoblèm,ou deside pale a yon moun de sa,ou santi w on ti Jan koz sinon pawòl la a toufe w,m deside pale a manman m.

Mwen: Manman,nan tout sa k rive m nan lavi m,sitiyasyon sa resi depase m. Chay sa two Lou pou mwen. Manman.....ouuf... Vanessa... Vanessa ansent.

Li tèlman sezi,li rete ap gade m kòmsi li te wè yon estratères,de je l kale sou mwen,kòm paka sipòte rega l ankò,m bese tèt mwen.

Manmanm: Sam tande la? Kisa ou di la? Eeeeyyy bon Richard..... mezanmi....Oh! Poukisa ou Pat met kapòt?

Mwen: Manman.....

Manmanm: Ki laj ou gen la ou pral papa, Richard 18 tan ou genyen wi, 18 tan. Ou poko menm fini lekòl ou,sam gen sou kont mwen la pou granmaten sa wap ajoute sou li Richard,bon....

Mwen: Manman pitit la pa pou mwen! Se pa pou mwen l ye.

Manmanm: Pa fèm sa! Kòman sa l pa pou ou a? Epa avè w li rete,ou fin ansent pitit moun yo épi wap di l pa pou ou? Epa konsa m te leve w non, sois un vrai homme et prend tes responsabilités! Ki egzanp ou pral ba ti frè w la menm?

l'AP pale anpil,li pa menm kite m defann mwen menm,men kanmèm m te konn diskisyon an tap konsa em pa menm gen fòs pou m pale anpil non.

Mwen: Manman koute m non souple,s'ak....

Manmanm: Non Richard M desi,ou soti pou touye m avan lè,jan m te kwè nan ou la,sa w....

Mwen: Timoun li an pa pou mwen,li te twonpe m ak on lòt.

Manmanm: Ki pawòl sa yo?

Mwen: Depi avan aksidan,m Pat fè anyen avèl,jiskaske m fè tout tan sa ak bra m kase,yè m al lakay li à li dim li ansent,si ete pou mwen Li tap gentan gen vant,e pi menm limenm konfime sa. Petèt ke l Pat janm renmen m, se mwen ki te renmen l. Sak pi rèd la,li mandé pou m ede l,pou m di se mwen ki papa pitit li a.

Manmanm: Sal ye? M defann ou fè bagay konsa! Li tal nan chat chawony li an deyò, yo bal on pitit,ke l ret avè l. Si ete pou ou,ok. Men l pa pou ou,pa mele w de bagay konsa,fè kwa sou moun sa! Deja janm te wè l la tou,li Pa te ka pa on timoun ki cho,nan pran pòz yo,yo pran de levèl ki twòp pou yo.

M vin santi m mal, m te fè yon move chwa,malgre sa tout moun tap di se li m te wè. M tonbe kriye,m pa ka kenbe ankò.

Manmanm: Pa kriye pitit mwen! Antouka mye vo ke bagay yo pase konsa,kew te fin f viw avèl nan pita épi c jis alafin ou vin dekouvri kiyès li ye. À quelque chose,malheur est bon!. Pa bay tèt ou pwoblèm pou sa chéri.

Mwen: M renmen l manman!

Manmanm: Petit à petit tout bagay ap ranje,pasyan cheri. Pa fè tèt ou mal pou moun ki pa merite l ok,la vie continue. Sa se jis yon etap, pyew jis pase sou yon bit,batay pou pa tonbe. Met gason nan tay ou pou w afwonte lavi a,ou pa dwe pèdi konba,ou pi fò ke li. Donk siye dlo nan jew épi avanse an avan.

Mwen: Mèsi anpil manman!

M siye je m,li pran m nan bra l. Pawòl li yo fèm du bien,komsi se sa egzakteman m te bezwen tande. M pap kite bagay sa pote m ale.

Peter: Hmmm hmmm! Eskize wi,manman pa gen sa w te voye m achte a non.

Detan Peter la,map tou pwofite pale avèl. M dwe mandé l eskiz,li te gen rezon,se mwen ki te gen tò. Epitou m Pat dwe aji konsa avèl.

Mwen: Peter vini m pale w silteplè,manman ou mèt rete tou wi.

Li gade m kòmsi li pa kwè ke se avèl m pale a,manman m fè siy ba li épi li chita sou pwent kabann nan,m vin chita anfas li a. M ap gade l,m wont,mo yo Lou,men map pwononse yo kanmèm.

Mwen: Frèm,m ta vle mandé w padon. Ou te gen rezon konsènan Vanessa,ou te pale m,men m Pat koute w ew pa konn konbyen m regrèt koz m te kite lanmou m pou li avegle m em te arive fache avè w,oumenm ki se pwòp frè m. Tanpri eskize m,m rann mwen konn two ta de sa ou te vle dim nan,m Pat tande w koz m te wè ke m pi gran em te konsidere m te gen plis eksperyans,padone m tanpri.

Peter: M Pat gen anyen avè w frèm,m te jis vle kite w pou w wè poukont ou,e sa touche m anpil ke w mandé m padon,men avan kout pwen ou te banm nan,fòm remèt ou l wi.

Mwen: Ou pa janm pap radote!

M bal on ti kou nan epol épi m rale l vin sou mwen,m bal on akolad. Manmanm kontan,li pran nou tou lede nan bral.

Peter: Talè,talè! M pap kite la san m pa konn zen an non mwen! Sak te gen la menm?

Manmanm: Vanessa Ki manke touye frè w banm! Apa m tande l ansent pou lòt nèg épi l vle pou Richard di ke pitit la se pou li,ala fanm sanwont! Ala fanm je chèch!

Peter: Bagay serye wap pale la? Papa l te mouri kite byen nan men nou? Gad de salmanaza mesye! Kote moun pran la? Eeeeeeeyyy manman bèf plenn!

Manmanm: Ey, tifi a pa bèf.

Peter: Poukisa ou banm pata sa dèyè tèt la? Epa di m di l bèf non,se bagay la yo di konsa wi.

Nan lekòl,nan rekreyasyon...

Casimir: Bon m sezi wi mwen menm!

Jeff: Genlè e ou k vin a epidemi bagay fanm sa nan baz la wi,m pap fè le suivant non mwen menm.

Casimir: E pa mwen k te vle sa rive m non baz,epi se pa fòt Richard tou non,fanm yo k pa bon wi.

Peter: Pa kouri di fanm pa bon non,jis gen kè di ke n fè move chwa. E nou konn fè fanm sa tou,bagay la e vice-versa l ye,sinon gason pa bon tou.

Mwen: M kore w wi baz,bagay serye ou di la!

Jeff: Mesye ooh! Épi m regrèt m Pat kite Daniela sabote manzè byen sabote wi,genlè e menm ki te grate m kifè m t'al separe goumen sa.

Casimir: An yo te goumen?

Jeff: Lutte sauvage féminine wi baz,chak lè ou fin redi yo,yo tounen ankò. Daniela te gen rezon Pat ka sipòte l la.

Casimir: Jwètman ti mesye,ou wè mwen ki oumenm Richard, anwo ti sak te rive m nan konpare a sa k rive w la,m bay tout fanm vag wi mwen menm.

Peter: Aaah ki bagay misye ap di la l menm? Kilè wap konprann ke se pa ni fanm,ni gason ki pwoblèm nan,men se chwa w fè a.

Jeff: Jwètman tou,Peter genlè pi mâture ke ou Casimir!

Mwen: M konprann Casimir nan yon sans,si l te ouvri kè l e ke l pran kou,l pap janm panse menm jan ankò. Erè fè w grandi,jus bat pou w pa fè menm erè a de fwa.

Dezole pou reta m te pran,m jis espéré ke chapit l'an ap rive sou nou. Map fè tout posib mwen pou m pibliye a tan.
#Vote
#Kòmante
#Pataje


Renmen moun ki renmen wWhere stories live. Discover now