Chapit 18

84 16 15
                                    

Nan po Richard

M nan klas la m pa k swiv,yèswa m fè on bon tan paka dòmi nan panse ak sa k te pase ant mwen ak Daniela. Depi m maten m'ap gade l,li wè map gade l men l pa janm di anyen. Li dwe m esplikasyon,e fò m jwenn yo. Nu zanmi depi piti,n u grandi ansanm,m konsidere l kòm sèm e limenm kòm frè l,kòman yon bagay konsa fè rive? Depi kilè relasyon n te chavire?

Epa dat map tann pou yo sone men lè a poko janm rive,premye fwa m kwè m prese tande son klòch la konsa pou yon lòt rezon ke fatig.

Casimir: Sispann frape Pyè w sou bawo chèz la non Oh oh,ou nève m wi man.

M Pat menm swiv sa menm! Hmm kòm pa ret lontan,banm eseye swiv sa mèt la ap fè a non. Apre kèk minit yo sone,lè m resi deside konsantre m nan,yo vin deranje m.M nèk fin ranje valiz mwen,m gade m pa wè Daniela nan sal la. M kouri sot deyò a,m jwenn li nan eskalye a ap desann,m mache pi rapid,m kenbe l nan bra.

Mwen: Poukisa w'ap evite m depi m maten?

Daniela: Lage m Richard.

Sansè a: Ey Casséus! Respect mutuel,lage bra Daniela.

Tan mouche sa dan devan,m pa konn si gen moun ki te mande l. M lage bra Daniela Men m wè l kontinye desann,m kouri fin desann avan l,m bare l.

Mwen: Daniela fò n pale! Ew byen konn de kisa,m bezwen esplikasyon.

Daniela: M konnen Richard e map ba ou yo men senpleman.....

Mwen: Talè,ann debare wout la. Map koute w kounya Dani.

Daniela: Non,pa isi a. Map vin kote w pita.

Mwen: Sa k dim ke wap vini? Wa sonje ke lè m te rele w yè a,ou te kouri épi depi m maten wap fè kòmsi anyen Pat pase.

Daniela: Wi Richard Map vini koz gen des histoires cachés et des vérités ke w dwe konnen,m bouke kenbe tout poukont mwen,m santi m ap toufe.

Mwen: De kisa w vle pale Dani? Ki verite kache? Nou zanmi depi lontan,depi kilè ou te konn ap kache m de seri de bagay? Ki tout mistè sa yo? M pa konprann,se kòmsi m Pat janm konèt ou vrèman.

Daniela: Non ou pa bezwen panse mal,se pa on bagay ke m te ka di w koz m te pè reyaksyon w. Men kounya m vin reyalize ke silans mwen Pa nan avantaj mwen piske ou poko janm soupsone anyen.

Mwen: Sa m te sipoze soupsone la menm?

Daniela: Richard na pale pita.Fò m al pipi avan yo sone.

Mwen: Daniela pa fè m sa non!

Daniela: Si m di w ke map vini,se ke map vini.konbyen fwa m konn di w map fè on bagay deja m pa fè l? Donk m diw map vini,ret tann mwen Ok.

Li depase m épi l ale. Franchman m pa konprann pirèd,m pèdi.Sa k dwe genyen ke m pa konnen la? M te panse ke l te konn dim tout bagay wi.

Map konte lè pou lekòl la tèmine,tout pozisyon m pran pa bon epi map panse a on sèl bagay,sa Daniela pral di m pita. Si l pa vini,m ka toujou al lakay li,nou gen on sèmèn konje. Se kounya map reyalize ke se pa sèlman depi yè ke tout bagay vin etranj,m sonje ke lè n te nan Le Rosier a li te gen on bagay li t'ap dim ke m Pat ka konprann avan ke Casimir vin enteronp nou.

Ouf! Pito m sispann kraze kò m,ka gendwa epa menm anyen serye. Petèt li ka ap vin di m ke l gen on ti mennaj,non non,epa sa,sinon e pa mwen l ta vin bo. Hmm banm kopye nòt yo pito tande,m pap vin fou la!

Lè lekòl tèmine,mwen ak Peter nou antre lakay nou. M fin manje,m benyen,m wè manman m pral soti,kòm te gen kouran,m chita nan salon an map gad tele,m pa wè kot Peter fè. Lè manman m fin soti,m rale lòt la koz m te nan kay la poukont mwen,men m pa fin fèmen l nèt. Detan m a fon nan yon ti seri,konsa m tande pòt la frape.

Mwen: Kiyès sa?

......: Daniela.

Mwen: Anh antre non.

Li antre,li chita sou on chèz kote m nan,m fèmen televizyon an,m met chèz pa m nan anfas li a.

Mwen: Map koute w wi.

Daniela: Se pa osi fasil non Richard,la se relasyon nou ki en jeu,swa l pouswiv wout li,swa l tou kraze.

Mwen: Sa k fè sa? Saw fè? M pa wè anyen ki ka kraze relasyon nou,nou gen plis ke 11 zan amitye,m pata kwè ke m pral kraze sa pou nenpòt bagay.

Li bese tèt li,m leve m al akoupi devan l lan,m kenbe men l.Lè l leve tèt li pou l gade m,m wè dlo sot nan je l.

Mwen: Sa w genyen Dani,apa wap kriye? Pale avè m non,ou konnen m pa renmen wè w konsa.

Daniela: E pa fòt mwen Richard,epa sa m tap janm vle k rive.

Mwen: Kisa? Pale non,wap fè m pè wi.

Daniela: Sa fè ase lontan ke gen de bagay kap pase e ke ou pa janm swiv sa,lè m fè yo ou toujou panse ke se paske ou enpòtan pou mwen. Wi sa ladan tou m'en vrè rezon an ou pa janm konnen l. M te Sere l tout tan sa yo jis paske m Pat vle amitye n kraze e ke m patap ka sipòte si w lwen m,m te prefere soufri an silans. Gen de fwa m konn santi kè m ap rache lè m wè w avèk on lòt,a chak fwa ou prezante m mennaj ou,se te pou mwen on kout kouto e avèk Vanessa Se te pi mal......

Mwen: Kòman....

Daniela: Non Richard,kite m pale.Jodi à m deside di w tout sa k sou kè m,tout Soufrans ke lanmou sa pote pou mwen....M pa kapab ankò.....M bouke kriye a chak fwa ke m wè w avèk on lòt,m bouke jwe wòl meyè zanmi ki toujou kontan pou ou alòske ke kè m ap senyen pa anndan,m bouke fè move rèv a chak fwa ke m wè sa m Pat dwe wè...

Mwen: Men Poukisa tout pawòl sa yo?

Daniela: Paske m vle di w ke m renmen w Richard! E pa sèlman kò m yon zanmi,ou se premye nèg ke m renmen reyèlman nan vi m. Ou Pat janm poze tèt ou kesyon Poukisa m pa janm gen mennaj? Ebyen repons lan se paske se ou m renmen e m Pat ka fè anyen jis paske ou se pi bon zanmi m.

Dlo ap ponpe nan je m,kè m ap bat fò kòmsi l vle sòti nan lestomak mwen,m vin paka pran souf. Non sa pa posib,Daniela paka fè sa,sa paka rive. Non non!

Daniela: Richard,Richard ou anfòm? Richard! Padone m silteplè,se pa fòt mwen,Richard!

Mwen: Da........

Apre m pa konn anyen ankò.



Oh wi chapit la long! M konn nou kontan,voum nan lage. Podyab timoun yo! Nou konn sa nou pral fè pou mwen la? Chak mun ki vle ap poze on pèsonaj nan liv sa on kesyon nan on kòmantè. Nenpòt kesyon,tankou sa w ta renmen konn de li,poukisa e wol sa l jwe nan liv la,poukisa tèl lè l Pat fè tèl bagay??? Nenpòt sa w vle!
Lè liv la fini map fè on chapit an bonis pou nou,pou m ka reponn kesyon sa yo.
An pasan,ki pèsonaj ou pi renmen??
PS: Peterson😂 m'en Richard tou l nan kè m.

Renmen moun ki renmen wOù les histoires vivent. Découvrez maintenant