Chapit 5

110 21 5
                                    

Nan po Daniela

Manmanm: Gade de radòt! Daniela e 10 zè li ye la wi,menm gentan sot legliz epiw nan kabann,veso yo pa lave,travay pa fèt!

Wouy tèt mwen ap eksploze épi manmanm ap plede pale,m eseye leve m'en m pa kapab,tout kòm ap fè m mal.

Manmanm: Epa ou map tann nan,je l wouj konsa,fè rapid al benyen pou w vin fè travay nan kay la ban mwen,yèswa ou antre byen ta,depi w jwenn ponpe ou pa sonje wout lakay ou!

Ouf anfen li vire l ale,m desann kabann nan épi m mache a kat Pat jiska douch la,erezman t gen yon bokit dlo plen,m benyen ak tout rad la.Ti dlo à fè m santi m byen. Kou m fini m met lòt rad épi m fè nan kizin nn.

Smeralda: Ou resi leve sè m? Yèswa te twò chaje pou ou?

Mwen: Sa fè w pa okipe afè w epa manje wap fè?

Smeralda: Ey tifi! Konn kòman wap pale avè m!

Tchuuiipps m tou déjà pa nan bòl mwen déjà,vin gate sanm la! M pa gen bon lè menm maten an,e manje m santi m ta manje moun. M fin lave veso yo,m Bâle,m pase twal mouye,m siye mèb yo épi m tounen monte kabann mwen M kouche,lè manje a pare ma leve.

Nan po Richard

M fin met rad sou mwen,m pase pran Vanessa lakay li pou n al soti. Fanm sa fòl wi,yè m te avè l,jodia l cho pou nou soti toujou. Lè m rive,m frape,se limenm dirèk ki ouvri,m bol épi nou kòmanse pale.

Mwen: Kot manman w?

Vanessa: Li al vann,se mwen ki la poukont mwen.

Mwen: Bon jodi dimanch li al vann?

Vanessa: Si li pa al vann,kòman yap f jwenn bagay pou yo fè manje lakay ou chéri?

Mwen: An padon! M Pat konn zen sa!

M vire do m pou m ale men olye l swiv mwen Li kanpe rèd épi li tonbe pale,bagay m rayi moun ap pale anpil nan zorèy mwen,konvèsasyon l pa janm gen fen.

Vanessa: Eske wap rejete m paske manmanm son w machann?

Mwen: Non cheri sa wap di konsa? M se youn nan gason ki apresye kouraj fanm anpil,aprètou pito l ap vann ke l pap fè anyen. M te jis vire do m pou w swiv mwen koz nou prale,m pa moun konsa bae.

Vanessa: M kontan tande sa boo,ebyen ann ale non.

Li te lè,li te tan! Nou monte épi m mennenl nan La Glacière la,anfas lopital La place la toupre plas dam nan. M peye,nou antre épi nou pran yon tab nan fon an,nou kòmande épi nou kòmanse pale.

Vanessa: M renmen kote sa anpil wi,ou vin la souvan?

Mwen: Pa vrèman! Se yon ti dam m te ret avè ki rele Rachelle ki te fè m dekouvri ti kote sa.

Vanessa: Ah bon! Sa vle di tout kote ou te konn mennen Rachelle,ou mennen m la tou? Ou vle raple w de moman ou pase avè l yo pa mwen pavre?

Wouy Jezi! Lè m di n tidam nan stupid la! Mhmm,m tap chache m jwenn,malgre sa gendelè li rete li bon moun wi.

Mwen: Wouy mezanmi Vanessa! Sispann di stupidité non! Mwen ak Rachelle e bagay ansyen wi,si e Pat sa ou te mandé m,m patap menm sonje moun konsa menm.

Vanessa: Se saw di! Kounya wap pase m nan tenten!

Mwen: Gade m Pat vin la pou m bay esplikasyon sou kwa ke se swa ni pou m fache avè w,alò siw paka rilaks ou pou n pase yon bon moman,map mennen w lakay ou paske m pap vin kite w vin anmède zorèy mwen ak pawòl ou yo la.

Vanessa: Padon chéri! Pa fache.

Mwen: Non men evre! Defwa ou bon nève m nan wi,ou pale san réfléchi,ou fache pou tout bagay,ou fè Jalouzi pou atò 2 chen ki kole,m pa nan bagay moun ap mare pye m sa non mwen menm o o!

Vanessa: Ok Ok,kalme w non,dekwè m diw ou pa bezwen fache bby,m pap fè sa ank. Si m fè Jalouzi se paske m renmen w papi,m pa vle pèdi w.

Mwen: M renmen w tou,men m pap plede fè tenten pou otan non!

Vanessa: Ok chéri,sa pase,ann al danse boo.

Evre tifi a nève m vre wi,bon m pap gache moman,m swiv li sou pis la,yo tap pase mizik Harmonik ( Dènye chans mwen ),nou pozisyone n épi nou anchennen yon konpa. Wouy fanm nan mete m cho,volim gouyad li se la ray, m gentan sou twazyèm pye m. Lè mizik la fini nou tounen fè yon ti chita.

Mwen: M Pat konn si ou te konn danse konsa non.

Vanessa: Ou sezi! Antoulèka m jwenn rezilta m te bezwen an.

Mwen: M te santi e espre ou fè wi paske Jan ou tap fwote sou mwen la!

Vanessa: M sou sa wi bby!

Mwen: M konn ou toujou sou sa wi,m pap kapab aswè a épi m pa menm gen kapòt sou mwen.

Li foure men l nan ti bous li a épi li soti youn,nan kisa m pran la senyè? Épi m pa konn sa k pase m,m pa sou sa vre non.

Mwen: Dezole cheri m pap kapab aswè a,na ranpòte sa pou yon lòt lè boo.

Vanessa: Sa'k fè sa menm?

Mwen: Jis m pa anvi,na ratrape sa.

Vanessa: Mhmm ok.

Mwen: Ou pa fache?

Vanessa: Non non,siw pa vle ,m paka fòse w.

Li di sa men lè m byen gade l m wè li desi,li banm rega kòmsi lè timoun mande manman yo 5 goud épi yo pa ba li l. Pou m chanje lide l,m mennen l al mache sou plas la,te gen machann pwodwi atizana,m achte yon braslè pou li. Li ale pou l al pale anpil ankò,m tepe bouch li ak on bo. M chita sou on ban épi li met tèt li sou zepol mwen. Apre kèk tan,lè m wè l kòmanse fènwa,m mennen l lakay épi m fè wout lakay mwen.

Wouy Gadon w fanm! Defwa ou konn ap chache bon moun nan épi li bò kotew la ou pa wè l. W'ap mande Bondye pou l voye yon moun sou chemen w,li voye l m'en se li wap rele sista,broda,li ou pran pou best friend ou. Ou chita bò kot yon anpoul épi wap chache balèn.
#Vote
#Kòmante
#Pataje

Renmen moun ki renmen wWhere stories live. Discover now