Chapit 26

57 13 0
                                    

Nan Po Richard

Vwala ke se konsa ke de semèn an semèn,anpil chanjman ap fèt nan vi m. Franchman nan moman sa m santi m nan po m,m santi m sou yon ti nyaj em wè ke kè m kòmanse ap seche apre gwo ouragan sa l sot pran.

Avèk Daniela M tankou yon timoun piti,se kòmsi m fenk ap fè premye ti renmen m,m on ti Jan timid e jennen. Men li met jwa nan kè m,a chak fwa m gade l,li fè on ti souri akote,sa sèlman sifi pou fè m ri tou.

Casimir: E sèl mwen k wè sa m wè a oubyen m mal entèprete?

Peter : Monchè je wè bouch pe tande.

Casimir: Non,fò m sou menm! Richard,sa m konprann nan e sa? Poko poko,sa vle di dat sa,bagay yo resi fèt? Alelouya!!!

Mwen: Pale klè bro!

Casimir: Oh Oh! Nan nou tout la la dekwè e sèl ou k te egare,m te konn ap swiv Jan Daniela te konn ap gade w e tou sa l te konn prè pou l te fè pou ou,ou te wè l an stil zanmi men kanmèm noumenn,nou te wè l au-delà.

Mwen : M ta sipoze fout nou chak on kout pwen nan dyòl,antan ke patnè m,frè m,nou kite m fè tout pil tenten sa yo alòs si m te panse a posibilite sa menm Jan avè nou,m te ka gendwa pa ret avèl men men m t ka evite l viv de seri de bagay.

Casimir : M konnen man! Men se pat dwa nou pou n te di w sa tou non,e si nou te fè sa épi amitye nou an te tou kraze? M konn ki Jan de moun nou tou de a ye,e la map wè ke m rate on pati nan zen an,sak te pase menm? Ou k dekouvri sa oubyen e Daniela k di w?

Mwen: Sa pa twò enpòtan,relasyon nou an pase a on vitès siperyè,Daniela se madanm mwen kounya.

Peter: Ou pa santi ou kouri kite on bagay? Pata sipoze gen twòp pwoblèm pou n an koup,koz nou youn konn lòt deja e two byen menm ew konnen ke l renmen w anpil e tout jan,men oumenm,eske ou renmen l? Eske se pa sakrifye ou sakrifye tèt ou paske ou pa vle l soufri ankò?

Mwen: M konprann sa w di a em te pran tan m pou m reflechi,se pa paske sak te rive a se te akoz de mwen épi pou l pa fè l ankò, m lonje l lamen pa pitye non. Kesyon si m renmen l lan,vrèman m paka reponn li,Dani te deja gen plas li nan kè m. E m gentan kòmanse adapté m à sitiyasyon an,m byen konn ke m pap pran anpil tan pou m damou.

Peter : Ebyen Ok,sèlman bat pou bagay yo pa gate nan men w.

Casimir : Gen de bagay ki rive w nan lavi w,bagay sa yo e blag yo ye,e ri ou ta sipoze ri wi. Mesye,m sonje avanyè la n te konn ap pyafe,radote,nou Pat gen anyen sou kont nou,kounya serye pase n pa genyen! Monchè nou grandi two rapid wi mesye!

Mwen : Men ou toujou ret radòtè à wi oumenm.

Casimir : Ou konn fòk gen sa tou bro,m paka kite figi m di non mwen.

Peter : Antouka Casimir e sèl nou 2 ak rete,nèg yo nan ti soulye yo yo menm.

Casimir : Sa e ou k pral konnen! Mwen m poko gen anyen m bezwen fè,m pa sou damou la mwen menm,m jis ap distrè m.

Mwen: Apresa pou w vin fè makak wi,map pare on nich gèp pou ou.

Casimir : Epa sèl ou k pral tire l,ou gen pou w damou tou e fè plis makak ke mwen. Wii,men Jeff.

Konsa m wè blòdè a kap kouri vin sou nou tou swe tou bouke epi l tou met dèyè l atè kote n nan.

Peter : Kot revenan sa soti la?

Jeff : M pap okipe w,dijesyon map fè la baz,fal mwen plen a pate la.

Casimir: Epi ou vin radote la,n poko manje non noumenm!

Jeff: Oh oh,sa misye ap vin di m la? Banm bann zen, ti gason madan Calixte la genlè gen fanm ansent,paran ti dam nan al fè deblozay lakay yo a,apre pawòl anpil,maryaj klase.

Mwen : M rayi lè paran ap fè bagay sa wi,depi gen ansent u wè yo kouri sou maryaj. Epi lè konsa yo konn panse e byen yo fè wi,dekwè se jis pou moun pa pale yo mal. Sak fè lè konsa yo pa mete moun yo chita yo pale avè yo pito avan oubyen ke yo te voye je yo plis sou pitit fi yo.

Casimir : Si tout paran voye je yo sou pitit fi yo,ap toujou gen bagay sa wi,kache lap fèl,pa kache lap fèl,epi noumenm blòdè yo,nou pap viv nou menm!

Mwen: M pa baw madichon non,Bondye a fèw kado 3 pitit fi.

Casimir: M tap leve yo wotè tèt mwen m frape yo atè si sa ta rive.

Jeff: Bon janm bezwen sot ka manmanm nan la,kite yo mete on ti moso tè a dispozisyon m la siw wè m pa ansent youn,yo tap kouri al fè kay ban nou pou nou rete epi,kou kay fin gen blòk m fèl jete l.

Peter: Epa nèg Pòtoprens! Yo konnen w monchè,on bagay ou paka fè tout bon vre.

Casimir : La patrie an danje la,banm al dèyè on babekyou tèt kafou.

Mwen : Ann al manje ka Marie Thérèse la pito non,m byen anvi on ti diri a sòs fwa la.

Jeff: Nou pa janti ditou non,m vin jwenn nou epi nap kraze baz sou mwen.

Casimir : Epa twa chèz ki gen lotbò a sèlman non.

Jeff : Bon m pap manje mesye.

Peter : Wa ede madanm nan vann.

Jeff : Tan w soumoun!

Renmen moun ki renmen wWhere stories live. Discover now