Chapit 15

69 18 0
                                    

Nan po Richard

Kòm nou nan week-end,jodi à nou deside al jwe on ti foutbòl su tèren Land des Gabions an. An palan tou,telefòn mw dichaj la,m poko menm wè kote m pral chaje l e pita m pral nan sinema avèk Daniela.

Peter: Bro ou pa wè kranpon wouj e blan pou mwen?

Mwen: Li dekole wi,m te mete l anba kabann nan,pran sa ble a non.

Peter: Ok,m te wè papa m te rele m,ou pa gen kat man?

Mwen: Telefòn mwen dichaj,mande manmi.

M grangou wi,ban m al chache bagay pou m manje avan,m pap vin al tonbe feblès sou tèren an la.

Mwen: Manman!

Manmanm: Saw genyen?

Mwen: Pitit gason w grangou.

Manmanm: Gen pen sou tab la,pran manba nan ofis la,w ap jwenn ji sitwon nan frijidè a.

Mwen: Ok mèsi.

Peter: E mwen menm?

Manmanm: E 4 pen l ye,2 pou nou chak chéri,m tap ba li pou m pa kite pou ou?

Peter: Esa m ta di tou manman! M konn fòw jere m tou.

Mwen: E mande ou pa te ka pa mande? Visye!

M bere pen an,m pran ji épi m chita m manje. Lè m fini m ranje afè m ak pa Peter yo nan yon valiz épi nu monte monte n,n ale.

Casimir: Oh 3 zè 15 wi mesye,kounya n parèt.

Peter: Saw ap bann kenbe pou ou la?

Pascal: Mesye nou fè rapid tande ak bagay nou an.

Mwen Ak Peter nou al fè yon ti 5 minit chofe avan match la kòmanse. Nou te sèlman 14,gen lòt ki Pat vini donk nou fè 2 ekip de 7. Nou aranje n,nou pozisyone n épi match la kòmanse. Lè ap pase,nap frape boul,nèg ap kouri,nèg ap swe. Match la sere,nu yun poko ka make. Premye mitan fini 0-0,nu pran on ti poz pou n bwè dlo ak pran on ti souf tou piti Aprè nou rekomanse.

M kòmanse bouke men fò m fini match la,Casimir fè pas ban mwen,m travèse l ba Jeff,li voye l ba Peter,misye ap degaje l ase byen épi baw,balon an antre nan ka.

Peter: E goool!!! But de Christiano Ronaldo cheri,respekte sa piti.

Mwen: Weeeeeeeeee! 1-0.

Casimir: Bèl frap baz!

Pascal: Hmm on kout chans wi.

Jeff: Chans ou pa,gòl la fèt frè. Nou genyen épi dan.

Nou fè yon bon ti moman ap pale,e detan Jeff di li pral soti a,m sonje m t gen pou m al nan sinema avèk Daniela a 5 kè.

Mwen: Mesye kilè l ye la?

Casimir: 5 kè 35.

Mwen: Woy m mele!

Casimir: Saw gen la?

Peter: Eeey kè m fè m mal pou ou frè!

Mwen: Peter ann ale tande, m ale mesye.

M bliye bagay sa vre wi,kèt! Épi sak pi rèd la telefòn mwen dichaj,m ta rele l. Alowè l touye tèt ap rele m wi.

Mwen: Konpè moute moto a non.

Peter: Ou pap vin kondi kou chen fou la non! Pito n rive byen,wa al pale avè l ke n rive an moso baz. Wap vin mete mache prese nan kò mun kòmsi e avyon ki ale kite w la.

Renmen moun ki renmen wWhere stories live. Discover now