Chapit 9

80 18 0
                                    

Nan po Richard

Anfen m resi soti lopital la,depi lè a,mwen menm ak frè m nan nou pa pale. Manman m ap bougonnen pou sa men nou youn pa okipe l,m pi gran e se lik t manke m respè donk se lik pou ekskize l.

Sa fè yon semèn depi m antre lakay,m al lekòl 2 jou sèlman,jedi ak vandredi ki sot pase a la. Jodi a samdi épi Vanessa ap pase wè m pita,nou ofisyèl nèt kounya. Malad mwen yo pa two fè m mal ankò,men sa k plis anmède m nan se bra m nan.

Jeff: Yo man,sa k pase?

Mwen: M poze wi frè!

Jeff: Devwa fizik la m vin tyeke la wi baz,m pa konprann anyen man.

Mwen: Fè nan chanm mwen An wap jwenn li tou fèt,li sou liv yo,sou ti tab la.

Jeff: An ou gentan fè l?

Mwen: Daniela ki fèl pou mwen wi,li pa difisil non. Detan wap ekri l la wap konprann.

Jeff: Depi m fè l,m pa bezwen konn anyen ladan!

Misye antre al kopye devwa,mwen m toujou ret chita anba galri a. Apre on ti tan,m wè Daniela ki ap vin sou mwen.

Daniela: Bonswa Richard,kòman kò a ye la?

Mwen: Fò ta di lè grann mwen ap pale! Mhmm m la wi sèm e ou menm?

Daniela: M anfom ak Jezi pitit, achte m pral achte wi ou wè m tou pase wè w la.

Mwen: O O vin fè ti tan la avè m non,menm si e yon minit,vin jwenn frè w.

Daniela: Avec plaisir!

Li antre anba galri a épi li chita kote m nan,li koke m épi li fè yon ti apiye tèt li sou zepol mwen. Prezans li toujou fè m di byen,li se you n nan moun ki pi enpòtan pou mwen. M fèmen jem pou on ti tan detan m'ap karese cheve l Aprè nou tonbe pale. Nan feeling pale konsa,m pa rann mwen kont si Vanessa ap vin sou nou,se sèlman lè m tande vwa l,ke tout diskisyon koupe épi nou vire gade.

Vanessa: Ki radòt sa? Bon Richard M pa konprann,sa sa vle di?

Mwen: Sa w gen la menm chéri? M te jis ap fè on ti pale ak Dani,epa anyen non.

Vanessa: Annh yon ti pale! De men l nan kou w,tèt li su zepol ou épi men w nan cheve l,wap dim on ti pale,pale de kisa,sa n tap pale la?

Daniela: O O,kisa sa konsène w?

Vanessa: Ey gade w fanm! M pap pale avè w,ak mari m map pale.

Daniela: kiyès ki fanm ou an?

Mwen: Nou pap vin kòmanse la non.

Jeff: Sa k gen la? Sa k gen la?

Vanessa: Oumenm,manman je chèch,wap pran ti pòz ou a ak Richard,o u genlè bliye plas ou...

Daniela: Mwen avè w kiyès ki pi je chèch?

Vanessa: Oumenm ki pi je chèch! Ou fè kòmsi ou pa enterese de Richard,e poutan! Men met nan tèt ou ke se nèg mwen l ye,pou mwen l ye chéri,fanm tankou w,pou Bestha l'ap toujou bezwen w.

M ale pou m al di yo rete,se gade m gade m wè Daniela fonse sou Vanessa épi saw tande a,goumen pete. M paka fè twò gwo efò m'ap redi youn à son sèl bra épi Jeff ap rale lòt la. Men ou konn e fanm,goumen yo pa janm fini,chak lè n resi fin rale yo,yo rekomanse épi yap joure met sou li.

Vanessa: Lage m banm fin ak tyanpan.

Daniela: Manman epav,manman rizèz,w ap janm ka tankou m.

Vanessa: M fè pa bon m nan a vi vwa wi kontrèman a oumenm k'ap pran ti pòz ou a,ou genlè konn son w afè ou ye.

Jeff: Vanessa ret trankil non!

Vanessa: Non fò m fè l respekte mari moun.

Daniela: M'ap fè w peye dyòl ou tande!

Mwen: Medam mezanmi Poukisa tout bagay sa yo la?

Vanessa: Oumenm fèmen dan w la! Tout sa se fòt ou.

Mwen: Ey gade Vanessa kontwole w!

Jeff: Vanessa ann ale non.

Vanessa: lage m konpè,m pap fè wonn pòt. Jodi a m'ap konnen si fanm sa se matlòt mwen mwen menm.

Daniela: Ou pa salòp e pye w ki blanch,pou ta jwenn mwen kòm matlòt!

Mwen: Mezanmi sispann skandal sa non!

Vanessa: Poukisa se avè m sèlman ou pale? Ou paka fè l silans tou? Se mwen ki bannann mi an,sou mwen Ou gen fòs? Sou mwen Ou ka rele,madam la prensès pa fè anyen ditou pavre?

Mwen: Bon si e ou k pale plis vre? Konsa tou si manmanm ta parèt la,konsa ou tap kontinye nan pale anpil sa,m pa di Daniela pa koupab tou non,ou kòmanse tire pwen ba li men se lik leve goumen épi se ou k pa vle kalme w.

Jeff: Bon Daniela ann ale,kite moun yo tande,janm fanm sa anraje a la,li ka devore w banm.

Daniela: M pa pè ti makak la non,radote lap radote la.

Mwen: Daniela silvouplè,ale avèk Jeff pou mwen,map jere rès bagay yo.

Vanessa: Heheey sim byen konprann,Daniela se madan marye a,mwen m se fanm deyò a kew pale avè l Jan w vle a? Ou pa tande saw di l? "Silvouplè" ,ou mete l sou yon pyedestal ki twòp pou li,e sak fè lap fè frekan avè m nan wi.

Daniela: Saw te konprann!

Mwen: Vanessa,souple,pa nève m,ou wè map mandé w li jantiman,ann antre anndan,ann al pale. Chéri kalme w,map met tout bagay O klè Ok. Please vini avè m.

Vanessa: M ta swete ou gen yon bon esplikasyon paske sinon,map fin pase rès ray mwen An sou ou.

Mwen: Ok bby,ok.

Jeff ale ak Daniela épi m pran men Vanessa M antre avèl épi nou kòmanse pale.

Nan po Daniela

Mesye ooh gade mesye yo pa kite m fin lave menm nan figi manman ladrivay la,janm te anvi l. Manzè frekant anpil wi. Jeff mete m devan lakay la,detan m rive konsa m wè manmanm anba galri a,se lè sa m sonje ke se achte l te voye m al achte! Wooy!

Manmanm: Tanndat sa kote w te ye? Épi kòman ou fè débraye konsa? Kòman rad su ou ye la,gad eta tèt li,l sanble à yon moun ki te pran nan kaptenn,ki pil mak zong sa yo? Ou te nan batay?

Jeff ale,li kite m poukont mwen,m pa konn sa pou m reponn. Map gad kò m detan m'ap reflechi.

Mwen: On san zavèz detan m al achte a,kareman l vin vann frekan ban mwen,m achte l nan men l.

Manmanm: Epa on bagay m te voye w al achte? M t voye w nan goumen? Épi kot komisyon an?

Mwen: Bon l anmède kò l,li tire kou sou mwen,pou m te ret gade l mwen menm,sal ye la? Épi m tèlman nève,m bliye sa ou te voye m al achte a wi. Talè banm al chanje m.

M'ap pale,map antre anndan,m pa ret kote l la koz m konnen koze sa pap fini.

Smeralda: O! Ou te gen lwa sè m? Chwal la antre nan tèt ou?

Mwen: Pito m te gen lwa.

M antre nan douch la,m voye enpe dlo sou mwen,mak zong yo Pike m,sanm manje m,ma jwenn a manzè ankò.

Gade koze mesye! Mhmm m sezi. Antouka ke moun yo fè sa k nan lide yo.
#Vote
#Kòmante
#Pataje

Renmen moun ki renmen wWhere stories live. Discover now