Chapit 10

111 16 0
                                    

Nan po Richard

Jodi a m te al lopital la,doktè a gade ponyèt mwen an épi li retiré sak ki te kenbe l la. Wouy epa ti delivrans.

Doktè a: Mwa a rive,m retire l men pa panse ou fin bon non,ou poko ka bay gwo kout pwen sinon wap peye konsekans lan.

Mwen: Pa enkyete w doktè,map fè atansyon,koz Jan bagay sa te annwiyan la,m pata renmen mete l ankò.

Nu fè yon ti pale tou piti,apre m leve,m pran direksyon lakay mwen,m te pran taksi koz m Pat ka kondi lè m tap vini an.

Nan ti tan sa yo m Pat regle anyen serye,sèlman mwen ak Vanessa,nu an bon tèm kounya,m regle tout bagay em fèl konprann ke l gen plas pa l épi Daniela gen plas pa l. Yo tou de enpòtan pou mwen nan yon fason. Li pa fè Jalouzi ankò donk m ka di tout bagay Ok.

Men sèlman m Pat two konprann atitid li avanyè,m wè ti figi l pati. Li sanble ak yon moun ki gen yon bagay kap ravaje l,m pale avèl li dim li pa gen anyen. Putan m santi l gonw pwoblèm,sa banm pwoblèm. M rive lakay la m chita map panse avèl e tèlman nou konekte,yon mesaj monte sou telefòn mwen,lè m gade m wè se li.

Li di m pou m vi n lakay li a kounya,li gen on bagay pou l di m. O m pantan,map mandé tèt mwen kisa l dwe ye la? Petèt sa an rapò a sa l Pat vle di m nan! M fè dèyè a kot manmanm,m d'il map vini épi m pran wout lakay Vanessa a pye.

Lè m rive lakay li a,m frape. Li dim pase pa dèyè kay la,m rive kote l m salye l. Li te chita sou yon bout blòk li leve ,li pran chèz pou mwen épi m chita kote l la.

Mwen: Kòman ou ye la manmi? M pa konprann figi w,ou malad?

Vanessa: Non pa vrèman,m.........

Li pa fin pale,m wè l kouri fè bò twalèt la épi l komanse vomi. M kouri antre anndan,m pran dlo nan yon bokit épi m al pase nan figi l. Hmm m gentan konprann,règ li l genyen,se toutan konsa.

Mwen: Bon ou malad,pa gen moun la,ou ret poukont ou chéri? Vant ou ap fè w mal tou? M pral achte yon Alpalide pou ou wi bb.

Vanessa: Non.

Mwen: Ebyen kisa pou m fè pou menm bb? M pa renmen lè bagay sa ap sakaje w konsa non.

M nèk fin pale,l tonbe kriye. Woy,m rayi lè fanm ap kriye devan m wi! Sitou si Se youn m renmen,lè konsa m santi kè m kontrakte.

Mwen: Woy bb pa kriye non!

M al akoupi bò kote l la,m kòmanse pase men nan tèt li,mase do l pou l pe men anyn pa mache.

Vanessa: Richard...M gen pwoblèm.....sa m pral di manman m Jezi?

Mwen: Sa w gen la menm chéri? Ou kòmanse enkyete m wi.

Vanessa: Richard.......M ansent wi!

M vloup m leve,sa l'AP di konsa? M pa konprann,kòman l fè ansent? M pa menm sonje depi kilè m fè sèks avèl épi l pa menm gen vant menm.

Mwen: Ou ansent? Sa wap di konsa chéri?

Vanessa: M pa wè règ mwen épi m ap plede vomi.....M gen noze..... Richard...

Mwen: Kote l jwenn ak bagay sa yo l'AP di la Jezi? Kòman ou fè ansent sa menm? Bon m pa menm touche w menm! Vanessa pa dim ou oze non? Paske si w ansent pitit sa pap pou mwen!

Li pa okipe m li tonbe kriye. Non m pa kwè pou Vanessa ta fè m on bagay konsa. Waw! Pou fanm m renmen an ansent épi pou pitit pa pou mwen. M vin tèlman pa santi m byen nan moman,se kòmsi se yon gwo wòch on mun leve li mete su tèt mwen pou l plonje m desann nan tè.

Pyè m vin paka kenbe m ankò,m tu bese atè a,m poko janm sezi konsa nan vi m,sa resi twòp pou mwen. Jis kounya l'AP kriye,l pa janm pale e si l pa reponn se ke l fè l vre.

M met de men sou tèt mwen,m tonbe kriye,kè m fè m mal,kè m ap rache,m santi m trayi,m an kòlè kont tèt mwen e kont limenm. Pou Jan m te renmen l,pou Jan m te fè l konfyans,non sèlman li twonpe m,li ansent,epi pitit la pa pou mwen.

Mwen: Poukisa ou fè m sa Vanessa?

Li pa menm leve tèt li pou l gade m,alevwa pou l reponn. Lè m wè sa,m vire do m,m ale,detan m rive devan m tande l dèyè m nan.

Vanessa: M Dezole Richard.......silteplè pa kite m poukont mw.

Mwen: Ou pap poukont ou,wap gen papa pitit ou a avè w.

Vanessa: Li pap vle l,tanpri ede m......Pa lese m tonbe,m bezwen w!

Mwen: Ou bezwen m Poukisa? Poum ede w Okipe l? Pou m di se pou mwen alòs ke se pa vre? Poukisa ou pranm menm? Alòs yo te di m ke ou Pat fèt pou mwen,m pat vle kwè koz nou te twò byen ale ansanm malgré ti diferan n. M ouvri kè m ba ou,ou met pye w sou li,m menn arive a lèlmi a pwòp frè m pou ou,m ralanti su Daniela,pou ou. Pa gen on bagay m Pat prè pou m fè pou ou épi oumenm kòman ou pwouve m ke m ou renmen m? Waw! Mèsi anpil Vanessa,mèsi anpil.

Vanessa: M renmen w vre men...

Mwen: Stop! Ou pa bezwen bay tèt ou manti e m pa bezwen tande plis,sa ase.

M deplase lakay li a,map mache byen rapid,m te an kòlè,m santi m ta choute tout sa m jwenn sou wout la,m cho m frèt,map manje dan,sèlman m eseye konsantre m koz se bò lari m ye.

Men tèt mwen tèlman pa la,nan mache e gade m gade m wè m gentan depase lakay mwen,m tonbe fè kout san pirèd épi m tounen pran wout la. Lè m resi rive m jwenn manman chita nn salon an sou kanape a,m lage kò m atè bò pye l la épi m tonbe kriye,m lage tout raj mwen,tout tristès mwen,tout sam santi nan kri m yo.

Manmanm: Men kisa ou genyen pitit mwen?

Mwen: Manman...... Manman.

Manmanm: Pale avè m non,men pouki ou ap kriye konsa? Sak pase w?

Mwen: Manman.....

M ta anvi d'il plis men rès pawòl yo paka soti,se kòmsi m gn kèk chèn nan gòje m,kap sere a chak fwa m pale. M santi m mal,se tout kè m kap rache.

Manmanm: Peter,Peter,vin ede m met Richard nan chanm li.

Peter vini,yo pranm,yo mete m kouche,m pe,men m poko janm ka pale.

Manmanm: Mezanmi sa pitit mwen An genyen Jezi? Woy kò l cho wi. Richard,Richard pale avè m non. Peter met dlo nan ti kivèt la épi pran on mouchwa pou mwen pou m fè yon konpwès pou li.

Peterson: Sa kap pase l la menm?

Manmanm: Fè rapid konpè al dèyè sa pote ban mwen.

M kouche,m la men se kòmsi m pa la,m tankou yon moun ki san vi. M santi manman m mete on bagay mouye sou fwon m. M wè l'AP bat bouch li,men si m di nou m tande sa l di e peche. Peter vin kanpe kot manmanm nan,yap gade m,map gade yo san je m pa su yo vrèman.

Lanmou fè m mal,li bliye lòt moun yo épi l lage tout chay sou mwen. Premye fwa kè m fè mil moso konsa. Lè map panse a Jan nou te ye,tout bèl moman nou te konn pase,m Pat janm panse ke istwa n te ka arive fini konsa.

Pou Jan m te panse m tap byen pase men domaj se kounya m reyalize ke fè à Pat janm ploge. Poukisa li fè m sa? Kisa m Pat fè pou li? Li Pat renmen m vre! Sa fè m mal. Si O mwen se te pitit mwen,menm lè m Pat dezire sa,m tap pranl koz m renmen Vanessa em te ka fè vim avè l.

Manmanm: Richard pitit mwen,kòman ou santi w?

Mwen: Dlo.

Manmanm: Peter pran ti dlo pot pou li pou mwen silteplè pitit gason m.

Lè yo pote dlo a m bwè l épi m tounen nan menm pozisyon an ankò. Hmm kou a du! Ebyen si Se konsa,mwen menm ak lanmou,nou poko prèt pou n zanmi ankò.

Menm Jan lanmou ka fè w santiw tankou yon wa,konsa tou li ka fè w tounen yon chany ki pa menm ka jwenn yon soulye pou l netwaye nan yon jounen. Lavi a se ,tonbe,leve,epi kontinye mache,men si ou ta santi li two ta épi ou wè wout la long,pran pasyans,wap rive kanmèm!
#Vote
#Kòmante
#Pataje

Renmen moun ki renmen wWhere stories live. Discover now