Chapit 4

109 21 3
                                    

Nan po Daniela

Jodia samdi,gen yon pwogram pisin kap fèt la Kayèn Otèl la nan dèyè fò,nou tout achte tikè pa nou pou nou ale,pou nou te ka mete Casimir nan anbyans,pou nou fèl bliye chagren l omwen pou yon ti tan. Madanm Casimir kite l,li prèt pou l fini,li kou moun ki egare épi yo vle chanje lide l alòs mwen menm,ki nan pi move sitiyasyon m pa dekouraje pou sa.

Bon Casimir limenm yo pral mennen l nan pisin,e mwen menm lè yo vin konnen pou mwen? Yo pral mennen m nan simityè dirèk? Paske mwen M wè m mouri déjà mwen menm. M pat vle ale non koz m konn mennaj Richard la ap la tou,men manmanm kouri di: "depi e ak Richard Ou ye,ou mèt ale". Poutan e konnen l pa konnen wi,bon Aprè tou,m pap ka kite sa vin gache jounen an nan menm la.

Bon lè a rive, m chache yon bout pantalon djins  pou m mete,y on kosaj woz plake sou pou ak yon tenis adidas woz e blan. M te tou met bikini m depi lakay mwen,m pran yon ti valiz,m met rès bagay ke m'ap bezwen yo ladan.

Kòm m konn ke Richard pral pase chache swadizan mennaj li a,m pran yon taksi,m fèl mennenm lotbò a. Lè m rive anndan an,m tonbe chache yo,epi m tand yon vwa rele m epi m wè se Richard,yo tout te chita yon sèl kote,te gen 2 medam m Pat konnen. M al kote yo,m salye yo,mal chanje m épi m tounen chita nan mitan yo épi prezantasyon an kòmanse.

Jeff: Daniela kòm e ou ki potko vini,m'ap prezantew mennaj mwen Darline Lacoste,chéri sa se zanmi nou Daniela Roger.

Mwen: Ok,m kontan rekonèt ou.

Darline: Mwen menm tou.

Peterson: Katiana,Daniela,Daniela,Katiana.Epa mennaj mwen non manmanm nan,zanmi m li ye.

Mwen: O m pa diw anyen non,enchantée Katiana.

Katiana: Moi de même,ou mèt rele m Katie.

Mwen: Ok. Casimir ou anfom? Wap ka pran sekous aswè a?

Casimir: Wi gras Bondye! M pap kite sa lage m atè,après tout ,la vie continue!

Mwen: M kontan tande w di sa.

Peterson: Richard apaw pa prezante Daniela bèlsè m?

Richard: Dani konn madanm mwen déjà wi!

Wouy! Hmmm m oblije soupire,m pa konn si m'ap ka kenbe jiska aswè a non. M pran yon byè épi m kòmanse bwè,yo t'ap pale ant yo men m patap tande,lespri m te lòt kote,jiskaske fi yo bay pou Vanessa vin deranje m.

Vanessa: Daniela apa ou pa di anyen? Ou sanble lwen?

Mwen: Non,m'ap tande nou wi.

Vanessa: Apa w vin poukont ou? Ou pa gen mennaj?

M te anvi Mandel nan kisa sa regade l wi men m fè respè m,m fèmen bouch mwen,à ce que je sache nou pa menm zanmi menm. Erezman Richard gentan kouri reponn pou mwen.

Richard: Non chéri,l pa genyen.

Vanessa:  M remake ke depi yo pale de Daniela,tout plim sou do w leve. Ou toujou pase l dèyè ou pran devan.

Richard: Paske l enpòtan pou mwen bae!

Vanessa: Et moi alors? M pa enpòtan pou ou?

M gade tifi a! Depi sou lèl ou wè l pretansyez épi l awogant san kote ke l zuzu.Kounta kot Richard jwenn a sa?

Richard: Bien évidemment kew enpòtan pou mwen chéri,sa wap di konsa?

Peterson: Jalouzi a two pwès,li gen twòp farin,met ti dlo ladan!

Vanessa: Yo te antre w oumenm nan?

Richard: Kòman w'ap pale ak frèm nan la?

Peterson: O o! Richard kote w jwenn a dènye grenn sa?

Casimir: Gwo dosye! Banm swiv pito.

Jeff: Vanessa kalme w non! Ki bagay timoun sa wap vin regle la Tchuuiipps? Antoulèka si n wè 2 moun manke,konn e mwen a madanm mwen,n'al benyen tande.

Jeff pran Darline L'al nan pisin nan avèl. Manman Dyab yo bay pou Vanessa move kou Kong. Menm la pou l'ap vin fè ti kapris li tou Tchuuiipps,li sanble a yon moun asosyab. Lè Richard wèl ret fache,li leve avl.

Mwen: Jou Richard kite fanm sa,m fè fèt.

Casimir: Epa sèl ou non! Kot pou sa l fache a la?

Katiana: Twòp valè Richard ba li,si l Pat two alèz li patap fè sa.

Peterson: Ou wè sa tou! Kèk bon sabò l pa jwenn!

Casimir: Kòman w'ap pale la oumenm? Depi kilè ou te konn bat fanm?

Peterson: M pa konn bat fanm non,a chak fwa m ta vle eseye se kòmsi m wè se manmanm m pral bat la,m kite sa.

Casimir: Ew vle pou Richard bat li? Ou genlè gentan sou?

Peterson: Ah vag frè!

Casimir: Hmm m'al danse tande,e plezi m te vin pran la,aswè a m la pu jouk li jou.

Li leve l ale,m leve tou,m tal nan pisin nan épi lòt yo t al danse. T gen yon bon anbyans,m deside lage kòm,m vole ponpe,danse,chante.M te santi m byen jiskaske je m vin tonbe sou Richard Ak Vanessa ki ap fè lanmou.Kè m chire tankou sonw papye wap fè fè 2 moso. Dlo ap menase pou l sot nan je m men m kenbe l,m pa t vle kriye.

M kontinye ap danse men vin rive yon moman mizik la vin pa enterese m ank,tanzantan map vòlè yon ti kout je nan direksyon yo a. Lè m wè sa,m deplase, detan m'ap fè chemen pou m al kote m te ye a,gen yon jenòm ki kenbe menm.

Jenòm nan: Bonswa bèl ti demwazèl,ou poukont ou?

Mwen: Jenòm lage m,m pa enterese.

M tou déjà pa sou sanm déjà,lòt la vin anmède m,m oblije ale pou m pa pase ray mwen an sou li. M al chita épi m kòmanse met byè nan kòm,m pa konn konbyen m bwè dirèk. Kou m santi tèt mwen kòmanse Lou,m salye mesyedam yo épi m antre lakay mwen,m moute kabann mwen M kuche,m tou dòmi.

M pibliye an avans,bon depi gen tan,m espere ke nou renmen travay lan.
#Vote
#Kòmante
#Pataje

Renmen moun ki renmen wWhere stories live. Discover now