Chapit 13

90 18 2
                                    

Nan po Daniela

M chita nan sal la,m pa konn kote pou m met kò m,tout pozisyon m pran pa bon,tout kòm grate. Si vrèman sa Richard di a se vre,non se vre menm! Nou paka imajine Jan m kontan,m gon w sous lajwa kap koule nan kèm. Menm lè m pata avèl touswit,m jis kontan ke anfen,baryè lib. Koz m pata kwè ke apre sa l ta ret avè l ankò,pitit pa pou li.

Waw lèm konnen yo pral sone,m gon w vye kou ekonomi,yon mouche m si paka wè epi sak pi rèd la,m gen yon grangou 18 kara  sou mwen la. Map fòse konprann poutan m pa menm sou sa menm,lè yo te resi sone a,li te lè l te tan.

Kòm m te gen bagay nan valiz mwen,m kòmanse manje. Lèm fini m desann,m'al gad kote m wè Richard,m jwenn ni nan baz ti mesye yo.

Mwen: Eskize wi, Richard vini m pale w silteplè.

Casimir: Kèt! Non,bagay sa fè m mal.

Jeff: Sa w gen la baz?

Casimir: Depi w wè Daniela vin la,l pap mandé pu lòt moun ke Richard.

Mwen: Pou sa pou w fè Jalouzi tou?

Casimir: Menm chat lakay la,depi l fè nevè,m pa wè l anndan kay la,m tou fèmen l deyò,m pa bezwen diw anyen ankò. Paske m pa menm ka okipe sèl li vwa pou lòt,depi m sispèk li plenn,map tou achte kleren m met la,m tou manje l.

Mesye ooh! Radòtè sa! Map gad Richard ki jiskaprezan poko di anyen,apre m wè l leve.

Richard: Mesye map vini tand.

Li vini li pran men m, n al nan yon ti kwen ki te lib.

Mwen: M te konn ou patap okipe m wi.

Richard: Poukisa pou m te fè sa?

Mwen: Bon m pa konnen,ta sanble m wè ke ou Pat anvi vini.

Richard: Si se pou sak te pase maten an,pa enkyete w,c'est oublié.

Mwen: Dakò m'en m te vle prezante w eskiz mwen kanmèm. M te kondane w san jije w jis paske m te refize tande w.

Richard: Sa pa grav! M te fè on ti konprann ou,kanmèm ou se yon fi ew pata renmen sa rive w tou. Men yon sèl bagay ke m pa arive jwenn esplikasyon pou li.

Mwen: Kisa l ye la?

Richard: M pa ka met men sou rezon ki fè ou te vin tankou on moun fou an ak Poukisa ou tap kriye a.

Mwen: Sa se fason paw pou vekse m!

Wey bon kounya, sa m pral di l la? Gad mizè m mesye! Banm kouri reflechi a yon bagay.

Richard: O non! M jis vle konprann.

Mwen: Se jis akoz de Vanessa,ou byen konn ke m Pat janm renmen l pou e aprann ke li ansent,sitou ke m te panse timoun nan été pou ou...sa...sa te fèm vin andyable. M te jis wè ke vi w pral gache avèl.

Richard: Hmmm,si sèlman depi davans m te gade l ak menm je ke ou,oubyen ke m Pat janm rankontre l ditou.

Mwen: Bon sa k te pase menm? Kòman timoun nan fè pa pou ou,li te gen lòt nèg?

Richard: Wi e m vin konn sa jisteman lè l dim ke l ansent lan,depi avan m te fè aksidan,m pa t kò m fè anyen avèl. Menm li menm li konfime m ke l pa pou mwen,men li mande m pou m ede l,o pou m di e mwen ki papa.

Mwen: Eeeeeeeyyy! Épi saw fè oumenm? Pa di m ke wap fè sa l di a non?

Richard: Menm pou blag! Tou dènyeman m wè l,li mande m padon men m pap kapab vrèman,san ipokrizi. M anvi di l ke m padone men mo yo pa vle vini ak tout mwen menm. Chak lè m wè l kèm fè m mal,chak fwa m panse avèl,sa banm pwoblèm. Le swa m konn paka dòmi,kou m met tèt mwen sou zorye,kòmsi se li m wè devan m. M vle fini ak tout bagay sa yo,m pa kapab ankò.

Mwen: Tout sa k rive,se pou yon rezon. Siw konn depi kilè map tann pou dim ou kite ak fanm sa! Menm m Pat janm imajine bagay yo ta dechennen konsa non. Antouka si w tris,m la,siw bezwen yon moun pou w pale,m la pou m koute w.

Richard: M konnen Dani,mèsi anpil,e se resipwòk.

Mwen: M swete kounya ke pou pwochèn fwa,wap byen poze san w pou jwenn on bon moun. M pa vle w fè tèt cho Ok!

Richard: Map eseye,men m pa pwomèt ou anyen,tèt mwen déjà cho deja. Hmm genlè sonw sò yo voye sou ti mesye nan baz yo,kounya nap veye Jeff ak Peter paske mwen ak Casimir pran pa n deja. Men nan ka pa M nan,sa son w kout limyè kanmèm.

Mwen: Tout bagay nou e maji noumenn!

Richard: Non sa pa senp vre mezanmi! Sa m fè map peye? Poukisa Bondye te kite m renmen on fanm ki pa pou mwen? Lavi a te sipoze gen alèt,tout sa ou pral fè ki pa bon pou l kouri ekri " danje".

Mwen: Hmm adye gad mizè ti malere m nan! Yo sone ann monte non b.

M pran men l,m monte avè l. Se vre ka nou an yo pa menm bagay men m pa kwè ke Soufrans pa l pi di ke pa m. E kounya ke kè l brize,map la pou m ede l swanye l,men kòman map fè di l ke m renmen l Aprè? Eske l pap mefyan aprè sa k sot rive a? Petèt pa de mwen,men de lanmou. Épi eske l'ap janm ka renmen m Jan m renmen l lan?

Ouf! Sèl sa m konnen se ke m pap ka sipòte ke apre sa,li vin ret avè on lòt fanm. M pa gen fil pou m koud kè m ankò e m poko wè lòt nèg ki ka ranplase l. Kounya Richard selibatè,map fè tout sa m konnen pou m posede l e pa gen anyen kap rete m. M swaf sa two lontan,m santi jou delivrans mwen pral rive e ke l pa two lwen. Map pran pasyans,e menm lè l pata renmen m touswit,m gen ase lanmou pou nou toulede,e map depase tout lòt sa k te la avan yo.

️ Renmen moun ki renmen w❤️
❤️Bay enpòtans a moun ki baw enpòtans❤️
❤️Sispann viv pou moun,se ou k pou chache bonè w❤️

Renmen moun ki renmen wWhere stories live. Discover now