Chapit 12

86 17 6
                                    

Nan po Daniela

Depi avanyè m remake ke Richard on ti Jan pa nan bòl li,li lwen,li toutan ap panse kòmsi l gen on bagay kap trakase l. Sa on ti Jan poze m pwoblèm koz li abitye di m tout bagay e wè ke l pa byen. Telefòn mwen ap sone,lè m gade m wè e li,kèm ouvè.

Mwen: Alo Richard!

Richard: Dani,m pa deranje w,ou ka vin kote m silteplè?

M pa konprann vwa l,li parèt tankou on mun ki dezespere.

Mwen: Pa gen pwoblèm,map vin kounya.

Richard: M pa lakay la non,m nan Hot Spot la,nan premye etaj la.

Mwen: Ok,map vini.

M rakroche épi k tonbe reflechi. Si l dim vin jwenn li,se ke li bezwen m vre,san dout li bezwen yon moun pou l pale,ki pa youn nan ti mesye yo. M antre anndan,m al chanje m. Lè m tounen met tèt mwen deyò a,m jwenn à manmanm.

Manmanm: Kote w pral la? Ou pa wè kilè l ye la?

Mwen: Talè map vini,m pap rete manman.

Manmanm: Sèlman piga kont! M krache wi,pa kite l sèch!

Mwen: Okontrè siw wè l sèch,rekrache ankò.

Manmanm: Gade pa radote w avè m!

M konn si m okipe l la,l pral nan pale anpil,m al fè wout mwen. Kòm Hot Spot la pa two long distans ak lakay la,se on ti Jan pi ba 4 chemen, m pran wout la apye. Men m oblije mache rapid poum pa pran twòp tan nan wout.

M te ka rive apre yon 10 minit yo konsa,m moute anlè a,m Pat jwenn anpil moun. M jwenn Richard chita ak on pil boutèy byè devan l lan,gen 3 vid ak youn demi. M chita tou dousman kote l la.

Mwen: S'ak pase w menm?

Richard: Mèsi deske ou vini,sa wap bwè?

Mwen: M pa bwè anyen non b,men dim pito saw genyen,m pa two konprann ou.

Richard: Pwoblèm Dani,pwoblèm! Si m sot tonbe pip m mouri,bagay sa k touye m.

Mwen: Sa l ye la menm?

Li pase men nan tèt li épi li soupire,tan k lap fèm tann,tan k lap fèm pè. M wè l anvi kriye men l'ap konsantre. Sa l pral di à plis sanble a yon konfesyon, yon bagay ki fè l mal e ke l difisil pou l rakonte.

Richard: Dani... Vanessa.... Vanessa ansent épi........

Mwen: KISA???

M pa menm kite l fini,m t chita m tou kanpe épi m kòmanse fè bak.

Richard: M poko fin diw non,chita non.

Mwen: M pa bezwen konn anyen ankò Richard,ça suffit!

M vire do m ale,m pa gen lòt refleksyon ankò ke kite la épi rantre lakay,moute kabann mwen. M tande l ap vin dèyè m nan.

Richard:  Men Dani saw gen la? Apa map pale avè w wap kouri? Ou pa menm fin tande sa map diw la.

Mwen: Richard lage m... silteplè.

Richard: Men Daniela dim saw gen avèm? Poukisa w'ap kriye a?

Li lage m,m pa reponn,m Pat menm remake si dlo tap koule nan je m,m siye l épi m kontinye wout mwen. Petèt m aji de fason enbesil men,m Pat ka tande rès la. Lanmou mwen ak Richard te deja Pat posib epi kunya m mèt fè yon gwo kwa wouj sou sa. LI PRAL PAPA!

Lè m rive lakay mwen M pa konnen,m gen lenpresyn m fè wout la an 5 minit kunya. Lè m rive a,bon chans pou mwen mun yo te pa dèyè,m tou fè nan chanm mwen,m take pòt la épi m moute kabann mwen. M santi kèm gonfle kòm kèk bagay ki pran van,gòj mwen menm c tankou yo te mare yon fil fè ladan épi tanzantan yap redi l.

M pa gen fòs pou m kriye ankò,m pa gen dlo ankò. Imajine w pou moun ou renmen an,rete li anonse w ke mennaj li ansent. Bagay si m te fè kè m te ka tou sot tonbe m mouri. Kòm m wè pa gen espwa ankò,map tou bay vag nèt.

Men kesyon map poze tèt mwen se,eske map ka ret zanmi avè l ankò? M toujou di l ke n'ap zanmi pou lavi,ke map toujou la nan ni bon,ni move moman. Men la,m pap kapab vre! Se kòmsi m tap fouye yon tou pou m antere pwòp tèt mwen. Kòman m pral fè gade l avè l,epi gade lòt lan ak vant kap grandi épi kap pote pitit ke m te toujou reve ba Richard lan,menm si Se nan imajinasyon m? M pap gen kè,m pap kapab,sa ap twòp pou mwen!

Demen maten nan lakou lekòl la,

Richard: Bonjou Dani.

M pa konn kote l soti li gentan vin bare wout mwen An,dekwè l Pat konn vin lekòl bonè. S'il vin nwi m la m pa konn sa m ka di l non,m deja mal domi yèswa akoz de li an. M pa reponn bonjou l la,m vire do m men l kouri pase devan m nan.

Richard: Saw gen avèm? Dim non,paske m pa renmen lè w konsa. Ou te avè m yè byen pwòp,men kou m kòmanse pale avè w ou vin chanje. M konn ou pa renmen Vanessa...

Mwen: Richard Pa mêle m nan bagay sa Ok.

Richard: Sispann koupe m lè map pale épi tande m olye ou kouri tire konklizyon pa w. Timoun Vanessa pa pou mwen Dani.

Mwen: Wi noumenn gason! Pitit pa janm pou nou. Lè bêchons joyeux a tank nou gen bèl vwa,men kou n rive sou mourir est beau a, nou tout t gentan gen amigdal.

Richard: Pa lage l konsa non! Ou byen konnen m pa konsa. Si jamè l t pou mwen,menm lè m pata gen mwayen,m tap pran l a bra louvri. E menm lè l ta pou mwen tou e ke m ta nye l,ou konn m tap toujou bò w verite menm lè m ta bay tout lòt moun yo manti. M t panse ou te fè m konfyans.

Li fin di m sa li vire do l,li ale. M pa konn si m byen fè ou mal fè. M pa konn sa pou m panse men m santi ke l'ap di verite,m gade l ki prale e l sanble fache. Si vrèman lap di verite,m fwase l bon fwase a,m pa konn kòman m pral prezante l eskiz. Men l paka fache avè m nèt,m te pale sou kòlè épi m te doute koz sa rive nan plizyè ka.

Na eskize m pou reta koz m te plis ret su liv Fransè yo koz yo mande m yo plis. Men m pap neglije ti kreyòl mwen,menm lè m konn ke nonb moun kap li l lan pa anpil koz se pap tout moun ki renmen li kreyòl. Men sa te plis motivé m lè m jwenn moun ki di m ke yo renmen l,istwa rive sou yo donk map kontinye ekri pou m fè tèt mwen plezi épi pou m fè nou plezi. Mèsi a tout moun ki toujou ap ankouraje m yo!

Renmen moun ki renmen wWhere stories live. Discover now