Chapit 23

96 17 4
                                    

Nan po Daniela

M pa konn kijan pou m dekri Jan m santi m nan moman. M tankou on ti zwazo ki te nan nich,nan tande lòt chante,piske m te poukont mwen,m te vle vole al jwenn yo épi detan m'ap vole konsa,m frape nan on mi,zèl mwen kase.

Presque 12 ans d'amitié perdue! Tout sa paske santiman m te vin chanje san ke m Pat menm mandé sa. Li ale li pa menm di m,li pa pale avèm ankò. Tout sa m Pat vle,se li k rive,m Pat dwe janm di l sa ojis.  M santi m si vid san li,pa gen moun ki konnen m pi byen ke li. L'ap difisil pou mwen pou m ret san li e l'ap difisil pou m ranplase l tou.

Li mete m nan on espas ki fènwa,m vin pa gen nosyon de anyen sof dlo nan je m ak kè m kap senyen,yon Soufrans san parèy,sa resi pi mal ke tout lòt ki te la avan yo. Kòman m pral fè pase kwa sou 12 ane nan vim? Ti rès kap rete a tou pap gen enpòtans pou mwen ankò.

Pat atann ke l vin renmen m menm Jan du jour au lendemain,m en omwen ke l te toujou ret prè m,si l te vle l t mèt pase trè sou sa,fè kòmsi mo sa yo Pat janm soti nan bouch mwen.

Gen de moun ki konsidere ke sa pa two enpòtan e ke gen de sakrifis yo patap fè pou lanmou. Mwen tou m te ka gen menm avi a,m gen tout sa yon moun nòmal ta dwe genyen,m gen on fanmi,m manje,bwè chak jou,m gen kote pou m dòmi,m pa gen okenn depans sou kont mwen,tout sa m bezwen,paran m ban mwen l. Sèl sa sifi pou m ta an jwa chak jou Bondye mete,men sa sèlman pa sifi. M fen tout sa yo épi gad kijan m malerèz,akoz de on sèl moun,li kenbe bonè m ak tristès mwen. San li m pa anyen,e m pap gen kouraj pou map gade l chak jou e fè kòmsi se yon moun m pa rekonèt alòs ke nou Pataje anpil bagay ansanm.

Manmanm: Daniela kote w?

Mwen: ........

Manmanm: Sa w gen la? Apa wap kriye?

Mwen: M pa gen anyen.

Manmanm: Bon ou fèmen kò w la wap kriye épi wap vin dim ou pa gen anyen.

Mwen: Manman kite m anrepo m!

Manmanm: Hmmm se sa pitit mwen! Antouka papa w bezwen pale avè w wi.

Mwen: Ma rele l apre.

Manmanm: Ok.

Li soti,li fèmen pòt la. Tèt mwen ap fèm mal,kòmsi gen on moun ki ak on fil fè kap sere gòj mwen,m paka fè bri alòs ke m byen anvi rele anmwey,m pa kapab ankò,m santi m ap fou,m vin pèdi tèt mwen.

M vin pa konn anyen,m wè m leve,m paka di si ete mwen Ou pa,m pran on gode dlo épi m al nan tiwa,m vide klowòs ladan,m brase l,m bwè l. M pa konn si m byen konn sa m sot fè la,men se lè m kòmanse santi m pa bon,vant mwen ap fè m mal,m santi trip mwen cho,m tonbe vomi kem kòmanse konprann ke m preske mouri.

Manmanm: Mezanmi Annmmwweeyy! Daniela bwè klowòs anmweeeeeey! Smeralda! Smeralda! Pote on bwat lèt pou mwen. Men map pèdi pitit mwen An mezanmi Jezi!

M konn ke l banm bwè on bagay,m Pat gen kontwòl manb mwen yo. Manman,papa,m vrèman dezole,se pa fòt mwen. M konnen ke yo mete m nan on machin,apre m kòmanse wè flou,tout bagay tap pase byen rapid.

Nan po Richard

Se pa ke map revini san sès ak menm bagay la,men se sa ase ki nan lide m. M jis ap chache mwayen pou m konpanse tout sa m te fè l yo,li twò enpòtan pou mwen,m paka kite l soufri.M nan kay la ak Alicia sèlman,granmoun yo soti. Pandan m fin manje m pral met asyèt la la,men m tranble,asyèt la sot tonbe l kraze,menm kote a m santi m pa byen.

Alicia: Gade l kraze asyèt la,manman m pral kale w!

M kouri ranmase moso yo pou Alicia pa blese,men menm te toujou ap tranble,asyèt la blese m. M Pat ka konprann sa k tap rive m nan moman,m nèk fini,m lave dwèt mwen M retire san,Alicia pot on pansman ban mwen.

Alicia: Li fè w mal?

Mwen: Non pa vrèman,mèsi.

M mete l épi m pran men l nou al chita nan salon an. M tande telefòn mwen ap sonnen,m te bliye l,m kouri al pran l,l è m gade m wè e Peter.

Mwen: Yo bro! Sa k pase?

Peter: Aaah frè,gen move nouvèl wi,si w te ka degaje w ou antre kounya l tap bon.

Mwen: Sa l ye la? Sa k genyen?

Peter: Daniela Wi bro.

Mwen: Pale ou fini non,sa Daniela genyen?

Peter: Daniela bwè klowòs,pou kounya la li lopital,rad map mete pou m al lotbò a.

Mwen: Kisa? Daniela bwè klowòs?

Telefòn nan sot tonbe nan menm tèlman m sezi. M pa konn konbyen tan m ret kanpe la san bouje épi Peter ret ap pale poukont li nan telefòn nan. M met de men nan tèt mwen épi m bese,tout sa se fòt mwen.

Mwen: Se fòt mwen,tout sa se fòt mwen.

Alphonse: Richard Sa wap fè atè a? Apaw kite Alicia devan poukont li? Richard!

Mwen: Mennen m ale! Mennen m ale,fò m al wè l,silteplè.

Alphonse: Wè kiyès? Saw gen la?

Mwen: Daniela pa byen,li lopital,fòm ale.

Alphonse: Ok Ok,machin nan gen gaz,map mennen w.

Alphonse ranmase telefòn mwen An atè a,m rive devan m di matant mwen M prale,li mandé m Poukisa,m pa menm reponn menm,alphonse kouri di on bagay,mwen e deyò m te wè menm valiz mwen M pa pran,m kouri monte machin nan Aprè Alphonse vin jwenn mwen.

Tout sa se mwen ki lakoz,si m Pat pâti kite l li patap janm fè sa. Si jamè l ta mouri,m pa tap janm padone tèt mwen Sa. Alphonse lonje telefòn nan ban mwen paske l tap sone.

Mwen: Wi alo!

Peter: Si w ap tou pase lopital la,li pa jeneral la non,li nan lopital La Place la,sou wout lè w pral plas dam nan,an fas club La Glacière la.

Mwen: Dakò bro,m nan wout.

M  man machin nan,map priye pou l reprann li,si jamè l ta ale,map pèdi plis ke twa ka nan vi m. M pa menm bezwen mande Poukisa l fè sa,m konn se fòt mwen. Apre yon tan ki sanlè yon etènite pou mwen,nou rive okay épi m ba Alphonse direksyon lopital la.

Lè m rive,m antre,m jwenn manman Daniela ak senti l mare,lap balanse sou yon chèz épi Smeralda chita bò pye l la. M vire figi m paske m wè ke se mwen ki lakoz Soufrans moun sa yo. Lè Peter wè m,li kouri vin kote m épi m koke l m tonbe kriye.

Renmen moun ki renmen wOnde histórias criam vida. Descubra agora