Chapit 19

86 19 3
                                    

Nan po Daniela

Mwen: Richard,Richard leve silteplè,Richard!

M'ap sekwe l li pa janm leve,m pa konn sa pou m fè,se fòt mwen. Tèt mwen cho,m paka reflechi,map plede kriye.

Mwen: Richard!

Peter: Sa k gen la? Bro! Richard! Daniela Sa l genyen? Richard!

Mwen: Pandan map pale avèl...... li sot tonbe.

M wè l gade l épi l kouri fè pa dèyè,lè l tounen l tounen ak on mouchwa li genlè vide alkòl ladan,li leve tèt li épi l bal santi l. Kèk segond Aprè l bouje épi l ouvri je l,m te tèlman kontan,m kouri siye dlo nan je m,si m te poukòm avèl la,bagay li te ka mouri nan menm wi.

Peter: Bro.

Richard: Hmmm.

Peter: Wanfom?

Mwen: Richard.

Richard: M bon wi.

Peter: Sa k te gen la menm? M vin la m jwenn ou atè a épi Daniela ap kriye,sa k te pase?

Kòmsi se te kesyon pou l Pat poze a,touswit m vin jennen,m remake ke Richard tou. Nou tou le 3 te toujou ret atè a,e ni mwen ni Richard Pat ka oze reponn kesyon Peter a. Richard nèk gade m kòmsi e sonje lap sonje épi dlo sot nan je l,li nèk leve atè a san di yon mo épi l fè nan chanm li. Menm moman tou m tonbe kriye.

Peter: Oh Oh! Kiyès nou genyen ki mouri la?

Mwen: Nou de.

M nèk fin di l sa épi m leve,m siye je m épi m pran direksyon lakay mwen. Lè m rive m pa jwenn pesonn erezman,m nèk monte kabann mwen M kouche.

Nan po Richard

M rive nan chanm nan,m chita sou kabann nan épi m tonbe panse ak sa k sot pase a. Kòman sa fè rive? Poukisa m Pat janm wè sa? Li k se youn nan moun ki pi chè pou mwen,sè m,ke m Pat menm vle on zo pwason Pike e ke se pwòp mwen menm ankò kap met dlo nan je l. Lè m ap panse ak tout sa k te konn pase,konbyen fwa m do blese l lèm avèk on lòt,sa fèm mal. M gon w ray ki pran m,m nèk leve épi m tire tout sa k te sou chifonye a atè,m santi m ta detwi tout bagay,m santi m ta disparèt....

Peter: Yo man,sa k genyen? Poukisa w'ap kraze sa yo? Lage sa,ou fou!

M lage kò m atè devan kabann nan,si sèlman m te konn sa avan,m te ka evite brize kè l a chak fwa. E mwen ki te panse ke tout sèn Jalouzi sa yo te relye nan fèt ke m gen mennaj,m pral bliye l,epoutan.

Peter: Saw genyen bro? M pa renmen lè wap kriye konsa non,ou wè ou fann men w a biblo yo,dim sak pase non.

Mwen: M son w avèg......on egare......on enbesil.

Peter: Sa k fè wap di sa menm?

Mwen: Pandan tout tan sa m te avèg...Moun ke m pa janm vle anyen mal rive a,se mwen menm ankò ki tap chita plante on pil kouto nan kè l....M santi m wont...M fè l mal alòs ke m te toujou vle pwoteje l épi pi gwo danje l se te mwen menm.

Peter: Poko,poko! La wap pale de ou ak Daniela pavre? Sak pase menm?

Fraz sa menm di m pè di l tèlman m wont,tout tan sa l te swaf épi m tap plede ba l manje. Li te toujou renmen ret bò kote m épi mwen m te konn ap di l ke l te twò atachant,li pat merite tout bagay sa yo.

Mwen: M pase tout tan m ap blese l san m pa konnen. Si sèlman l te di m sa pi bonè,sa t ka evite anpil bagay .M pa t janm imajine....Bro Daniela senyen kè m an menm tan ak pa l la,tout tan sa yo li renmen m,li pa janm di m sa.

Peter: Ay fout! Zen an melanje! M te sispèk sa wi.

Mwen: Kounya wap pwouve m ke m te avèg vre.

Peter: Non pa vrèman. Se jis ke nou zanmi lontan,ou met kèk aksyon l sou sa. Men li te sifi pou w wè Jan l ye avèw,li toujou ap mete w devan,ou pa sonje lè n te fè aksidan,jan l te enkyete? Bon pou ou men pa pou mwen. Épi Jan l te konn Jalouz lè w te konn ak Vanessa.

Mwen: Wi m te konn remake men m tap fè parèy,tèt fè mal li se tèt fè mal mwen tou.

Peter: Hmmm sa n pral fè kounya la menm?

Mwen: M pa konnen.

Peter: Non,m pito ri koze sa! Bagay sa sanble a yon blag. Plis ke 12 zan amitye pral kraze,lanmou kraze akoz de lanmou. Gad de detay mesye!!!

Mwen: Pa fè blag a sa non man!

Peter: Ok,ok,banm netwaye atè a pou ou avan manman m vini. Woy épi,sa n pral di l menm? Wap di l ke w te endispoze?

Mwen: Si m di l sa l pral enkyete épi fòm ta di l Poukisa. Si Dani te kenbe sa sekrè tout tan sa,m paka ap plede divilge l konsa,sa pap fèl byen.

Peter: Ou genlè te konn tout sa k Pat fè l byen sof Mhmm. Patnè yo pa ladan tou?

Mwen: Espre w fè?

Peter: Oh e mande m mande wi! Banm al dèyè on bagay pou m ranmase sa yo,oumenm al netwaye men w épi chanje pantalon,san tonbe sou li.

M Pat menm wè sa menm,ni tou m Pat santi si m blese. Si sèlman ou te ka transfere de blesi ou gen anndan,pa deyò. Kounya sa m pral fè? M pa konnen,m pa wè monte,m pa wè desann. Épi fòm ta pale avèl men m pa wè kòman,ni ki kote m pral jwenn a kouraj pou m kanpe devan l,ni kòman m pral gade l nan je. M pap gen kè pou m kraze relasyon nou,map fè l plis mal ankò. Pandan ke m te panse ke m te pi mal,m te santi m pi brize kè yo tout Aprè sa Vanessa te fin fè m nan,men l tap soufri plis ke mwen,soufrans pa l la pa gen non men se pa totalman fòt mwen,m Pat konnen,m Pat janm wè bagay yo konsa.

Peter: Friendzone!

Mwen: Kisa?

Peter: Friendzone,lè w renmen zanmi w e ke ou pa janm di l sa.

Mwen: Aaah bay vag non konpè!

Renmen moun ki renmen wWhere stories live. Discover now