Chapit 22

76 13 7
                                    

Nan po Richard

Sa fè de jou depi m la,m ap eseye bliye san pou otan rive fè sa konplètman,men m ranje kòm pou m parèt nòmal,pou moun pa poze m kesyon. M chita nan chanm nan map gad on ti vidéo sou YouTube,m tande pòt la frape épi Alphonse parèt.

Alphonse: Gen yon ti baskèt dèyè sal pawasyal la,met mayo sou ou ann al distrè n non.

M depoze telefòn nan la, m al nan valiz la,m pran yon mayo épi m fè dèyè l. Kote a pat two lwen donk nou ale apye. M pa two fò men m ka degaje m,omwen ma fè yon kout chanje lide m. Lè m rive,gen nèg ki te kòmanse ap jwe,nou tou antre ladan tou.

Nèg yo gon w Jan yo takle di epi yo jwe kou moun ki gen chen dèyè yo,apèn si m manyen boul la on 4 fwa yo. Apre kèk minit m kòmanse tyipe,nanpwen jwèt nèvan konsa,banm ti foutbòl mwen mwen menm!

Alphonse: Yo Richard,saw ap fè konsa menm?

Mwen: Fòtadi nou pran posyon majik ki nan fim Obélix la! M paka jwe konsa non mwen,nou fè tèt mwen vire.

Li kite tèren an,l rele m vin dèyè l,nou al chita sou yon ti bout mi.

Alphonse: Ou byen sanble gen yon pwoblèm,saw genyen menm? Mennaj ou ap twonpe w? Li kite w? Ou dwe moun? Di m non,ou mèt pale wi.

Mwen: Non pa vrèman?

Alphonse: Ebyen sak pase menm? Epa konsa ou konn ye non man,m konn ou se yon nèg poze men Jan m wè ou ye la,m paka konprann ou ditou,se kòmsi kò w la,lespri w pa la.

M pase men nan figi m épi m gad nèg yo sou tèren an,petèt ke si m pale avè l li te ka ede m santi m mye,bon sa pap koute m anyen pou m eseye.

Mwen: Bon,ton Alphonse,epa on bagay m renmen rakonte non. Jis m ka diw ke m sot nan on vrè fim,bagay sa yo toumante m e manje yap manje lespri m. M te gen on mennaj,m te renmen l vrèman,men lèm te vin sot lopital Aprè aksidan,apre on ti tan li di li ansent...

Alphonse: Ooooooh! Pat gen kapòt menm? Saw fè ak ti dam nan?

Mwen: Non timoun nan Pat pou mwen,malgre sa l te dim pou m ede l avèl on fason pou m kouvri sa men m Pat kapab,sa te fè m twòp mal,m te vin Pat vle wè l ankò.

Alphonse: Hmmm ou gen rezon kou on moun mò pete sou li a!

Mwen: Aaaah bon sa poko janm anyen la,gon w lòt bagay ki pete fyèl mwen pirèd.

Alphonse: Toujou!

Mwen: Ou konn..ee..zanmi m nan wi,ti dam m toujou avè a. M konn met foto l sou stati m,ti dam nwa ki ret pi ba lakay la,on lè ou te vini l te la.

Alphonse: Wi wi,ti dam nwa a,sa l genyen limenm?

Mwen: Monchè tonton...

Alphonse: Ou konn m rayi lè w ap rele m tonton an,wa fè m santi m granmoun wi man.

Mwen: Woy m bliye! Wi,mwen avèl nou zanmi depi piti,nou leve ansanm,li reprezante on pil bagay pou mwen,li se grenn sè ke Manman m ak papa m Pat banm nan,anfin de je nan tèt mwen. Saw konnen k rive?

Alphonse: Bon m pa konnen non,map tann ou fin di m.

Ouffff m soufle avan koz son w bonm m prale la.

Mwen: Se tou dènyeman la m aprann ke manzè renmen m,pandan tout tan sa yo l Pat janm di m sa. M te tèlman sezi,bon atò endispoze m endispoze,tèlman m pat janm panse ke on bagay konsa te ka rive. Map imajine tout sa m te konn fè devan je l,konbyen fwa m te blese l san m pa konnen alòske m Pat janm vle moun fèl mal épi m wè se mwen ankò kap fèl sa. M di l tout afè m,li konn tout mwen menm,se sak plis tiye m nan.

Alphonse: Bwa mare nan men w vre? Kounya sa k rive menm? Sa amitye nou devni?

Mwen: Se sa k pi gwo pwoblèm mwen la! M pa konn sa pou m fè avèl,li di m pa abandone l,sa ap fè l plis mal,e mwen lè m bò kote l m santi m mal,m santi m koupab,m pa menm ka gade l nan je. M pa wè si pou m monte,si pou m desann.

Alphonse: Lè w pre l,li santi l byen,lè w pre l,ou santi w mal. Bagay la iwonik wi! Men la,pwoblèm nan se ou,paske w pa konn saw vle vrèman pou moman. Eske ou toujou renmen ti dam sa ki te ansent lan?

Mwen: Bon m te menm bliye moun konsa menm si e pa ou ki te fè on ti kout panche sou sa.

Alphonse: Ki vle di ou pa santi anyen pou li ankò?

Mwen: Bon,m paka reponn klèman ke non men l pa nan panse m kòm avan ankò. M jis santi vid ke l kite a.

Alphonse: E lòt la? Eske w renmen l?

Nan ki koze misye ap antre m la menm! Ki mòd kesyon sa yo?

Mwen: Wi ,men se pa menm bagay la!

Alphonse: Wi,men se de je nan tèt ou! Kidonk ou renmen l anpil e jan m konprann nan,pa gen moun ki konnen l pase w,ou konn sa l ka fè ak sa l paka fè. Si l te kache w sa pandan tout tan sa yo se pou yon rezon. Sèl Bondye ki konn sa l tap sibi,kounya l wè ou lib,pou li se maintenant ou jamais,li deside tante chans li.

Mwen: Wi men sitiyasyon sa anbarase m,map reflechi a tout Jan pou m pa fè l mal plis. Se pou sa m te plis sou vin la,men se kòmsi se lave men siye atè. Li ante m tout Jan,m toujou ap panse a li,le swa sa pi rèd,le maten menm e sou non l m leve,franchman m kòmanse bouke!

Alphonse: Ah bon! La se ou kap goumen ak bagay yo. Ou pa vle l soufri plis,men si w pala l pap an jwa l gentan two abitye avèw. Sèl sa ou ka fè pou li se ret bò kote l.

Mwen: M konprann saw di a men m pa wè kòman,tout bagay chanje kounya,pap gen zafè zanmi ankò.

Alphonse: Et alors! Sa kap gen nan sa? Anyen mal,dèfwa de bon zanmi konn vin fè on bon koup Sitou ke nou youn konn lòt byen.

Bon,men l mare kat la nan menm! On bò l gen rezon men m pa wè kote m pral pase. Franchman bagay sa ap fè m fou!


Mezanmi na eskize m pou tout reta sa,m pa ekri souvan ankò,e pa fòt mwen Non,nou konn sitiyasyon an! M espere ke m konble atant nou,bizou😘.

Renmen moun ki renmen wWhere stories live. Discover now