Pwològ

286 34 2
                                    

Mwen rele Daniela Roger, mwen gn 17 an, map fè reto.Map viv ak manmanm Denise Louis Jean épi gran sè m Smeralda Roger, papa m pap viv Ayiti nan moman.

Mwen pa gen anpil zanmi, se sèlman avèk Richard mwen alèz. Nou zanmi depi lè nou t nan 3zyèm ane fondamantal e li rete tou pré lakay la. Nou t preske toujou ansanm,men plis ane ap pase e plis m pa wè l kòm bon zanmi m ankò. M vin renmen l e m mèt di kem renmen l plis pase tèt mwen. M konn ke santiman yo pa pataje, li renmen m tou men se kòm yon bon zanmi,kòm yon sè menm.

Sa ap manje m,sa ap wonje m,m renmen l m pa ka di l sa,m paka pale de pè pou m pa gache amitye nou. Paske m pito l la avè m,menm lè lap fè m soufri, ke l inyore m,ke l pa vle m kòm zanmi ankò,oubyen ke l di m bliye l.

Li se paradi m ak lanfè m alafwa.Li toujou la pou mwen lè m gen pwoblèm, lè m tris se li k konsole m, se avèl mwen pataje kè kontan m, se youn nan moun ki pi chè pou mwen.

M'ap viv nan friendzone sa depi kèk tan,m'ap soufri an silans. M pa gen pesonn pou m pale...

Renmen moun ki renmen wOù les histoires vivent. Découvrez maintenant