Chapit 21

93 15 2
                                    

Nan po Richard

Depi yè lè l te fin ale a,m Pat two santi m byen. Bagay sa depase m,m kòmanse bouke. E si m kite kay la se pou m ka met lide m klè.

Manmanm: Richard! Ou pare deja?

Mwen: Wi manman,men map vini.

M bezwen tan pou m reflechi e sim ret la,ak Daniela tou pre a,se pral lave men siye atè. M fè valiz mwen,m pral fin fè rès semèn nan ka matant mwen Pòsali. Li gentan vin chache m sou machin ak mari l la,yo nan salon an ap pale a manmanm.

Mwen: M fini wi,nou ka ale.

Manmanm: An Ebyen pitit mwen,fè bòn wout. Pa fè matant ou pale m Mwen Non!

Matant mwen: Saw gen nan kò l la Oh Oh? Prete m pitit la pou mwen!

Manmanm: Si e pou m avè w li ye,fòm konnen wi!

Matant mwen: Ebyen - 3 wi nan kay la! On y va!

M al kot Peter pou m di l ke m ale,li pa fè kòmantè,m gentan wè ke li gentan devine pou ki rezon m pati vit konsa. M bo manmanm,m rantre nan machin nan m chita épi manmanm ap fè on dènye ti pale ak sèl. Matant mwen ak manmanm trè diferan,manmanm janti,li senp épi l renmen viv ak moun. Pa Kont matant mwen ki se ti sèl,nanpwen fanm pi zuzu ke li,sa sonw dènye tèt limenna,fò ta di yo pa sot menm kote. Mari l la rele Alphonse,misye koul anpil,yo gen yon tifi 4 an ki rele Alicia.

Alphonse: Chéri fè pi vit non,distans pou n rive l'ap gentan ta wi.

Matant mwen: Attends moi bébé,j'arrive!

Alphonse: Wooh Merline,rezone l pou mwen non,na bouyi zen n nan nan telefòn,bon encore une minute et je pars sans toi!

Manmanm: Wouy pitit nou fini. Roselène al jwenn Alphonse tande,avan kòn li pouse.

Matant mwen: Bon saw gen la menm cheri? Merline Babay chéri,na pale!

Manmanm: Ok seum! Nou fè bon vwayaj!

Yo chak fè 2 bo pou lòt épi matant mwen vin jwenn nou nan machin nan. Lè yo derape,m fè Babay ba manman m ak Peter. Épi Aprè m met tèt mwen bò vit la,map gad wout la san gade l,m te gentan byen lwen nan lespri m.

M mande tèt mwen kisa l pral panse? Koz m ale,m pa di l,li ka panse m fache avèl e ke m pa vle wè l. M retire tèt mwen bò fenèt la epi m pouse yon gwo kout soupi san m pa konnen.

Alphonse: Oooh sa w gen la patnè?

Mwen: M pa gen anyen non. M jis wè m kòmanse fè twòp tan chita,m Pat sonje wout la te long konsa non.

Matant mwen: Ebyen ou pap fè trajè Pòsali a Potoprens? Sa menm kite fatigan dèyè!

Mwen: M poko fèl non.

Alphonse: Ebyen ou pa bezwen plenyen non,nou pa ret anpil tan pou n rive.

Nou te gentan ase lwen vrèman,si sèlman m te ka ret avè yo pou plis tan. Bagay sa banm yon strès,tout aktivite vin annwiyan épi tout manje vin san gou. M santi m fatige!

Kèk minit Aprè,nou rantre nan Pòsali. Matant mwen Pa abite two lwen,nan katye pa l la plen on pil bèl kay,kòmsi se lotbò dlo ou te ye. Lè nou resi rive,m desann,kòm se ak yon sèl bèg m te ye,m voye l sou do m épi n antre. Alicia te ka vwazin nan,li nèk tande bri machin nan,li kouri vini. Li vole sou papa l,li bo manman l an apre l bo m.

Alphonse: Comment a été ta journée ma chérie? Ou Pat fè dezòd?

Alicia: Byen,kot saw pot pou mwen an papa?

Alphonse: Apa m pot kouzen w pou ou.

Alicia: Epa sa m vle!

Matant mwen: Sa w vle la menm?

Alicia: Je veux des bonbons!

Mwen: Vin pran non,m te pot bonbon pou ou wi.

M lonje on sachè bonbon ba li,li pran l,li kontan épi l kouri al jwenn manman l.

Matant mwen: Tu ne dis pas merci? Dis merci à ton cousin Richard.

Alicia: Merci cousin Richard.

Mwen: Il n'y a pas de quoi!

Matant mwen: Richard surman ke ou fatige,al repoze w nan chanm nan non,gade demare pyew,fè saw vle,ou tankou yon etranje a.

Mwen: Ok matant.

M pran valiz mwen,m al depoze l nan chanm ki pa okipe a. Lè m wè m pa gen anyen pou m fè ankò. M al nan kizin nan,m ouvè frijidè a,m tonbe sou on pil ji tout kalite,surman pou Alicia. An palan,m pa konn kote l soti li vin kanpe dèyè m nan.

Alicia: Saw ap fè nan frijidè manmanm nan la?

M Pat sou sa men m tonbe ri,sak fre a lap tòde kò l.

Alicia: Ou mèt bwè ji wi,banm al chache pen pou ou.

Épi saw tande a l deplase tou wi! M vire,m chwazi yon ji épi m al chita nan salon an,m limen tele a.

Alicia: Men pen an Wi!

M wèl lonje on gwo sachè banm,ki gen plizyè pen.

Mwen: Mèsi ,men m pa bezwen tout pen sa,al met rès la la pou mwen.

Alicia: Wap manje tout wi,sinon papa m pap soti avèw.

Mwen: Tout pen sa?

Alphonse: Sa n gen la?

Alicia: Papa pa soti avè l,li pa vle manje tout pen an.

Alphonse: Men li paka manje tout sa chéri,al jwe non,kite l anrepo l.

Li pran pen an épi l pran men Alicia,l ale avèl épi mwen ret chita devan televizyon an. Rive kèk minit,e tele à ki tap gade m epa mwen ki tap gade l. Depi m fè sa m poukont mwen,m toujou lwen,lespri m toujou okipe.

M rale telefòn mwen,m rele manmanm m di l nou rive épi m leve,m etenn tele a Aprè m al benyen. Kou m fin benyen,m chanje m épi m kouche. M pa konn lè domi pran m. Se matant mwen ki vin leve m pou m al manje.

M rive devan tab la m chita,map gad manje a,manje a ap gade m,sa k pi du a,sonw dire kole a pwa wouj ak sòs vyann bèf,manje m pa rayi sa,men pou moman an,m pa kò m grangou.
M kòmanse manje men kou asyèt la demi,m santi m paka pran ankò.

Matant mwen: Sa vle di ou fin manje la? Kot sa m ba ou a ou paka fin manje a Richard? Ou gen yon pwoblèm?

Mwen: Non,m Pat two grangou,vant mwen gentan plen.

Matant mwen: M remake kew pa nan bòl ou,ou son w timoun poze men epa nan nivo sa m wè ou ye la jodi a,ou sur kew pa gen yon pwoblèm? Epa konsa ou konn ye non!

Alphonse: Kèk tifi kap bal pwoblèm,oubyen e paske lap fè kèk ti jou lwen mennaj li a,m manti Richard?

Mwen: Epa sa non!

Alicia: E pen an li Pat vle manje a wi.

Tout moun tonbe ri,kounya m tonbe rakonte matant mwen istwa pen an,esa k sove m anba pil kesyon an yo.

Mezanmi kouman nou ye? Strès ale ak tout enspirasyon m  mezanmi,esa k fèm ap plede pibliye ta konsa wi,epa fòt mwen.

Épi apa m pa wè nou kite kesyon yo pou mwen,pou chapit bonus lan? Si nou pa fè l map kite l wi mezanmi.

Épi kòm liv la nan wout fini,map tou kòmanse remèsye tout moun ki toujou ap li m yo,ki pa janm pap ankouraje m,san nou m patap kontinye live sa,mèsi épi boul lanmou pou nou!

Renmen moun ki renmen wDonde viven las historias. Descúbrelo ahora