chapit 28

42 7 11
                                    

Nan po Daniela

Kounya m santi m tankou on ti pwason ki te sou sab lan ki resi arive al nan lanmè a. Lè lekòl nou ret diskrè,nou jis ansanm nan rekreyasyon,apre nou pale nan telefòn lè nou pa wè. Oh Jezi,m gen mennaj! M santi m ta kuri al nn lari a,m ouvè de bra m epi m di sa,paske pou mwen sonw delivrans,men ya pranm pou moun fou,kè kontan twò fò sou mwen.
Anivèsè m pral rive,papa m voye 100 dola pou mwen la,m poko wè sa m pral fè non. Fòm ta fè on ti bagay a manje epi achte bwè pou mesye yo,ane sa m vle gato,em poko achte rad,si m byen reflechi,lajan pa ase. Bon ma kite kèk bil pou manmanm,fòl ede m tou.
Banm al gad si m ka etidye de fèy leson,m kite yo moute twòp sou mwen.

Aprè kèk tan ankò,dòmi vin nan je m,m kite leson yo,m monte kabann mwen m kouche. Pandan m lwen nan ti domi an m tande telefòn mwen ap sone,lè m leve m gade,m wè e Richard.

Mwen: Alo bby!

Richard: Ou te nan dòmi?

Mwen: Wi m tap fè on ti repoze m,sa wap fè la?

Richard: Anyen non,m chita kounye a la m di banm rele w kòm m wè ou pat ekri m.

Mwen: Anh,m tap etidye apre m fonw ti dòmi,m te gentan manke w?

Richard: Oh wi! Ou sevre m depi m maten. Ou pa gen anyen ou pral fè pita? Ann soti non?

Mwen: Ki kote wap mennen m la?

Richard: Ou poko janm di m siw ap disponib lan non.

Mwen: Wi m kwè sa.

Richard: Ebyen pare w,bò 5h map vin chache w,a pita chéri.

Mwen: Ok boo.

M depoze telefòn nan,m retounen kouche ankò. Lè m pantan,li 3h,kounya m al fè sa m te gen pou m te fè pou m ka al pare m. M voye on mesaj ba li pou m di l m pral prepare m,li reponn ok.
Manmanm wè map met rad su mwen,li jis gade m li pase l ale. Tèt mwen kou nich poul epi gel mwen fini,donk m bwose cheve m ak ti dlo epi m rale on chou,m tande l klaksone deyò a.

Mwen: Manman m ap vini,m soti ak Richard.

Manman m: Piga kont sèlman!

M soti,m salye l epi m monte moto a. Nèg la fre epi l santi bon,esa m renmen nan li a,m jis paka reziste a sa.

Mwen: Kote n pral la bby?

Richard: Lè w rive wa wè chéri!

M pa two renmen sipriz non mwen menm,kot sa l paka di m la. Bon si l ap travèse pon an,se ke nou pral swa jele, tòbèk oubyen petèt on kote lagodre. Aah donk se jele!

Mwen: Ou te ka jis di m nou pral jele.

Richard: Men sa patap chanje gran choz a mwen ke ou pa renmen l kounya.

Mwen: Non,ça va.

Lè n rive,li mennen m al chita nan on ti bar resto.

Richard: Bon,sa wap komande? Mwen e pwason m vin manje la,nap pran on ti pwason boukannen a on ti bannann?

Mwen: Depi esa w vle,e li m vle tou,pa kont pran on sèl pwason koz m pa fin renmen l twòp boukannen an.

Richard: Madmwazèl silvouplè! Pare on ti pwason boukannen ak on ti bannann fri pou nou silvouplè,donk on sèl pwason,wa mete yo nan on sèl asyèt.

Tidam nan: Ok,fè yon ti tann nou,nap jere sa detan.

Richard: Dakò,mèsi.

Mwen: Ou sonje lè n te konn vin la lè n te piti?

Richard: Wi m sonje on lè fèt,ou te kriye pou yo mennen w lakay ou paske te tonbe bò pon an.

Mwen: Aaah gad sa w sonje!

Richard: M sonje on pil ankò! Men bon! An pasan,ou konte fè kisa pou anivèsè w?

Mwen: M poko konnen non,men m te jis panse a fè yon ti fritay lakay la.

Richard: Si w soti pito lap mye,mwens fatig epi ou pa pral nan depanse poukont ou.

Mwen: Ide sa pa mal tou non,m genlè ap fè sa pito.

Richard: Wi,bon e mwen ki pou panse pou ou,ou paka ret san mwen non!

Mwen: Epa tout lè non,si w fè referans ak sa k te pase a,sa sonw lòt istwa.

Richard: Anh ebyen m mèt kite w alors?

Mwen: Fwa sa m tap touye w avan,apre m touye tèt mwen,m pata pral kite w boo. Ou wè jan m renmen w?

Richard: Chache wap chache m la! Jan lavi dous! Kounya la gad kote ou te manke kite m poukòm la,epi on ti bagay byen senp ou te dwe fè.

Mwen: Si m te diw sa byen avan,saw tap fè?

Richard: M pa konnen,men sèlman bagay yo pa tap janm pase konsa cheri. Sak di a preske tout kote m prale,m trennen w dèyè m,map plede prezante w mennaj mwen,men ou gen fyèl! Omwen on jou ou ta fè kòlè ou omwen on jès siyifikatif,si gen 5 moun sou tè sa ke m tande konn ou se youn ladan. Aah nan plas ou m pa tap aji konsa non,m tap jis di sa,si w pran distans m tap ret nan wòl mwen.

Mwen: Pa vin remuer le couteau dans la plaie la non,m konnen w wi! E paske w pat nan sitiyasyon an,konprann ke w se on gason e m sonw fi,nou patap janm reyaji menm jan chéri. M ka gendwa te di w sa epi san konnen ou pwofite de mwen wi. M te jis kenbe sa pou mwen,m paka di ke m te pral eseye bliye w kot on lòt,e grimas m te pral fè. Tank ou fèm kriye,tank m renmen w plis.

Richard: Oooooh c'est jolie! M santi m ap fè zèl.

Mwen: Mèd!

Ti dam nan pot manje a epi nou kòmanse manje,apre nou chak pran on gazez.

Richard: Kwè w pat vle pwason,epi w chita ou manje l?

Mwen: Ou gon w pwoblèm?

Richard: Oh non! E la femme! Tout sa n fè bon.

Mwen: M pap okipe w!

Richard: Ou fini ebyen ann al pi wo non.

Li peye epi n leve nou fè sou plaj la,li pran menm epi nap mache bò lanmè a. Nou rive on kote nou kanpe epi l kanpe pa dèyè m li pase de men l sou vant mwen li sere m. M santi m byen,van ap vante nan figi m epi m fèmen de je m,li bo m bò kou.

M te toujou konn li takinan nan sans sa,menm lè ou wè l gonw ti figi anj,pa kouri sou li konsa.

Mwen: Ou pap kite oumenm!

Richard: Kite poukisa? M anvi fè on bagay,m jis fèl oh oh,epa madanm mwen ou ye.

Mwen: M pat di sa pou sa non.

Richard: Ou an soudin,ou byen renmen sa,wap pran ti pòz ou.

Mwen: Mwen k te di w sa?

Richard: Ou pa bezwen di m sa non,ou jis gen on ti souri an kwen ou bay,ou pa menm ka gade m nan je menm. E sak fè lè konsa chak lè m gade w m anvi ri.

M tonbe ri paske li on ti jan gen rezon,defwa epa timid m ta timid non,se jis sitiyasyon an,e vrèman m paka gade l nan je two lontan.

Richard: Ou wè sa m tap di w la!

Mwen: Wi men se jis konsa,epa mwen k vle l.

Li souri epi l koke m,mwen m jis sere l pi fò epi m fèmen je m pou m ka respire pafen l.

Renmen moun ki renmen wWhere stories live. Discover now