Chapit 2

168 38 4
                                    

Nan po Daniela

Nan demen dimanch lan,m leve,m pwopte kay la épi m prepare m pou m al legliz ak moun nan kay la yo. M te leve on ti Jan bonè paske yèswa m pa t two dòmi swit ak sak te pase a. Chak fwa m fèmen jem épi dòmi à komanse pran m,yon sèl fraz ap plede pase nan tèt mwen tankou yon kasèt: "m prezantew mennaj mwen Vanessa".

Manmanm: Tifi epa avè w map pale a? Epa tanndat m di w lonje men w pran bous la pou mwen,ou kanpe la ou pa okipe m. Ou toutan nan lalin,map konn saw gen sou kont u wi kifè wap plede panse konsa.

Epoutan manman siw te konnen! Mhmm... M gen on chay ki two Lou pou mwen ke map pote,men domaj pesonn paka ede m pote l.

M rive legliz,kòmsi pè a e espre l fè,l i tonbe preche sou renmen.M koute atantivman jiskaske lamès la fini.

Lè n rive lakay,mwen ak Smeralda fè manje a.M t kite manje pou Richard paske m konn lap vin talè.Kèk tan apre Richard parèt.

Richard: Bonswa Dani, kòman ou ye?

Mwen: M anfom e oumenm?

Richard: M byen wi.

Mwen: M te kite manje pou ou wi,sèvi w kounya oubyen apre nou fin travay?

Richard: Moun ki pa konnen a di e nan visye m vin lakay ou a wi loll. Ebyen banm manje a non ma fè dijesyon sou matematik la.

Li fin manje apre nou atake matematik la. M pa fin fò men bon,m ka degaje m.

Nan po Richard

Maten an m chita nan sal la,m la m pa la,mèt la ap pale,m tande men m pa konprann.

Mèt la: Qu'est-ce qu'une molécule minérale?
Une substance minérale est une substance dépourvue de carbone réduit.Elle correspond ainsi à toutes les substances présentes à la surface de la planète avant l'apparition de la vie.

Bagay serye,li reprann tout sa l di a an kreyòl,m pa konprann pirèd,si e Pat kèk ti demonstraksyon l te fè,m t chire.Bon apre 2èd tan yo sone,m soti ak mesye yo épi nou pase chache frè m nan paske se segond l'AP fè épi nou desann.

Mwen: Nou prè pou ekspoze fransè a mesye?

Casimir: Prè se rans,dat m nan otè sa yo.Ebyen m pa tap kenbe anyen ankò?

Jeff: Gen pou wè l rive devan li tonbe radote wi.

Casimir: M gen pou m fò w respekte m wi,poze w!

Lè yo sone nou monte,touswit se pral ekspoze a.Sijè a se Présenter en bref  un des écrivains Haïtien.

Jeff: Oswald Durand,de son nom complet Charles Alexis Oswald Durand était un écrivain et poète Haïtien d'expression française et créole,considéré comme le poète national d'Haïti. Oswald Durand est le parolier du chant National:"Quand nos aïeux brisèrent leurs entraves" qui fut l'hymne national Haïtien de 1893 à 1904.

Mwen: Antoine Dupré,dramaturge et poète Haïtien,il à publié l'un des premiers poèmes et l'une des premières pièces de théâtre de l'Haïti Indépendante.Il est principalement connu grâce à ses poèmes "Hymne à la liberté et le rêve d'un Haïtien" ainsi que ses pièces de théâtre "La mort du général Lamarre et la jeune fille".

Casimir: Juste Chanlatte fit ses études à Paris au collège Louis-le-grand.Quand il revint en Haïti,il devient le rédacteur politique officiel de l'empereur Jean Jacques Dessalines.À la mort de l'empereur,il passa au service de Pétion.

Gadon w Casimir mesye! Li pran sa k pi fasil la,mafya sa! Omwen li ta pran Coriolan Ardouin.Pita ti mesye yo ap vin lakay la pou n kraze on syans sosyal la.

Detan nap etidye,nou ba Peterson fè manje pou nou.Lè manje a pare nou pran on ti poz,nu manje épi kòm anndan te fè cho,nou soti anba galri a.

Casimir: Peter menm,ou pa t wè manje a manke sèl?

Jeff: E zonbi!

Peterson: Lè n fin manje l la nou wè sa? Épi epa fòt nou non,nou te jwenn mwen fèl pou nou.

Mwen: kounya wa p okipe Casimir ki pa menm ka fri on ze a?

Casimir: E poutèt sa manman m ak papa m banm 2 gran sè wi.

Jeff: Mesye ann kontinye tande,m poko menm fin kenbe avan dènye pati a.

Nou rekomanse etidye,Peterson te chita nan on kwen anba galri a l'AP etidye tou.Kou n fin fini dènye pati a,m tande Casimir di:

Casimir: Peter men Angeline! Debleye,debleye!

Misye pa menm gade menm,li lage liv la atè a épi l kouri antre.Lè m voye je m,m pa wè pesonn.Se lè Casimir pete yon kout eklari,m vin konprann.

Casimir: Annmmwweeyy men Peter ap kouri pou fanm!

Jeff: Ou mèt vini monchè! Li wè w pa la,l ale.

Mwen: Ti dam nan pa t la vre non man,eta sa ou te ye la bro?Si yo te di m,m pa tap kwè non.An ou kouri pou on sè levanjil?

Peterson: Gade Casimir M pa nan radòt avè w tande! Misye fèm kouri pou granmesi,kounya la si m t deranje kòm la? Epa tout jwèt pou fè a moun tande konpè.

Casimir: Padon labouyi,m pa t konn siw te cho,m ta pran w akote,men domaj ou kouri pou kiyè a.

Jeff: Men ou pase dwèt ou kanmèm wi.

Peterson: M pa tap kouri non,e jan Misye di m debleye a wi,tankou kèk moun ki annafè,polis vin chèche wi.

Casimir: Li gen pou l vin ak tout Pastè a la,vin priye pou ou.

Peterson: Monchè vouzan edmi tande!

Peterson te fache prèt pou pete,an apre li vin relax épi l tonbe ri.

Mwen: Jeff  Ou pa di n kòman so matirin nan te ye non.

Jeff: Aah bèl ti kote Man,Chit dlo a bèl men wa frèt pa w,m te tou antre nan santral idwolik la tou.Yo esplike n kòman yo fè pou yo itilize dlo kap sot nan so a kòm sous enèji pou yo bay kouran. M pa regrèt non baz!

Casimir: Nòmal,fanm nan mete w soumoun!

Jeff: Egri kap megri blòdè! Li pwomèt mwen pwochèn fwa n'al kanperen,lap mennenm Maznòd apre nou pral lapriz.

Peterson: Gwo dosye!

Lè nèg yo sou serye,yo serye wi,men zafè pou yo pa jwenn on fason pou yo anmède w la e bliye sa.Sitou pou Casimir,si w pè fawouch ou paka ret kote l.Men nou toujou ansanm,yo se pi bon patnè m apre frè m nan.

Kouman nou ye,kouman nou ye? Kòmanse vin banm inpresyon nou sou chapit la.
M konn ke kèk kote nap fatige paske majorité sèn yo an rapò avèk lekòl men se nan pwen sa m ka rete.
Pa bliye!
#Vote
#Kòmante
#Pataje.

Renmen moun ki renmen wWhere stories live. Discover now